Entradas

Mostrando entradas de febrero, 2026

Libera

 lanp eternel  pouw chante libera wap bezwen avan tout bagay monter yon lanp eternel yon lanp delivrans. Pa bliye se lanp lan ki pi enpòtan nan tout bagay yo. kijan wap monter lanp lan. lanp les morts fèt senp. ou bezwen yon ti kivèt blan emaye oubyen yon gwo bòl. lanp lan paka piti paske fòt li dire valè jou wap chante libera. wap bezwen lwil manje, ak dlo ak koton. wap vide un peu dlo nan kivèt la wap vide diri blan epi wap vide anpil lwil manje epi wap achte etwal yo vann pou mèch chita nan botanica oubyen nenpòt kote yo vann bagay maji. wap fè yon mèch ak koton. mèch la byen fasil. se just pran yon koton epi woule yon pati nan coton an fèl fè pwent pouw ka limenl. metel chita sou etwal la epi metel ap naje sou lwil la epi limenl. li supoze rete limen pou juskaske w etèn li. pa bliye ajoute lwil plus lanp lan ap boule paske lwil la ap fini. pou lòt engredyen ak lòt kalite lwil ou ka mete, se plus pou moun ki konnen deja pa bliye gen yon pè savan kap vin prezide travay la po...

Asogwe

 Asongwe (Prèt/Prètès Asogwe) Asogwe a se nivo ki pi wo nan yerachi inisyasyon an (souvan yo rele yo Oungan Asogwe oswa Manbo Asogwe). Asonson an: Yo resevwa "Asson" an (yon kous ak grenn ak klòch) ki se senbòl pouvwa ak otorite espirityèl la. Otonomi: Yon Asongwe gen dwa pou li inisye lòt moun, sa vle di li ka fè moun kouche kanzo epi ba yo asonson tou. Konesans: Yo gen sekrè konplè sou seremoni yo, jan pou yo mare ak demare pwen espirityèl yo, epi yo gen otorite sou tout lòt inisye ki nan nivo pi ba yo. 2. Makousin (Oungan/Manbo Makousin) Yon Makousin se yon prèt oswa yon prètès tou, men fason li travay ak fason li te inisye diferan. Tradisyon Fanmi: Souvan, Makousin yo pa pase nan gwo pwosesis "Asogwe" a. Se moun ki pran sèvis yo nan men fanmi yo (eritaj). Zouti travay: Yo pa sèvi ak Asonson pou yo kòmande lwa yo. Yo konn sèvi ak yon boutèy ak yon krich, oswa yon ti klòch (clochette) pou yo rele lwa yo. Limitasyon: Yon Makousin ka sèvi lwa li yo trè byen, li ka g...

Kalandriye vodou

  KILE ANE MAJIK LA KOMANSE Li kòmanse nan ekinoks prentan ki se vle di 20 à 21 Mas se na peryòd ekinoks prentan tout enèji yo ap renoouvle nan la nati ENÈJI CHAK PERYÒD NA ANE A Nan chak mwa gen yon enèji ki vibre ladan’n 21 Mas 20 AvrilEnèji Ogou Badagri 21 Avril 21 MeEnèji Ezili Freda 22 Me 21 JenEnèji Marara 22 Jen 22 JiyèEnèji Kouzen Zaka 23 Jiyè 22 OutEnèji Ogou Feray 23 Out 22 SeptanbEnèji Ezili Dant-Or 23 Sept. 22 OktòbEnèji Ti Jan Petwo 23 Okt. 22 NovanmEnèji Bawon Samdi ( ki vle di sam di se sa) 23 Nov. 21 DesanmEnèji Ogou Balendjo 22 Desanm 20 Janv. Enèji Damballa 21 janv. 19 FevryeEnèji Loko Atyasou 20 Fevrye 20 MasLegba Atibon

Kalandriye vodou

  KILE ANE MAJIK LA KOMANSE Li kòmanse nan ekinoks prentan ki se vle di 20 à 21 Mas se na peryòd ekinoks prentan tout enèji yo ap renoouvle nan la nati ENÈJI CHAK PERYÒD NA ANE A Nan chak mwa gen yon enèji ki vibre ladan’n 21 Mas 20 AvrilEnèji Ogou Badagri 21 Avril 21 MeEnèji Ezili Freda 22 Me 21 JenEnèji Marara 22 Jen 22 JiyèEnèji Kouzen Zaka 23 Jiyè 22 OutEnèji Ogou Feray 23 Out 22 SeptanbEnèji Ezili Dant-Or 23 Sept. 22 OktòbEnèji Ti Jan Petwo 23 Okt. 22 NovanmEnèji Bawon Samdi ( ki vle di sam di se sa) 23 Nov. 21 DesanmEnèji Ogou Balendjo 22 Desanm 20 Janv. Enèji Damballa 21 janv. 19 FevryeEnèji Loko Atyasou 20 Fevrye 20 MasLegba Atibon

Awoussa

  AWOUSA Nou konn abitye tande mo sa deja kote yon moun konn rete li di *Jodi a Awousa pase sou mwen* sitou moun ko leve Pòtoprens yo. Tout sa w pa t konnen. An Ayiti anak te souvan gen yon dimansyon mistik. Moun ki te konn eskwoke lòt souvan pa t janm senp daprè kwayans popilè a. Pou te jwenn esplikasyon mistik avèk pratik malveyan sa yo, nou jwenn tèm tankou awousa, titalbè, bosou, baka, epi dyèg. AWOUSA : Se yon moun ki itilize pouvwa mistik li pou vòlè yon lòt. Moun ki gen pwen awousa gen kapasite pou konnen kote kòb la ye, souvan gen nan yo ki tou konn konbyen kòb ki sou moun nan. Pou yo anake w yo angaje yon konvèsasyon avè w. Yo ka mande w lè, yon adrès, oubyen di viktim nan li gen pwoblèm mistik yo ka ede w. Konsa ou tou ba yo aksè pou rale kòb la sou ou. TiTALBÈ : Sòti nan non yon liv maji ki rele "Petit Albert", moun ki gen titalbè a pa twò diferan de awousa, sof ke se avèk priyè li sèvi pou ipnotize moun nan. Yo konn ofri w boul bòlèt, fè w ba yo bijou ki sou ...

Enpòtans latrin

 Ou konn tande granmoun yo di lè w fè vye rèv se nan yon twalèt pou ale esplike l MOVE RÈV DWE PALE NAN LATRIN🚽: Lè w pale yon move rèv nan twalèt, avèk ki lespri ou adrese w ? TOUT SA W PA T KONNEN SOU LESPRI LATRIN. Selon tradisyon ayisyèn nan, lè yon moun fè yon move rèv (cauchemar) li dwe al rakonte l nan yon latrin avèk je l san lave avan l pale ak moun. LATRIN SPIRITYÈL  Twalèt antan ke yon espas pou moun dechaje yo antre nan kwayans popilè a tou, kòm yon dechaj spirityèl. ESPRI KI ABITE NAN LATRIN  Kwayans lan menm etabli yon yerachi espri ki abite epi k ap dirije depotwa yo. Gen kwayans ki rele lespri prensipal la Sen latrin, nan kèk rejyon yo asosye l ak Marinèt.  BAYAKOU  Daprè kèk moun se espri sa bayakou yo konn rele pou mande pasaj ak pwoteksyon avan yo desann nan yon fòs latrin.  Se youn nan rezon ki fè anpil moun souvan kwè bayakou yo pa senp. LÒT RITYÈL YO FÈ NAN LATRIN (Sèman, Ben-y giyon) Se pa sèlman move rèv yo pale nan latrin. Gen moun...

