Libera

 lanp eternel 

pouw chante libera wap bezwen avan tout bagay monter yon lanp eternel yon lanp delivrans. Pa bliye se lanp lan ki pi enpòtan nan tout bagay yo. kijan wap monter lanp lan. lanp les morts fèt senp. ou bezwen yon ti kivèt blan emaye oubyen yon gwo bòl. lanp lan paka piti paske fòt li dire valè jou wap chante libera. wap bezwen lwil manje, ak dlo ak koton. wap vide un peu dlo nan kivèt la wap vide diri blan epi wap vide anpil lwil manje epi wap achte etwal yo vann pou mèch chita nan botanica oubyen nenpòt kote yo vann bagay maji. wap fè yon mèch ak koton. mèch la byen fasil. se just pran yon koton epi woule yon pati nan coton an fèl fè pwent pouw ka limenl. metel chita sou etwal la epi metel ap naje sou lwil la epi limenl. li supoze rete limen pou juskaske w etèn li. pa bliye ajoute lwil plus lanp lan ap boule paske lwil la ap fini. pou lòt engredyen ak lòt kalite lwil ou ka mete, se plus pou moun ki konnen deja pa bliye gen yon pè savan kap vin prezide travay la pou ou, li konnen tout sa poul fè. Mwen just montrew fason pouw fè yon lanp eternel. Si wap fèl pou libere tèt ou de pwoblèm paw se pa pou yon mort, ou kab ajoute jijiri, ou kab mete pwav ginen. Ou ka fèl nan plizyè veso sa pral depan de pou ki lwa wap fèl. si se Freda fèl anndan anana, si se dantor fèl nan ti chodyè twa pye, tout lwa rada yo nèt se asyèt blan. Tout moun ka di kòman yo fè lanp eternel nan fason pa yo konsa zanfan yo ap konnen. Pa bliye ou pa dwe deplase lanp lan kotew montel la epi ou supoze pase sou lanp lan aumoins yon fwa pa jou pouw kontinye fè demand lan. ou ka fèl fè 3 jou, j jou, 21 jou depan de mwayenw. Pou mò yo pè savan an gen kontŵòl lanp lan

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel