Inisyasyon
Inisyasyon.
Se pa inisiyasyon ki fè yon moun vin ougan ni manbo! ou ka bouke mache inisye tout kote fè pye w blanch, ou p'ap janm sa.
Paske tit ougan se yon dimansyon espirityèl li ye, yon ougan, yon manbo se yon gerisè espirityèl, yon gerisè nanm, li se yon gid espirityèl, li se yon papa, yon manman espirityèl, ke espri yo chwazi l byen avan l fèt! sa vle di, yon moun lwa bitasyon l chwazi pou’l vin ougan li fèt tou ougan se pa inisiyasyon k'ap fè l ougan, si bitasyon bò manman w bò papa w pa chwazi w pou sa ou p'ap janm sa!
Gen moun mwen konnen ki inisye se atò yo gen pwoblèm pi mal, pi grav ke jan yo te ye avan, yo pa konn kòman pou yo resevwa yon lwa, menm yon balèn yo pa ka sakre pou yo limen, yo pa ka retire pyan menm sou yon poul, gen moun ki konn al inisye yon kote lwa bitasyon lakay li vin pran l anndan djévò paske yo pat chwazil pou sa, gen moun tou ki al inisye depi lè l fin inisye a li pèdi koneksyon ak lwa yo paske bitasyon an pa t chwazi l pou sa, paske nan koze lwa reklame a se pa tout moun lwa reklame yo pou yo vin ougan ak manbo, gen moun lwa bitasyon yo chwazi l pou lòt rezon!
Lè yon lwa di w se reklame, chache konnen pou ki rezon li reklame w avan foli ougan foli manbo a monte nan tèt ou, pou w pa detounen paske gen moun ki konn fin inisye ki pèdi tout sa l te posede kòm richès, kòm byen, li pèdi tout koneksyon li te genyen ak lwa ki mache avèk li, ak bitasyon li yo, lè moun sa pat jwenn bon inisiyasyon ki fèt sou bon regleman li mouri nèt, moun sa ka dejwe !
Inisiyasyon se yon metriz li ye, ki fèt sou mezi ak regleman, inisiyasyon pèmèt ou metrize yon fòs ki te deja nan ou, yon fòs ou petèt pa t konn dimansyon l, yon fòs ou pa t konnen byen!
Nan inisiyasyon yo aprann ou konnen regleman lwa yo byen, pwensip lakou yo byen ansanm ak anpil lòt koze ankò m pa bezwen site!
Yon bon inisiyasyon vodou pa ka gen plis ke 7 moun andan djevò, si l gen plis konnen se tenten kap fèt!
Yon bon inisiyasyon dwe dire 6 mwa!
pandan 6 mwa sa pou yo aprann ou tout regleman de baz yo, pou yo metrize yo byen, seremoni granbwa dwe f6t yon semèn avan inisiyasyon an, pou aprann wouyò yo fèy ak remèd.
Gen bagay ou dwe aprann avan w inisye,
gen bagay w'ap aprann pandan w'ap inisye, gen bagay w'ap aprann lè w fin inisye.
Lè w soti nan djèvò sa pa vle di tout bagay fini, fòk ou al mete sa w te aprann an pratik paske vrè inisiyasyon an se apre li pral fèt pandan w sou teren w'ap frape.
Nan inisiyasyon vodou (asongwe ) genyen 3 etap:
▪︎kanzo senp.
▪︎kanzo sou pwen.
▪︎kanzo ason !
AL DEPANS KOB POU W PRAN ASON SAN W PAT FET POU SA SE LAVE MEN SIYEL ATè !
Moun k'ap fè kanzo biznis yo p'ap dakò ak pòs sa, men se pou byen nou m'ap pale nou, pi devan nap konprann .
Comentarios
Publicar un comentario