Resèt pwoteksyon Ogou Badagri

 Resèt pou pwoteksyon Jodi a nap baw regleman sa sou demand papa legba ak ogou Badagri.  regleman sa ka fèt nenpòt jou nènpòt lalin.  Ou menm ki gen enmi kap travay kont ou ebyen ou menm ki chaje moun kap fè nenpòt konplo sou do ou ebyen jodi a fè regleman sa.  wap toujou prevwa tout sak pral pasew nan antoutaj ou nan dòmi kou zye klè ogou batagri ak legba ap moutrew moun kap travay kont ou an.  wap bezwen  ▪︎yon lit dlo kap koule nan yon sous oubyen dlo ki trete. ▪︎3 men jiwòf sanw pa kontrole grenn yo.  ▪︎yon grenn kakawo.  ▪︎yon grenn digo yo konn lave a oubyen poud digo a.  ▪︎wap bezwen yon pilon epis pou pile tout bagay sa yo ansanm.  Lè w fin pile yo w'ap jis vide yo nan bidon lit dlo a.  Souke bidon an byen souke nan 4 pwen kadino wap reklame proteksyon sou tout konplo e pou wè a klè nan non ogou badagri ak legba tout sa yap fè mal kontre ou.  Ale nenpòt kote sekrè depoze bidon an yon kote pou 7 jou.  Sak pral fè 8t...

Gad

 Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè.  ▪︎Simbi Makaya  ▪︎Gran bwa Lilèt ou Djab kriminèl  ▪︎Lenglensou basen san ▪︎Lenmba Zaou ▪︎Marinèt pye sèch  ▪︎Èzili mapyang  ▪︎Ti jan pye sèch  ▪︎Wa maj yo ▪︎Ouangòl ▪︎Amin ▪︎Danwezo ▪︎Rèn kongo ▪︎Jean Baptiste Vixamar Legrand.

Pou kanal brile

 Resèt natirèl pou kanal brile , enfeksyon irinè :  Pran Yon zoranj si, si w gen poud jiwòf ok siw pa gen poud jiwòf, pran jiwòf la pile li byen pile, pije zoranj lan nan yon tas  epi met poud jiwòf la bwase li bien bwase pran maten,  an aprè midi pandan 1 semèn. Siw fè asid, ilsè estomak pa pran l.

Mèt Osany

 Papa Osany  Mèt Osany Se Yon Lwa Nan Eskòt Ogou a ki sòti nan peyi Nigéria. Lwa sa pa gen ni pye ni ponyèt e se lwa ki pi fò nan tout eskòt Ogou a. Lè li vini sou yon sèvitè se sou beki li mache. Yo mare yon mouchwa nan beki a ak yon mouchwa nan Ponyèt li. Koulè prefere l se wouj menm jan ak tout lòt Ogou Yo. ▪︎Li Bwè Rhum.  ▪︎Li Fimen. ▪︎Li manje kòk Wouj. ▪︎Li manje kabrit. ▪︎bèf jòn e li Manje Pwason tou. ▪︎Koulè bag li se Wouj.   Gen Plizyè Osany Tankou:   ▪︎Osany Batala ▪︎Osany balomi   ▪︎Osany kikan. Nou konnen tou, Tout lwa Ogou yo, yo konn fè Seremoni pou yo ki rele Kouche Yanm. kote tout Hounsi Abiye an Blan Mouchwa wouj pou yo manje yanm ak pwason bouyi. Osany Manje patat, Bannann, Diri Jòn, pwa wouj Elatriye. M ap di ayibobo pou nou tout ke lwa sa pase vizite nou Jodi a.

Amonizasyon

 https://whatsapp.com/channel/0029VbAqBqR4Y9lmZTEX5A1n *Amonizasyon ak lwa yo 7/7.*  Teknik Fasil pou nou kapab Kominike avèk Lwa nou yo Nan 7 Jou semèn nan.  ☆ *LENDI* ===== Jete kafé pou mò yo. Jete Kleren Pou yo. Pale avèk lwa Marasa yo. Avèk Legba Bitasyon ou mande pasaj🎩.  ☆ *MADI* ===== Lave Kay ou ak BAZILIK, Florida, Bien être, Limen ti chodyè 3 Pye pafime ou Rele Manman Dantor🗡️💙👸🤱🍍  ☆ *MÈKREDI* ======== Rele Ogou Feray pale avèk li. Foulard Rhum Boutèy Rhum li ak Manchèt li Prezante 4 Fasad🔥🗡️  ☆ *JEDI* ==== Dedie a Fanm Dahomen an Manzè Freda wap bezwen ti Amwaz, ti Bazilik ponpeya pale avèk Rèn nan mande li Mwayen pouw viv💗🥀🌹  ☆ *VANDREDI* ========= Jou pou pale avèk Azaka pou kob (Komès, Biznis...) paske se li ki responsab pou bay tout moun mange🍉🍈🥝🍇🥕🍍🍠🌽  ☆ *SAMDI* ====== Manman Dantor Sou rit petwo Achte Griyo Banann Peze depoze pou Rèn nan👏👏💥🔥🔥💙🖤  ☆ *DIMANCH* ========= Fè Demand ou avèk Lwa Blan yo Ki ...

Monte lanp

 Monte lanp  Gen plizyè fason nou ka limen yon lanp sa pral depan de ki lanp wap limen:  si map limen yon lanp pou frape yon moun, swa pou touye l m pa ka limen l lakay mwen, ou ka limen li nan bawon, ou ka limen l devan yon lwa, antite an patikilye.  Ak kisa w ka limen lanp sa?  W'ap limen l nan yon tèt mò, nan kal krab zoumba, nan yon moso militon blan, nan mamit, ou pa ka limen jan de lanp sa yo nan asyèt blan.  Lanp damou, lanp damou an se nan anana, nan pòm, nan melon ou sipoze limen li avèk lwil de ros, lwil akasya, lwil de palms.  gen lanp cho gen ki frèt siw vle cho w'ap fel cho, si w vle l frèt w'ap fè l frèt.  Ekzanp; si w'ap fè yon lanp pou Dantò a ou vle l cho w'ap limen l ak lwil kochon, ou masriti ak piman bouk, prav toro, prav ginen, ak imaj Dantor a anbal, w'ap mete ponya devan l ak tout vèvè a anba lanp lan nan yon ti chodyè 3 pye. Diferan LANP nan Vodou. Lanp se youn nan mwayen ki plis efikas pou nou kapab antre an kominikasyon a...

Fèy Twonpèt

Fèy twonpèt * Pye sa n ap gade nan foto sa a yo rele l twonpèt. Li se yon gwo pye bwa ki gen anpil valè medisinal ladan l. Yo sèvi avèk fèy sa pou fè anpil gwo trètman sitou pou fanm yo. Yo konn pran fèy sa yo bouyi li ak lòt fèy ankò pou fanm ki fenk sot akouche. Si yon fanm fin gen règ li, li ka bouyi l li bwè enpe ladan l epi rès la li fè twalèt deba li ak li. Si ou fè enfèksyon vajinal ou ka fè menm bagay la avèk fèy twonpèt la. Nb: si yon fanm pa fin ok. Ou ka bouyi fèy sa avèk kalbas kouran + tibonm ou bwè yon tas ladan l epi rès la ou lave devan ou ladan l. Se ap ede w vin sere anpil w ap vin ti fi 2 fwa ( vyèj) w ap gen ti twou poul. Tankou po ban loll. 🤣 Sonje byen lave fèy yo ak bon dlo ki pwòp anvan nou sèvi ak yo epi bouyi yo ak dlo trete tou.

Pou konekte ak lwa ki nan bitasyon w

 Kijan pou mwen rekonekte ak Lwa ki te nan fanmi m ?  Eskòt Lwa ki mache avèk yon fanmi toujou la, yo pa janm fè wonn pòt. Lè ou chwazi pa okipe yo, yo fè silans. Si yon fanmi pèdi kontak ak Lwa li paske yon jenerasyon te chwazi rejete yo, nenpòt kiyès nan fanmi an ki vle ka reprann relasyon ak Lwa yo.  • Dabò fòk ou chèche konnen kiyès Lwa ki mache ak fanmi ou.  • Ou ka mande yon ansyen nan fanmi an enfòmasyon sa.  • Ou ka mande Lwa yo pou yo manifeste : ▪︎Limen yon balèn blan chak swa, pandan 9 jou bò kote yon kivèt blan plen dlo. Avan ou domi, w ap mande pou yo vini vizite ou. Dòmi pou kont ou ak kivèt la bò tèt ou. Depi 9h fòk ou deja benyen epi kouche, Lwa pa mache ta jan nou konprann lan.  • Ou ka tou ale kay yon gid k ap ede ou  idantifye Lwa fanmi ou.  • Lè ou fini refè konesans ak Lwa ou yo, ou ka envite yo vini manje ak ou. Sa ka fèt an prive, konsa tou si gen mwayen ou ka fè yon dans.  Epi tou, ou ka kòmanse fanmi pa w ak eskòt Lwa...

Lwa yo

 1. Kisa yon Loa ye? Kontrèman ak jan sa konn parèt nan fim laterè, yon Loa pa yon "dyab". Se yon fòs lanati oswa yon nanm zansèt ki gen pouvwa espesyal. Nan Vodou, yo konsidere Bondye (Granmèt la) byen lwen, li twò gwo pou l okipe ti detay lavi chak jou nou, se poutèt sa li gen Loa yo pou jere sa pou li. Chak Loa gen pèsonalite pa l, koulè li renmen, manje li manje, ak yon domèn presi l ap jere. 2. Ki wòl yon Loa? Wòl Loa yo se pwoteje, gide, ak geri moun ki sèvi yo. Men kèk egzanp sou fason yo aji: Gidans: Yo bay konsèy sou pwoblèm fanmi, sante, oswa travay. Pwoteksyon: Yo veye sou moun kont malè ak move lespri. Balans: Chak Loa reprezante yon fòs. Pa egzanp, Legba louvri baryè (kominikasyon), Agwe jere lanmè a, epi Ogou jere lagè ak metal (fòs ak jistis). 3. Kote non "Loa" a soti? Non sa a soti nan lang Yoruba (nan peyi Nijerya ak Benin jodi a) nan mo "Olúwa", ki vle di "Senyè" oswa "Mèt". Pandan peryòd lesklavaj la, moun ki te soti ...

Lapriyè djò

 Men yon priyè ki ka enspire nou  Limen balèn blan oubyen lanp lwil doliv, resite priyè sa chak jou.  Bondye lavi a mwen di ayibobo pou ou Ou ki mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van Mwen vini devan ou jodi a Voye je gade mwen epi pran ka mwen Mwen mande ou eskiz pou tout sa mwen ta fè ou pa renmen E mwen mande pou mete padon, sajès ak lanmou nan kè mwen Ede mwen respekte ak pwoteje lavi tout kote, tout tan Ban mwen fòs ak kouraj pou mwen ede sila ki pi fèb yo Pa kite pouvwa ak richès vire lòlòj mwen E tanpri pa kite mwen peri anba mechan yo.  Ago agosi agola.

Chèche konn tèt ou

 Eske w chèche konn tèt ou?  M vle di w pap janm ka santi w alèz si w pa chèche konn kiyès ou ye, ki misyon w, kisa w ka fè.  Banm di w fòs la se nan ou li ye, chak moun kap viv sou tè sa gen yon misyon, e ou menm ki misyon pa w?  Mwen vle w pran 5 minit pou medite sou lavi w, pou chèche konnen kiyès ou ye, pou chèche konn rasin ou, chèche konnen kote w sòti  e ki kote w vle ale, pa gen moun ki fèt o aza, depi w la ou ka itil tèt ou, ou ka itil sosyete kote wap viv la.  Pa kite sa moun ap di mal de ou dekouraje w fè w kanpe nan wout, pa kite sa moun panse de ou fè w rayi tèt ou, imedyatman ou rayi tèt ou wap vin rayi Orijin ou, wap vin rayi rasin ou.  M swete w kouraj nan lavi a, sonje w pa pou kont ou, fòs la se nan ou li ye, li anndan w se ou menm ki pou mete l an valè.

Ekspedisyon si yon moun ap anmède w

 Pa tiye moun, men moun anmède'w metel chita yon kote oubyen bal travay poul fè.  Regleman Bawon Samadi. W'ap bezwen : - Yon balèn nwa. - Yon biyè anpyès. - yon roulo fil nwa. - yon plim nwa. - yon ti gazolin. - yon frèt kach. Ou byen yon mòso chabon pou ekri 26 lèt alfabè yo sou biyè-a. Yon biyè an pyès nenpòt lajan kèlkeswa peyi w'ap viv la.  Ekri 26 lèt afabè yo sou lajan-an kòmanse nan A pou rive nan Z, fè travay ou sou fason èlmi yo kanpe fas ak ou a. Pa ni site non pèson sou regleman sa.  Lè'w fi-n ekri tout 26 lèt la jis vlope kòb la sou bouji-a byen vlope epi pran fil nwa mawonnen li sou bouji a ak tout kòb la. Epi prezante sa 4 fasad. Pran rout ou ale kote gran jij la.  Lèw rive nan pòt simityè-a frape bò pòt dwat  la fè konnen wap antre ok.  lèw rive di bawon menw vi-n remèt li tout èlmi'w yo. Pa bliye salye jij la ak ti tafya li. Epi limen bouji a mete devan jij la. Lè w'ap regle koze pa kite pèson detounen w.  Kale Bawon bien kale tout...

Ofrann lwa

 https://whatsapp.com/channel/0029VbAqBqR4Y9lmZTEX5A1n *OFRANN LWA*  Men kèlke rezon ki kapab lakòz yon Lwa pa aksepte yon OFRANN MANJE.  1- Si w pa an amoni ak antite a, tankou gen kèk pwomès ou pa respekte, gen kondisyon amonizasyon ou pa janm respekte...  2- Si tout fwa ou erite byenfè antite sa a, nan youn nan lineyaj ou yo, epi gen demand ak rityèl yo te konn fè sou non w pou li, ou sipoze konnen yo byen...  3- Ofrann manje lwa dwe fèt sou 3 Wòch dife.  4- Pa mete lay, ten nan manje ofrann loa...  5- Bay Kouzin Kouzen zaka manje nan manje a anvan.  6 - Kote w ap bay Loa ofrann manje dwe pwòp, pirifye jouk li sakre, ou ka fè kote sa tounen NICH yon LOA.  7- Pou fè manje ofrann Loa, fòk ou konnen tout engredyan ki ka vibre l....  Èske Loa manje pou vant li plen menm jan ak moun ?  Non, Se yon langay...  Se lodè a ki vibre l, menm si w ta mete yon ofrann manje pou yon antite, epi w ta wè manje a manke, se youn nan pami siy...

Inisyasyon

 Inisyasyon.  Se pa inisiyasyon ki fè yon moun vin ougan ni manbo! ou ka bouke mache inisye tout kote fè pye w blanch, ou p'ap janm sa.  Paske tit ougan se yon dimansyon espirityèl li ye, yon ougan, yon manbo se yon gerisè espirityèl, yon gerisè nanm, li se yon gid espirityèl, li se yon papa, yon manman espirityèl, ke espri yo chwazi l byen avan l fèt! sa vle di, yon moun lwa bitasyon l chwazi pou’l vin ougan li fèt tou ougan se pa inisiyasyon k'ap fè l ougan, si bitasyon bò manman w bò papa w pa chwazi w pou sa ou p'ap janm sa!  Gen moun mwen konnen  ki inisye se atò yo gen pwoblèm pi mal, pi grav ke jan yo te ye avan, yo pa konn kòman pou yo resevwa yon lwa, menm yon balèn yo pa ka sakre pou yo limen, yo pa ka retire pyan menm sou yon poul, gen moun ki konn al inisye yon kote lwa bitasyon lakay li vin pran l anndan djévò paske yo pat chwazil pou sa, gen moun tou ki al inisye depi lè l fin inisye a li pèdi koneksyon ak lwa yo paske bitasyon an pa t chwazi l pou...

Beny Deblokaj

 Beny Remanbre: Beny Deblokaj. Beny Remanbre: l ap ede w reprann manb, vitalite, gangans, si w santi w fèb, vid, si w santi w lwen, si w pran anpil baf ou frap, si w leve anba vye maladi, si w jwenn bezwen rekonfò oswa jèvrin, si pa ka konsantre ou fokis, si w toujou anba pèsekisyon.  Nou ka fè l nan fen ane – oswa kòmansman ane  Engredyan: 3 men/ponyen fèy bazilik, 1 men/ponyen Tibonm (mant), 1 bout Lalwa, 3 tèt sitwon, 2 bout bwa pen ak bwa gwo medsiyen ak bwa pini, 3 fèy Twa Pawòl, 1 ti kouwòn asosi, 7 fèy Ave, 3 ti branch 3 Zòm Fò, 1 ti branch Sansès (li rele fèy Kaka Poul), 3 dan Lay, 21 grenn jiwòf, 1 ponyen sèl grenn, 3 bidon dlo lanmè, 1-2 galon dlo frèch, 3 bouchon kleren blan, 2 bouchon alkòl blan, 3 gout pafen (Florida ou nenpòt sa a sèvi). Si w jwenn plant Wou (Yo rele l Rue oswa Ruda tou) ajoute l.  PREPARASYON: W ap melanje tout egrandyan yo ansanm nan yon veso, ajoute tout likid yo ak tout plant yo, li ka yon kivèt oswa yon bokit nenpòt koulè, li pa ob...

Enpòtans kalbas nan vodou

 Enpòtans kalbas genyen nan vodou a?  Yon pye kalbas jwe yon gwo wòl nan chak bitasyon, chak lakou, chak demanbre paske li se repozwa lwa yo, pye kalbas la tou gen yon koneksyon dirèk avèk simetyè, yon pye kalbas nan yon lakou li reprezante yon gad. Si w ta remake ou gen yon pye kalbas ki leve nan lakou w gade sa gwo paske se pa tout moun ki gen chans sa, ou konn plante pye kalbas la li pa leve, yon pye kalbas nan yon bitasyon vin tou sèvi yon lye mistik kote nenpòt bagay yap fè pou lwa yo nan bitasyon an se nan pye kalbas la yo pral fè l.  Kalbas la menm ki se fri ke pye kalbas la bay la li gen anpil enpòtans, li geri anpil maladi tankou:  Si w frape pa yon move zè, oubyen si w pran yon kout poud, ak yon kalbas vèt wap ka trete. Men kisa wap fè: Ou pral kase yon gwo kalbas vèt sou non moun ki malad la, wap pran legim kalbas la sa nou rele kaka kalbas la, wap mete yon ti kleren ak yon ti florida ladan l, wap chofe l tou piti, wap mete l nan yon kwiy oubyen nan yon ki...

Liminasyon Danmbala

 Kòman pou nou liminen pou Danmbala? Lè w ap fè liminasyon pou Danmbala pa fimen pa bwè Objektif yo se toujou menm ak sa nou te fè nan Liminasyon pou Atibon Legba. ☆Materyèl pou liminasyon 1e Dimansyon pou Danmbala. ▪︎- gwo balèn blan ou vèt ▪︎- Mouchwa vèt ou blan.  ▪︎- Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan). ▪︎- Pirifye espas la. ▪︎- Kleren. ☆Materyèl pou liminasyon 2èm Dimansyon pou Danmbala. ▪︎Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan).  ▪︎Pafen.  ▪︎Kleren. ▪︎Mouchwa vèt ou blan. ▪︎Kivèt blan. ▪︎Poud blan. ▪︎Asyèt blan. ▪︎Koton peyi. ▪︎Lwil doliv. ▪︎4 balèn nan 4 eleman yo 1 gwo nan mitan. ▪︎3 gwo balèn an triyang 2 blan,  1 vèt. ▪︎1 bwason pou Danmballa (Siwo dòja, anizèt, Kola blan, ronm blan). ▪︎1 ti balèn devan pòt la pou mande Legba pasaj. ☆Materyèl pou liminasyon 3èm Dimansyon pou Danmbala). ▪︎Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan). ▪︎pafen. ▪︎Mouchwa.  ▪︎Kleren. ▪︎Asyèt blan. ▪︎Ze peyi. ▪︎Farin frans. ▪︎Siwo kann. ▪︎3 gwo balèn an triyang 2 blan 1...

Enpòtans chyen sou plan mistik

 Enpòtans Chen sou plan mistik.  Anpil moun gade chen jis yo konsidere chen kòm yon bon zanmi ki fidèl, ki lwayal e ki p'ap trayi yo, gen moun ki konte chen pami fanmi an e yo bay chen an tout dwa yon moun genyen, gen moun olye w pichkannen chen l pito w ba l yon kalòt koz yo sansib pou chen yo e yo depanse gwo lajan pou chen yo.  Men anpil nan moun sa yo souvan pa konn ki kapasite chen gen lakay li sou plan mistik se sa m pral esplike w jodi an.  Sou plan mistik chen yo la kòm pwoteksyon kay la, lakou, kont tout malfektè, movèz espri k ap vin antre nan kay la.  Kijan yon chen defann li fas ak yon movèz enèji lajounen?  Lajounen lè yon movèz espri atake kay la yonn nan bagay w ap konn sa w ap wè tout plim ki sou chen an kanpe yo leve, epi w ap wè dèyè kou l plis yo kanpe, imedyatman ou wè l jis ap gwonde li poko jape se paske movèz espri a kanpe tou l ap obsève chen an, imedyatman movèz espri sa ap rapwoche l de chen an premye sa w ap wè chen sa fè l ap chè...

Nesans nou

 Nesans nou ak lwa ki mache ak nou depi lè nou ne gen anpil anpil Enpòtans e lè n ap fè seremoni pou lwa mèt tèt ou se yon seremoni ki pou fèt trè apa lòt moun pa sipoze la se sekrè pa ou ke li ye e pou manman ou ta la fòk ou  toujou an bon amoni ak li men san pa sa se ou menm ki pou toujou fè l men gran seremoni pou lwa bitasyon yo fanmi ak zanmi kapab toujou vini vin patisipe pou vin pote la men fòt e ni lòt Manbo ak lòt Ougan kapab vini osi men nan sa ke wap fè pou ou wa li sipoze yon seremoni ki byen pèsonèl e lwa ap gide w lap di w tout sa li vle pou fè pou li e men kijan ke li vle l. Se sak fè depi ou byen ranmase l tout espri ou pa fouti ni gen fi lwa e ni yon Ougan ni yon Manbo chalatan men w ap yon vrè e ki konn sa lap fè e ki gen bon lwa ke Mambo fanm chay la te kòmanse aktive depi lè ou te fèt men se pa moun pandan ou gran ki di yo ba ou lwa ou byen yo ap vin di ou yo kouche ou sou  pwen. Depi yon moun kouche sou pwen lwa sa pa rete plis ke 2 zan li pa la pou l...

Legba

 Depiw di Legba ou di premye pa oubyen komansman .... chak rit yo souvan gen Legba ki pwòp ak yo men pa inosans nou nou toujou salye atibon Lebga pou tout rit yo ..  Lè w nan Rada ou jwenn legba Dawonmen an ..  Lè w nan petwo ou jwenn legba petro.  Elatriye ....Depan de lakou paske sèvis lakou yo souvan se leve jwenn sa vle di sa gran paran yo te konn fè avan pou lwa yo .  Men li pa gen sans pou w melanje yo..  Dawonmen se dawonmen, petwo se petwo ... Depi w nan petwo ou nan gwo lwa, lwa cho, lwa vyolan, lwa ki pa nan tete lang ak kenn moun

Pou arete yon malfektè

 Pou fè dòmi pran malfektè.  Si nou al fè yon sèvis yon kote ki gen malfektè men sa n ap fè.  N ap fouye yon twou devan baryè a, n ap pran yon boutèy babankou plen l kleren, epi pran yon lyann mòl mare bouch boutèy la avè l sou pawòl ou onon Mèt legba, Mèt kalfou ak Mèt simetyè epi w ap antere boutèy la sou pawòl ou w ap di tout otan sèvis sa a pa fini pou dòmi pran tout malfektè. Epi lapè

Marasa

 Pa janm vwayaje san Bonbon, sirèt Ti bagay dous. Paske lè w pase nan Lakou yo N ap toujou rankontre ak TIMOUN.E TIMOUN renmen ti bagay dous. Ti amizman E depi ou bliye TIMOUN yo, W ap pèdi wout ou.  Se pa paske yo visye non, Se paske yo renmen anmizman Yo renmen moun renmen yo.  Fanmi Marasa yo anpil Gen:  ▪︎Marasa Kay. ▪︎Marasa Bwa. ▪︎Marasa Zenzou Zenze. ▪︎Marasa Ginen. ▪︎Marasa Lafrik Ginen. ▪︎Marasa Dosou Dosou. ▪︎Marasa Kreyòl. ▪︎Gen Marasa dlo. ▪︎Choukèt Marasa. ▪︎Gen Papa Marasa. ▪︎Gen Manman Marasa.  Marasa yo se miwa grandèt yo. Marasa yo se miwa Lakou yo. Si w bezwen jwenn ak Grandèt ki nan Lakou yo pase pa Marasa.  Aprè Legba fi n ba ou lèse pase. Se Marasa yo ki pou mennen w kontre ak chak pèsonaj ki nan Lakou a.  Pa janm, Pa janmè bliye TIMOUN yo tande. Paske yo menm tou yo gen konesans pa yo. Yo gen Ladrès pa yo TIMOUN yo gen limyè pa yo. Yo se Solèy nou paske yo la ak nou Lajounen. Yo se Lalin nou paske yo toujou la pou nou nan lannwit ...

Le poireau

 Le poireau.  Non syantifik: (Allium ampeloprasum var porrum). Fanmi: Alyase, Amarylidase. Sou-klas: Lilide. Orijin: Ewòp. Lòt non yo ba li: Pwawo, powo, pware, pwarèt, aspèj pòv.  Pwawo se yon plant èbase ki kiltive kòm plant potajè pou fèy li ki konsome tankou legim.  Pwawo rich an vitamin C, B6, B12, D, fè, kalsyòm, manyezyòm, potasyòm ak sodyòm.  ☆10 byenfè pwawo genyen ladan. 1) Li favorize tranzi entestinal. 2) Li idrate kò w. 3) Li se yon anti-enflamatwa. 4) Li bon pou sistèm iminitè w. 5) Li prevni kansè. 6) Li patisipe nan bon fonksyonman sistèm nève w. 7) Pwawo aji kont fatig. 8) Li ba ou enèji. 9) Li bon pou fanm ansent ak moun ki an konvalesans. 10) Li ede fòmasyon globil wouj.  Kontradiksyon.  Konsomasyon pwawo dekonseye si w gen pwoblèm ren, irin.

Resèt ak bale

 Sekrè bale. Ougan yo tou pran kou sa pa janm kite malad mouri lakay ou ebyen ak yon bale kwaze l anba do malad sa jiskaske ou fè yon deplase avè l.

Si w wè lwa monte w nan dòmi

 Si w wè lwa monte w w ap fè tretman pou moun. Sa vle di w se yon moun yo bezwen chita travay Lè w wè ou gen lwa lakay ou. Pandan lwa monte w nan dòmi li kapab fè w wè ki lwa li ye, swa li site non l, oubyen li ka fè w wè ki koulè mouchwa ki nan tèt ou, koulè rad ki sou ou, e se avèk sa yo w ap kapab wè ki lwa ki sou ou, pi souvan si w wè lwa monte w ou chita ou pa pale sa vle di lwa sa bezwen w sèvi l, li fè w wè se li ki mèt ou, w ap gen pou devwa achte bagay li yo, avan li vin monte w la l ap gentan pale avè w nan lòt rèv kote l ap di w tout sa w ap gen pou achte pou li, se tèt di li wè w ap fè ki fè l chwazi monte w la, sa se dènye faz la li fè w wè l monte w, si w fè tèt di li pap bon pou ou. Men kisa w ap fè lè w fin achte bagay li yo, w ap pale avè l ak yon balèn epi yon gode dlo, w ap di l vin pale avè w ankò, w ap depoze gode dlo a bò tèt ou ak balèn nan atansyon wi pou pa mete dife nan kay la wi..

Konpozan yon bitasyon

 Konpozan yon bitasyon. 1: Danti. 2: Lè mò. 3: Lwa. 4: Gad. 5: Regleman pou bitasyon ki konn genyen l yo. ☆Danti: se mèt bitasyon, danti se yon gran fanmi ki t'ap viv nan bitasyon an ki travèse ki vinn mêt bitasyon an, li tounen danti, se li ki bay pasaj nan bitasyon an pou fè mal ak byen. ☆Mò: nan bitasyon mò jwe yon gwo wòl enpotan, paske anpil moun konn bloke se mò ki bloke yo. Paske lè yon moun travèse li toujou ap viv nan monn pa l. Pafwa moun nan konn malad ou tande l di l mw pral rele yon mò Paske mò nan sekrè verite.  NB: siw pa konn bitasyon sou plan fizik ou ka rele yon mò. Moun ka dirije lwa pou l fè sa l vle ave l men li pa ka dirije mò. ☆Lwa: se antite ki fòme bitasyon se antite spirityèl ki la pou ede pitit bitasyon an nan lavi. Lwa nan bitasyon pou nou tout men pesonn pa genyen l. NB: Sispann rayi fanmi pou lwa. ☆Gad: se yon pakèt lwa ki sou dimansyon gad ak kèk mò ki jouke sou dimansyon gad ki la pou pwoteje bitasyon ak tout eritye yo. Regleman: se kèk gad gen ...

Resèt pou biznis

 [22/2, 9:58 p.m.] +509 42 87 9940: Sou koze biznis sa mw pa konnen sim kapab fe zanmi an kado yon kou pou biznis li a [22/2, 10:03 p.m.] +509 42 87 9940: Li prale nan yon cimetière lap mande fonseyè a fleur ki sòti andedan yon kav , fleur yo voye andedan kav la menm avan yo bouche kav la, li pa bezwen konn non mort a , (lè yo balil li pral devan baron avel lap di baron li vinn chache nanm sa la pou ale fè tel biznis mache pou li, lè biznis lan ap mache tout bon tout bon lap pote yon fleur vinn depoze la pou mort a ak yon rhum pou baron) [22/2, 10:05 p.m.] +509 49 25 8063: Sa move [22/2, 9:30 p.m.] +509 41 56 8289: Bonswa zantray  Bien que mwen we yo ba ou yon kou Map pataje youn avew tou [22/2, 9:43 p.m.] +509 41 56 8289: Ale nan yon simetyè fe yo vann ou yon mouchwa ki soti nan tèt yon mò fè yo baw nom mò a  Epi pran cheve mò a avek tout mouchwa yo te antrerel la  Ale lakay ou pran yon pafen Florida 1pafen byenèt ponyen semèn kontra, yon ponyen bazilik yon lit k...

Fòmasyon Katomansi

🔮 1️⃣ Estrikti Fòmasyon Katomansi a Ou ka divize l an 4 gwo pati: 📘 MODIL 1: Baz Katomansi Ki sa katomansi ye Orijin li (kat jwe tradisyonèl) Enèji ak entansyon nan lekti Konsekrasyon ak benediksyon kat yo Ki jan pou pirifye kat yo 📗 MODIL 2: Siyifikasyon Kat yo 4 koulè yo (kè, karo, pik, trèf) Nimewo 1 rive 10 Wa, Dam, Valè Kat kòm moun, sitiyasyon, enèji 📙 MODIL 3: Metòd Tiraj Tiraj 3 kat (pase, prezan, avni) Tiraj kestyon presi Tiraj pou lanmou Tiraj pou travay Kijan pou entèprete konbinezon kat yo 📕 MODIL 4: Pratik Espirityèl Ouvèti espirityèl avan tiraj Lapriyè oswa envokasyon Pwoteksyon pandan lekti Etik ak responsablite

Nanchon ou rit

 Nachon ou rit.  Nachon an se fòm danse lwa ak fòm fonksyònman lwa a.  Ki diferan de fanmi ou eskòt lwa.  Eskòt ou fanmi lwa se tout ki ansanm nan fanmi.  Egzanp eskòt ogou:Ogou badagri, Ogou feray.  Yo se menm eskòt lwa e yo danse ak fonksyone su menm rit.  21 rit ki fòme panteyon vodou ayisyen an.  1: Dawomen. 2: Petro. 3: Nago. 4: Ibo. 5: Sinika. 6:Rada. 7: Guede-banda. 8: Kongo fran. 9: Taïno. 10: Makaya. 11: Kongo savann. 12: Anmin. 13: Manding. 14: Simbi. 15: matinik djouba. 16: Kita. 17: zandò. 18: boumba-maswa. 19: Kaplaou-kanga. 20: Moundong-mouzay. 21: makanda bizango. Nb: gen anpil nan rit sa yo ki melanje yonn ak lòt.  Rit nou plis jwenn isit. ▪︎Petro. ▪︎Rada.  ▪︎Dawomen. ▪︎Kita. ▪︎Kongo.

Gede Mazaka

 Gede Mazaka se yon figi nan fanmi Gede yo nan tradisyon Vodou Ayisyen an, sitou atravè transmisyon oral lakou ak pratik rityèl yo. Yo prezante l kòm yon lespri ki pote pwa lanmò ak memwa, men tou ironi, verite brit, ak rèl lavi.    Nan lespri Gede yo, lanmò se pa yon bout wout, se yon travèse. Gede Mazaka raple nou verite pa toujou agreyab, men se li menm ki delivre lespri moun. Li pale klè, san degize, li rache mask sou figi ipokrizi. Ak ri, ak pawòl di, li fòse nou gade lavi jan li ye vre, san manti, san kache. GEDE MAZAKA vibre! pi ede sila yo ki kwè nan kilti yo devwale tout manti kache epi konn tout verite sa ki pwòch yo tap kache.

Gran bwa

 𝙂𝙧a𝙣 𝘽𝙬a 𝙨𝙚 𝙮𝙤𝙪𝙣 𝙣a𝙣 𝙇𝙬a 𝙢𝙞𝙨𝙩𝙞𝙠 𝙠𝙞 𝙘𝙝𝙞𝙩a 𝙨𝙤𝙪 𝙡a𝙣a𝙩𝙞 , 𝙛𝙤𝙧è , 𝙧a𝙨𝙞𝙣 , a𝙠 𝙥𝙤𝙪𝙫𝙬a 𝙨𝙤𝙫a𝙟 . 𝙇𝙞 𝙧𝙚𝙥𝙧𝙚𝙯a𝙣𝙩𝙚 𝙡𝙚𝙨𝙥𝙧𝙞 𝙥𝙮𝙚𝙗𝙬a, 𝙩è, a𝙠 𝙩𝙤𝙪𝙩 𝙨a 𝙠𝙞 𝙫𝙞𝙫 𝙣a𝙣 𝙛𝙤𝙧è . 𝙎𝙚 𝙡𝙞 𝙠𝙞 𝙜a𝙙𝙮𝙚𝙣 𝙩𝙤𝙪𝙩 𝙯è𝙗, 𝙛𝙚𝙮, 𝙧a𝙨𝙞𝙣, a𝙠 𝙢𝙚𝙙𝙨𝙞𝙣 𝙣a𝙩𝙞𝙧è𝙡. 𝙔𝙤 𝙠𝙤𝙣𝙨𝙞𝙙𝙚𝙧𝙚 𝙡 𝙠ò𝙢 𝙜𝙬𝙤 𝙢è𝙩 𝙯a𝙣𝙟 𝙗𝙤𝙩a𝙣 𝙣a𝙣 𝙑𝙤𝙙𝙤𝙪 a. 𝙎𝙚𝙣𝙗ò𝙡 𝙡𝙞 : 𝙛𝙡a𝙣𝙢 𝙫è𝙩, 𝙥𝙮𝙚𝙗𝙬a, 𝙛𝙚𝙮, 𝙧a𝙨𝙞𝙣. 𝙆𝙤𝙪𝙡è : 𝙫è𝙩, 𝙢a𝙬𝙤𝙣. 𝘼𝙨𝙤𝙨𝙮𝙚 a𝙠: 𝙠𝙤𝙣𝙚𝙨a𝙣𝙨 𝙥𝙡a𝙣𝙩, 𝙡𝙚𝙨𝙥𝙧𝙞 𝙯a𝙣𝙨è𝙩 𝙮𝙤 𝙠𝙞 𝙫𝙞𝙫 𝙣a𝙣 𝙡a𝙣a𝙩𝙞. 𝙆a𝙧a𝙠𝙩è : 𝙢𝙞𝙨𝙩𝙚𝙧𝙮𝙚, 𝙨𝙚𝙧𝙮𝙚, 𝙥a 𝙥a𝙡𝙚 a𝙣𝙥𝙞𝙡, 𝙢𝙚𝙣 𝙡𝙞 𝙜𝙚𝙣 𝙛ò𝙨. 𝙇𝙞 𝙢a𝙘𝙝𝙚 a𝙠 𝙨𝙚𝙠𝙧𝙚. 𝙇𝙞 𝙨𝙚: 𝙂a𝙙𝙮𝙚𝙣 𝙋ò𝙩 𝙈𝙞𝙨𝙩è a 𝙂𝙧a𝙣 𝘽𝙬a 𝙩𝙧a𝙫a𝙮 𝙥𝙤𝙪: 𝙋𝙬𝙤𝙩𝙚𝙠𝙨𝙮𝙤𝙣 𝙚𝙨𝙥𝙞𝙧𝙞𝙩𝙮è𝙡 𝙂𝙚𝙧𝙞 𝙥a 𝙥𝙡a𝙣𝙩 a𝙠 𝙧a𝙨𝙞𝙣 𝙏𝙧a𝙫a𝙮 𝙜a𝙙 a𝙠 𝙨𝙚𝙠𝙞𝙧𝙞𝙩𝙚 𝙢𝙞𝙨𝙩𝙞𝙠 𝙇è 𝙮𝙤 a𝙥 𝙨è𝙫𝙞 𝙂𝙧a𝙣 𝘽𝙬a, 𝙨𝙚 𝙨𝙤𝙪 𝙥...

Papa Loko

 Papa Loko Papa Loko se youn nan gran lwa rasin nan Rada nan tradisyon Vodou ayisyen. Yo konsidere l kòm lwa pyebwa, fèy, konesans mistik, ak inisyasyon. Pou ou menm ki se medsen fèy, Papa Loko gen yon plas espesyal paske li se mèt sekrè fèy yo.  Wòl li nan Vodou Mèt Asò (ason): Se li ki bay dwa pou yon moun vin houngan oswa manbo. San benediksyon Papa Loko, pa gen vrè inisyasyon. Gadyen fèy ak pyebwa sakre: Li konekte ak tout fòs ki nan rasin, branch, ak fèy. Lwa konesans ak sajès: Li pote disiplin, respè, ak estrikti nan sosyete mistik la. Pwoteksyon kont maji nwa: Li konn kase move travay lè yo sèvi ak bon fèy ak bon priyè.  Senbòl ak Atribi Pyebwa mapou (li souvan abite nan gwo pyebwa sakre) Fèy vèt Koulè: Vèt ak blan Jou li: Mèkredi (souvan) Manje li renmen: Mayi, siwo myèl, tafya klè, manje natirèl  Karaktè Papa Loko Li pa lwa ki fè bri anpil. Li kalm, saj, grav. Li pa renmen dezòd ni mank respè. Lè w ap travay ak li, fòk ou pwòp nan kò ak nan lespri.  Pap...

Pou trete yon moun ki gen mò sou li

 Pou nou trete yn moun ki mò sou li nap bezwen fèy kafe, fèy zoranj si, fèy chadèk, wap mete yo bouyi epiw ap  koule yn kafe amè avek li ,wap achte yon bout savon sansèvi ,ak yn balenn  apre wap benyen moun nan tèt opye.

Zombifikasyon

 Le mysticisme: Tèm zombifikasyon an li elastik.Nan vodou genyen zonbifikasyon vivan e,zonbifikqsyon mòt sa vle di:lè kò fizik la pagen vi ankò.NB:ou k’ap viv nan kay ak yn moun li zonbifyew,ou k’ap viv avèk yn moun a distans li zonbifyew lè sa ou vin sou titèl moun sa li enfliyansew ou vin sou dominasyonl.pou n’ale pi lwen yn moun kapab touyew epil pran zombiw fèw ap travay avèk li,voyew kotel vle sitou siw te yn vanyan nan vivanw l’ap bezwen zonbiw poul ekzekite tt s’al vle fè.Kijan yn moun fè poul zonbifye yn lòt?li posib se yon kaptivasyon de nanm,memwa,lespwi ki fèt,kote yo fèmen nanm(NESHAMA)moun sa nn yn boutèy yo kaptirel donk moun sa vin enkonsyan li vin tankou yn gwo gaga. Kijan de materyo yo konn itilize pou reyalize travay sa yo: chevew,zong ou,bave ti bb,savon ou fin benyen,dlo kòw ect…. SIGJESYON:lè n’ale fè zong,lè n’al penyen nan stidyo fòk nou pridan,evite kite pitit nou nan men nenpòt moun tou pou yo pa pran 4 bò chevel,bave li.Se s’ak fè li enpòtan pou nou dekwa...

Vyèj mirak

 Vyèj Mirak nan Vodou ak Kabal  Nan tradisyon Katolik Vyèj Mirak (Notre Dame de la Médaille Miraculeuse) se yon aparisyon Vyèj Mari te fè an 1830 bay Sainte Catherine Labouré nan Lafrans. Meday la pote senbòl pwoteksyon, favè, gerizon ak lagras. Vyèj Mirak nan Vodou Nan Vodou Ayisyen, Vyèj Mirak souvan senkretize ak plizyè lwa selon nasyon ak bitasyon:  Souvan li mache ak: Erzulie Freda → pou bò lanmou, dousè, favè, richès. Erzulie Dantò → pou bò pwoteksyon, fòs manman, jistis. Gen kay kote yo wè li kòm yon fasèt enèji Ezili an jeneral. Aspè mistik li nan Vodou: Pwoteksyon kont malè ak maji. Ouvè chemen favè. Travay pou lapè nan kay. Gerizon emosyonèl. Li se enèji manman kosmik, ki pote konpasyon men ki ka fè jistis tou. Vyèj Mirak nan Kabal Nan Kabal, Vyèj Mirak pa egziste dirèkteman kòm yon figi, men enèji li ka asosye ak: Sephira: Binah → Enèji Manman Divin, konpreyansyon, matris espirityèl. Chesed → Mizèrikòd, lagras, favè Bondye.  Zanj ki ka konekte ak vibrasyon...

Simbi Ganga

  Simbi Ganga Kilès Simbi Ganga ye🍂 Simbi Ganga se yon lwa mystik. entèlijan epi travayè Li se youn nan aspe oswa manifestasyon lwa Simbi, ki se espri konesans, kominikasyon, maji, ak syans natirèl. Simbi Ganga gen yon nati plis mistik. ak fò nan zafè maji ak botanika e li ka travay ak fòs tè ak dlo. Karakteristik Simbi Ganga Nati Lwa mistik, mistè, maji ak syans. Eleman. Dlo (sitou sous, rivyè), tè ak kèk fwa dife. Koulè Vèt fonse, mawon, nwa, ak parèy natirèl. Senbòl Baton, vè dlo, fèy sakre, zwazo, koule dlo. Zòn li renmen Sous dlo, kaskad, rivyè ki rete trankil, oswa kote dlo koule apati tè a. Bèt sakre Koulev, grenouy, zwazo k'ap chante (siy). Bwa li renmen Bwa mawon, bwa akasya, ak lòt pyebwa medsin. Wòl li Li se met maji wòch ak plant li gen konesans ra sou fèy ak rituèl sekrè. Simbi Ganga souvan sèvi kòm mesajè ant mond vizib ak envizib.  Li ka ouvri lespri ou sou sa ou pa wè. Anpil moun ki gen kado vizyon entwisyon entèlijans spirityèl konn sou lwa sa. ...

Ogou yo

 Ogou Feray ak Fanmi Ogou yo nan Vodou Ayisyen Ogou Feray se youn nan lwa ki pi respekte nan nasyon Nago, epi li se senbòl fòs, kouraj, jistis, ak metal. Li reprezante gèrye sakre a, sa ki goumen pa pou opresyon, men pou liberasyon ak onè. Non “Feray” soti nan mo “fè” (fer, iron an franse), ki montre lyen li ak zam ak travay fè. Li se mèt kouto, zam, dife, epi li pa janm abandone pèp li. Sous; nannan nago Lè li desann, li toujou mache dwat, pale ak fòs, li souvan pote epe oswa kouto, epi li mande respe ak disiplin. --- Karakteristik Ogou Feray: Senbòl: Epe, kouto, charyo, zam. Koulè: Wouj ak ble, pafwa nwa ak metalik. Ofwàn: Kleren ak piman, vyann boukannen, kouto, mayo wouj, metal, flanm. Jou li: Madi. Nati: Cho, pasyone, men onèt ak dwat. Pa tolere trayizon ni manti. Fonksyon: Defansè, sòlda sakre, pwofesyonèl, pwoteksyon kont enjistis. --- Fanmi Ogou yo (Osayèl yo) 1. Ogou Badagri Lwa disiplin ak lwa. Li goumen ak prensip; li kalm, men li pa tolere enjistis. Li se estratej ak ji...

Lasirèn

 Lasirèn Lwa mistè, lanmè ak bote Lasirèn se youn nan lwa ki pi bèl, mistik, ak respekte nan tradisyon vodou ayisyen an.  Li se yon espri fanm ki gouvènen sou lanmè, bote, mizik, richès, ak mistè. Nan imajinasyon ak sèvis vodou a, li parèt tankou yon sirèn ki gen kò fanm ak ke pwason ki kouvri ak kal briyan. Li chita sou wòch bò lanmè, ap penyen cheve l ak yon peny an lò, gade tèt li nan glas.  Aparans li toujou sofistike, ak rad ble syèl, bijou an lò, epi li emèt yon prezans ki rafine, misterye e kalm. Li pa sèlman senbolize bote ekstèn, men tou bote enteryè ak fon lespri a. Se sak fè li atire moun ki gen sansiblite atistik, kreyatif, ak espirityèl.  Lasirèn pa tolere neglijans, mank respè, ni dezòd. Li renmen sèvis ki fèt ak respè, estetik, bon sant ak son dous. Karakteristik ak senbòl sakre Senbòl prensipal: Peny, glas, kè an lò... Koulè li yo: Ble syèl, turquoise, jòn lò. Akswa li renmen: Parfen, bijou, rad swa, diven blan, rezen, sirèt... Eleman li domine: Lanmè...

Djò Simbi

 Djò Simbi Pa pouvwa Papa Simbi Andezo, Simbi Yanpaka, Simbi Ankita, Simbi Anpola, Simbi Maza, Simbi Makaya, Simbi fèy, Simbi gangan, Simbi 3 zile, Simbi travo, Nèg kouloumbwa mennen malo, Nèg tate kite, nèg biki makaya, Nèg eskalye boumba, nèg zazi pongwe, Li Gonde Malolo, Nèg laye, nèg Simbi Laye, nèg Kasamanbilay. Matipouyi-yi, Madiomansah Bilolo bilolo bilolo.

Leson sou Simbi

  Simbi Nou tout isit la konn tande pale de avan kreyasyon an Se sèl bagay la bib pa ka di  Kòman li fè la, se dlo.  La bib pale de tout kreyasyon an  Men li frennen sou dlo. Yo ta fé konprann dlo te la déjà avan menm la kreyasyon. Menmm gwo aparèy la syans yo  Frennen sou dlo. Yo palew de molecule elatriye...  Men rive sou origine dlo yo frennen.  Chak sivilizasyion gen yon non yo bay antite yo .  Pou dlo a , nan grec antik yo té relel Neree, Doris,  Doris ki vle zanj nan dlo.  Yo rele l nymphe. Nan vodou a nou rele l papa simby, manman symba . Neree a se li yo rele maren an.  Doris la se li ki osean an La syans ta fè konnen ke Neree se satelit natirèl planèt neptune. Planète neptune ke nou pwal jwen nan vodou a ki c agwe.  Agwe ki vle di dlo Janm di nou pi wo a, nan sivilizasyon pa nou an nan vodou. Nou relel symbi ak symba.  Symba ak symba  Konekte ansanm yo fé 40 pitit.  Men nan g...

Gad

  CHÈF GAD NAN LAKOU Nan chak lakou, nan chak bitasyon, gen fòs k ap veye, gen nannm k ap gide, gen zonbi k ap pwoteje… Men, gen toujou youn ki chèf, tankou Baron Samedi nan simitye.  • Chèf sa a konnen tout regleman lakou a, li konnen ki gad ki pou ki moun, ki nannm ki dwe rete oswa deplase.  • Li sèvi kòm balans, gid, ak pwoteksyon pou tout lòt gad yo.  • Lè w pa konprann ki lwa oswa ki regleman ki sou ou, fòs yo ka tounen chay oswa dezòd.  • Pa prese entèfere ak fòs ki nan lakou w oswa nan lòt lakou; respekte chèf la, respekte regleman yo.  • Lè ou konnen ki gad ki chèf, ki nanm ki sou ou, epi ki lwa k ap gide w, lavi w jwenn balans, pwoteksyon, ak limyè.

Lwa jan yo

  Fanmi Jan nan chak rit yo.  Anndan fanmi jan an, ou jwenn anpil jan sou plizyè rit, tankou:  ▪︎Nan rit Dahomey gen : Jean Faro Dantò.  ▪︎Nan rit Rada gen : Jean Bazile.  ▪︎Nan rit Nago gen : Jean Faro, Jean Paul Nago.  ▪︎Nan rit petro gen : Jan Petro, Jan Dantò, Jan Barak.  ▪︎Nan rit Makaya gen: Jan Brake.  ▪︎Nan rit Boumba gen: Jan Boumba.  ▪︎Nan rit sosyete gen : Jan Boukan.  ▪︎Nan rit Kita gen : Jan Kita, Jan brital, Jan san krent danje, Ti Jan rasin  ▪︎Nan rit Zandor gen: Jan Zandò  ▪︎Nan rit Gede gen : Jan giyon, Jan Krab, Jan Laurent, Jan Zinga, Jan zombi, Jan  Simon Brutus

Rit vodou

  Nachon ou rit.  Nachon an se fòm danse lwa ak fòm fonksyònman lwa a.  Ki diferan de fanmi ou eskòt lwa.  Eskòt ou fanmi lwa se tout ki ansanm nan fanmi.  Egzanp eskòt ogou:Ogou badagri, Ogou feray.  Yo se menm eskòt lwa e yo danse ak fonksyone su menm rit.  21 rit ki fòme panteyon vodou ayisyen an.  1: Dawomen. 2: Petro. 3: Nago. 4: Ibo. 5: Sinika. 6:Rada. 7: Guede-banda. 8: Kongo fran. 9: Taïno. 10: Makaya. 11: Kongo savann. 12: Anmin. 13: Manding. 14: Simbi. 15: matinik djouba. 16: Kita. 17: zandò. 18: boumba-maswa. 19: Kaplaou-kanga. 20: Moundong-mouzay. 21: makanda bizango. gen anpil nan rit sa yo ki melanje yonn ak lòt.  Rit nou plis jwenn isit. ▪︎Petro. ▪︎Rada.  ▪︎Dawomen. ▪︎Kita. ▪︎Kongo.

Pou dezanvoutman

 *Engredyan / Sa w ap bezwen* • 1 chodyè twa pye • 2 kouto • 7 move fey • roroli • 4 aransel • recho • dife *Enstriksyon* 1. wp bezwen yon chodyè twa pye 2. wp pran de kouto 3. wp vire chodyè fas ba 4. kwaze de kouto an kwa sou li 5. kitel nan demen 6. vire chodyè konsa al achete 7 move fey ak roroli ak 4 aransel 7. wap bezwen recho 8. wp sanble dife 9. wp boule tout engredyan yo 10. wp janbe chodyè 21 fwa sou pawol epi lapè

Pou malkadi

 Si nan gen yon moun ki gen malkadi men sa np fe np bezwen fey pom malkadi nap bezwen fey tabak vet nap bezwen wonn ki pase nan kou bef la nap twa woch rivière nap griye woch rivière le maladi pran moun nan aprè np bouyi fey yo np bay moun nan bwel thé a aprè np voye kod la nan pak kouchon aprè mete woch rivière anba tet moun lel lp domi