Enpòtans latrin

 Ou konn tande granmoun yo di lè w fè vye rèv se nan yon twalèt pou ale esplike l


MOVE RÈV DWE PALE NAN LATRIN🚽: Lè w pale yon move rèv nan twalèt, avèk ki lespri ou adrese w ?


TOUT SA W PA T KONNEN SOU LESPRI LATRIN.


Selon tradisyon ayisyèn nan, lè yon moun fè yon move rèv (cauchemar) li dwe al rakonte l nan yon latrin avèk je l san lave avan l pale ak moun.


LATRIN SPIRITYÈL 

Twalèt antan ke yon espas pou moun dechaje yo antre nan kwayans popilè a tou, kòm yon dechaj spirityèl.


ESPRI KI ABITE NAN LATRIN 

Kwayans lan menm etabli yon yerachi espri ki abite epi k ap dirije depotwa yo.

Gen kwayans ki rele lespri prensipal la Sen latrin, nan kèk rejyon yo asosye l ak Marinèt. 


BAYAKOU 

Daprè kèk moun se espri sa bayakou yo konn rele pou mande pasaj ak pwoteksyon avan yo desann nan yon fòs latrin. 

Se youn nan rezon ki fè anpil moun souvan kwè bayakou yo pa senp.


LÒT RITYÈL YO FÈ NAN LATRIN (Sèman, Ben-y giyon)

Se pa sèlman move rèv yo pale nan latrin. Gen moun ki itilize l kòm yon sèman aprè yon move eksperyans. 

Yo jire devan lespri latrin yo ke sa pap janm repwodui ankò. 

Lè konsa moun nan fè kwa ak bouch li sou bouch latrin nan pou l pa janm pale oubyen ale kay entèl ankò.


BEN-Y GIYON 

Genyen rityèl Ben-y giyon tou ki fèt nan latrin pou dechaje w de tout enèji negatif yo tankou sete yon move rèv. 


RESÈT

Lè w fin rakonte move rèv la oubyen fè demand ak espri granmanjè ki gade latrin nan, w ap mande l manje tout move enèji ak malè ki sou chimen w. 


Adrès sa yo souvan fèt avèk de bouji, youn pou antre, lòt la pou sòti epi yon bout bwa pen pou pale sa w bezwen an, ke w dwe lage tou limen nan fòs latrin nan. 

Si w te ekri demand lan w ap boule l lage nan fòs la tou. Pou moun ki pa gen latrin yo, aprè rityèl la ou flòch sann papye tenbre a.


RANVWA 

Pale move rèv nan latrin se yon fòm ranvwa pou anile, kraze tout konplo epi kouri dèyè movèz espri yo pou anpeche yo reyalize move rèv sa nan lavi w.


RANVWA MOVE PANSE

Yon moun ki gen move panse kapab rakonte yo nan latrin tou, pou mande ede l jwenn lide pozitif. 


LATRIN SAN PÒT

Si moun serye yo te enplike ase nan politik peyi Ayiti, lè yon malandren ta fè yon move rèv oubyen gen lide vin dirije. Se nan yon latrin kominal li t ap al pale sa epi fè kwa ak bouch li pou l pase lwen peyi a. Se pa nan figi moun pou l ta vin ap mache fè kanpay.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel