Leson sou Simbi

 Simbi


Nou tout isit la konn tande pale de avan kreyasyon an

Se sèl bagay la bib pa ka di 
Kòman li fè la, se dlo. 

La bib pale de tout kreyasyon an 
Men li frennen sou dlo.

Yo ta fé konprann dlo te la déjà avan menm la kreyasyon.

Menmm gwo aparèy la syans yo 
Frennen sou dlo.

Yo palew de molecule elatriye... 

Men rive sou origine dlo yo frennen.

 Chak sivilizasyion gen yon non yo bay antite yo . 

Pou dlo a , nan grec antik yo té relel Neree, Doris, 

Doris ki vle zanj nan dlo. 

Yo rele l nymphe.

Nan vodou a nou rele l papa simby, manman symba .

Neree a se li yo rele maren an. 
Doris la se li ki osean an

La syans ta fè konnen ke Neree se satelit natirèl planèt neptune.

Planète neptune ke nou pwal jwen nan vodou a ki c agwe. 
Agwe ki vle di dlo

Janm di nou pi wo a, nan sivilizasyon pa nou an nan vodou.

Nou relel symbi ak symba. 

Symba ak symba 

Konekte ansanm yo fé 40 pitit. 

Men nan grec antik la yo di à peu près 50 pitit .

Chak pitit sa yo responsab yon bagay nan kreyasyon an. 

Mw pap ka di nou nom tout pitit yo koz Mw pa konn orthographe yo. 

Men Mw pwal site kek ladan yo .

Nou jwen symby lya moukanga 
Se li menm ki responsab son. Jodya nou di musique. Tankou lè w pale vwa w gen yon son. Van gen yo son elatriye

Seyoun nan pitit Symba ak Symbi.

Nou gen symbi byatia, se li ki responsab eleman feu a.

Nou gen simby yamounpete gen kote yo di yamounpepe, se li ki responsab eleman air la.

 Nou gen simby byamaza se li ki responsab eleman dlo a

Nou gen Ya N thotho se li ki responsab eleman terre la.

Nou gen symbi byaninti se li ki responsab forè yo.

Symbi poumbouki —-gerizon 
Symbi Yamammkanda —— moun 

Elatriye.....

Mw repete anba bouch gede

Chak sa nou we ki ekziste , gen yon symbi ki kreye l .

Lè nou vin fèt , nou te jwenn tout bagay tou prépare. 
 

Pandan epok la colonie, Zanset nou yo te fè apèl ak papa e manman kreyasyon an ki pou vinn ede nou. 

Se sa k fè nou vinn jwenn lwa gad symbi yo nan Panthéon vodou nou an.

Nan la religion yo kwafe symbi yo sou rwa mage. Melchior, Gaspard, Balthazar . 

Men yo tj pale de 3 rwa maj yo 
Pandan ke bible la nan Mathieu li pa mansyone konbyen rwa mage . 

Pi wo a mw t di nou chak civilisation yo chanje nom yo . 

T gen yon seri rwa an afrik ki t kapte eneji symbi yo 
C t Danwezo , Amine , wangol , Touwak elatriye.  
Sa vle di wa sa yo leu yo janbe yo vinn pwan promotion yon vinn gad symbi nan yon lot dimension.

 Neg yo ki tap soufri anba men kolon yo , yo vinn fé apel ak gad symbi yo 
Ke yo mm yo pwal eritye fos sa yo 
Ke nou pwal jwen gen neg ki vinn eritye pouvwa symbi ampaka a . 

Symbi ampaka c eneji zannimo yo . 
Ampaka t la depi avanm mm nou t ekziste 
Epok zannimo 
Li t gadyen zannimo yo .

 Nou pwal jwen symbi andeïzo. 

Simbi andeyizo c li mm ki eneji konbinezon yo . 
Sa vle di li fé koneksyon dlo dous la ki c lumiere la 
É dlo sale a ki c infernale la . 
C sak fé nou toujou repete symbi ant 2 zo .

 Symbi andeïzo c li mm ki responsab tout konbinezon 
Tankou lew pwan dlo a ou frote fey ladann 
Ou vinn gen yon konbinezon fey ak dlo .

 Andeïzo lel mache avew , c li mm ki vinn ba ou sa yo rele pwen an 

Ex : pwen sa nou rele disparet la 

Pwen disparet la c yon sekré ki byen kache . 


 Nou jwen symbi ganga , ki responsab zeb . 
Li mm li c yon gangan. 

C li ki pou diw m’en kantite fey ou dwe mete nan tel bagay pou ki bon 
Pouw pa overdose

Poul amer, poul pa two dous elatriye 

C gangan ki patron tout dread.  


 Nou gen symbi ampola li mm 
Li sou rit petro a 

C li mm ki responsab eneji sekré yo . 
Tankou moun ki sevi ampola ou met touyel li pap de pale baou 

C ampola ki nan bitasyon yo 
Ki fé sekré bitasyon yo tj byen kache . 
C ampola ki chef tout sosyete sekret

 Nou jwen symbi makaya li mm 
Ke c t yon neg yo t bal tout kalite nom 
Insurgé , bossal, elatriye.. paske yo pat ka konpwan li

Koz li mm , li t bon zanmi neg kite rele gwanbwa ile a ak Makandal. 
Li mm li konn tout nom vanyan fey yo 
Simbi Makaya pa pye bwa yo li pa gwan bwa ile 

Men li konn tout nom vanyan fey yo , tout kile ou ka kase yo 
É Kisa ou ka fe avek yo 

Gen fey wap manje chak jou , siw koupel nan nom ki infernal la lap anpwazone w 
Siw koupel nan nom vanyan lumiere la lap tretew 

Simbi makaya t konn pouvwa fey sa yo .
 Si nou ta pran pale de Symbi nou patap fini .

 Tout moun , c descendants Symbi yo 
Tout bitasyon gen symbi ladan yo mm Jan ak danmballah 

Yon ti rapel danmballa c Dieu de la connaissance et de la fécondité 
Ki diferan de symbi ki c médecin .

 Chak mo gen plas yo , tout ti detay konte 
Pa mete youn pou lot

 Lew rêve symbi . 
Sa vle di bitasyonw gen pwoblem 
Yo chwaziw kom yon chef pouw rezoud pwoblem nan 

Siw pa rezoud li 

Wap peye konsekans lan . 

Paske nan tout fanmi bitasyon an c ou mm yo we ki gen kapasite pou ki rezoud pwoblem

 Men map di nou sa mm jan gen tout kalite dread la 
C konsa gen tout kalite rev 

Pa annik we yon dread pou nou di li nan bon bò ganga a 
Gen dread ki nan move bò ganga 
C prinsip dualite a 


 Mw swete Mw ede nou konpwann kek ti detay nan symbi yo 
Nou pap janm ka finn pale de tout 


 Mw pap bliye di nou 
Manbo la sirene c mm fanmi symbi yo 
C yon néréide. 

C li ki pi riche Nan tout lwa ki ekzite c sak fè anpil lwa travay avel 
Epwi nou vinn jwen Danwezo ki c 2eme lwa ki pi riche pi riche pi riche . 

Ou paka sevi la sirene ou symbi yo pouw pov .

 Symbi dous mouchwa blanc 
Symbi dlo sale mouchwa bleu clair 
Symbi lumiere mouchwa rose et blanc

 Ou paka bezwen kkswa lwa nan dlo a pouw pa pase Pa metres Ezili ki c danto 4em dimensyon 

Ou pap jwen youn San li .

 Symbi Yo manje pigeon , mouton blanc , cabrit blanc , poule blanc tout sa ki gen kouleu blan 
Li depan de ki symbi ou gen sou bitasyonw lan 
Ki dimansyon symbi fanmiw sevi 

Genyen ki bwe wisky , genyen ki bwe klerin , genyen ki bwe likeur 
Li depan de dimansyon an . 


Yo sevi ak tout bagay ki blan Tankou gode emaye blan , asyet blan 
Yo sevi ak krich 

Genyen tou c nan verre sans fleur yo sevi . 
Li depan de dimensyon an .

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel