Lapriyè djò

 Men yon priyè ki ka enspire nou 


Limen balèn blan oubyen lanp lwil doliv, resite priyè sa chak jou. 


Bondye lavi a mwen di ayibobo pou ou

Ou ki mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van

Mwen vini devan ou jodi a

Voye je gade mwen epi pran ka mwen

Mwen mande ou eskiz pou tout sa mwen ta fè ou pa renmen

E mwen mande pou mete padon, sajès ak lanmou nan kè mwen

Ede mwen respekte ak pwoteje lavi tout kote, tout tan

Ban mwen fòs ak kouraj pou mwen ede sila ki pi fèb yo

Pa kite pouvwa ak richès vire lòlòj mwen

E tanpri pa kite mwen peri anba mechan yo. 


Ago agosi agola.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel