Enpòtan
[19/3, 10:54 p.m.] +1 (407) 883-6776: #YON INISYE... Gen moun ki panse lè yon moun initié li antre nan yon lavi ki plen pouvwa, respè, ak privilèj. Gen moun ki panse se yon lavi ki gen anpil glwa ak fasilite. Men verite a souvan byen diferan de sa anpil moun imajine. Lè yon moun chwazi chemen sa a, li pa antre nan yon mond de luxe. Li antre nan yon chemen ki lou, ki mande anpil sakrifis. Yon chemen kote responsablite vin pi gwo pase sa anpil moun ka konprann. Gen nwit kote li pa dòmi. Gen jou kote kè li chaje ak kestyon. Gen moman kote li santi li poukont li menm lè gen anpil moun bò kote li. Être initié pa vle di lavi vin fasil. Sa vle di ou pote plis chay sou zepòl ou pase anpil lòt moun. Sa vle di ou gen batay ou dwe fè an silans. Gen eprèv moun pa janm wè. Gen doulè moun pa janm konprann. Gen kestyon ki rete nan lespri w pandan anpil tan. Pafwa moun wè souri a. Men yo pa wè fatig ki dèyè li. Yo pa wè refleksyon ki pa janm sispann nan tèt ou. Yon moun initié souvan ap mache ak ...