Gad
CHÈF GAD NAN LAKOU
Nan chak lakou, nan chak bitasyon, gen fòs k ap veye, gen nannm k ap gide, gen zonbi k ap pwoteje…
Men, gen toujou youn ki chèf, tankou Baron Samedi nan simitye.
• Chèf sa a konnen tout regleman lakou a, li konnen ki gad ki pou ki moun, ki nannm ki dwe rete oswa deplase.
• Li sèvi kòm balans, gid, ak pwoteksyon pou tout lòt gad yo.
• Lè w pa konprann ki lwa oswa ki regleman ki sou ou, fòs yo ka tounen chay oswa dezòd.
• Pa prese entèfere ak fòs ki nan lakou w oswa nan lòt lakou; respekte chèf la, respekte regleman yo.
• Lè ou konnen ki gad ki chèf, ki nanm ki sou ou, epi ki lwa k ap gide w, lavi w jwenn balans, pwoteksyon, ak limyè.
Comentarios
Publicar un comentario