Marasa
Pa janm vwayaje san Bonbon, sirèt Ti bagay dous. Paske lè w pase nan Lakou yo N ap toujou rankontre ak TIMOUN.E TIMOUN renmen ti bagay dous. Ti amizman E depi ou bliye TIMOUN yo, W ap pèdi wout ou.
Se pa paske yo visye non, Se paske yo renmen anmizman Yo renmen moun renmen yo.
Fanmi Marasa yo anpil Gen:
▪︎Marasa Kay.
▪︎Marasa Bwa.
▪︎Marasa Zenzou Zenze.
▪︎Marasa Ginen.
▪︎Marasa Lafrik Ginen.
▪︎Marasa Dosou Dosou.
▪︎Marasa Kreyòl.
▪︎Gen Marasa dlo.
▪︎Choukèt Marasa.
▪︎Gen Papa Marasa.
▪︎Gen Manman Marasa.
Marasa yo se miwa grandèt yo. Marasa yo se miwa Lakou yo. Si w bezwen jwenn ak Grandèt ki nan Lakou yo pase pa Marasa.
Aprè Legba fi n ba ou lèse pase. Se Marasa yo ki pou mennen w kontre ak chak pèsonaj ki nan Lakou a.
Pa janm, Pa janmè bliye TIMOUN yo tande. Paske yo menm tou yo gen konesans pa yo. Yo gen Ladrès pa yo TIMOUN yo gen limyè pa yo. Yo se Solèy nou paske yo la ak nou Lajounen. Yo se Lalin nou paske yo toujou la pou nou nan lannwit yo.
Lè w gade nan miwa Lavi ou re wè. Ou aprann konn
Comentarios
Publicar un comentario