Monte lanp
Monte lanp
Gen plizyè fason nou ka limen yon lanp sa pral depan de ki lanp wap limen:
si map limen yon lanp pou frape yon moun, swa pou touye l m pa ka limen l lakay mwen, ou ka limen li nan bawon, ou ka limen l devan yon lwa, antite an patikilye.
Ak kisa w ka limen lanp sa?
W'ap limen l nan yon tèt mò, nan kal krab zoumba, nan yon moso militon blan, nan mamit, ou pa ka limen jan de lanp sa yo nan asyèt blan.
Lanp damou, lanp damou an se nan anana, nan pòm, nan melon ou sipoze limen li avèk lwil de ros, lwil akasya, lwil de palms.
gen lanp cho gen ki frèt siw vle cho w'ap fel cho, si w vle l frèt w'ap fè l frèt.
Ekzanp; si w'ap fè yon lanp pou Dantò a ou vle l cho w'ap limen l ak lwil kochon, ou masriti ak piman bouk, prav toro, prav ginen, ak imaj Dantor a anbal, w'ap mete ponya devan l ak tout vèvè a anba lanp lan nan yon ti chodyè 3 pye.
Diferan LANP nan Vodou.
Lanp se youn nan mwayen ki plis efikas pou nou kapab antre an kominikasyon ak Lwa yo.
Gen de (2) gran kategori lanp.
1- Gen Lanp a efè pozitif ke nou rele bon Lanp.
2- Gen lanp a efè negatif ke nou rele move lanp.
Men gen plizyè tip de lanp nou kapab monte an fonksyon de travay nap fè a, demand nap adrese yo, an fonksyon de direksyon nap bay lanp lan.
Gen
▪︎Lanp chans.
▪︎Lanp travay.
▪︎Lanp pou cham.
▪︎Lanp delivrans.
▪︎Lanp jistis.
▪︎Lanp madichon.
▪︎Lanp repiyans.
▪︎Lanp pou monte expedisyon elatriye...
Pou nou kapab jistifye yon lanp si l bon ou move, nap bezwen gen yon lide sou engredyan ki nan lanp lan, nan kisa li monte e ki espri kap dirije l...
Genyen plizyè resipyan ki konn itilize nan kesyon monte lanp.
Nou jwenn
▪︎Lanp nan Asyèt blan.
▪︎Lanp nan bòl blan.
▪︎Lanp nan ganmèl.
▪︎Lanp nan anana.
▪︎Lanp nan kokoye ole.
▪︎Lanp nan kokoye sèch.
▪︎Lanp konn limen nan lanp tèt gridap.
▪︎Lanp nan po zoranj.
▪︎Lanp nan kwi.
▪︎Lanp nan kalbas vèt.
▪︎Lanp nan chodyè 3 pye.
▪︎Lanp nan chodyè manje.
▪︎Lanp nan joumou.
▪︎Lanp nan chodyè zen.
▪︎Lanp nan po krab.
▪︎Lanp sou fèy.
▪︎Lanp nan grenn soulye.
▪︎Lanp nan tèt mò elatriye...
Lanp se yon sous enèji tout sèk mistik konn itilize pouvwa ak enèji yon lanp pou mennen a tèm maji yap opere a.
Bon lanp yo se sa ki monte nan objektif pou jwenn yon rezilta pozitif tankou ini yon moun ak bitasyon l, ini 2 moun ki renmen, ede yon moun jwenn yon travay pou l fè, atire lespri chans sou yon moun, mete dlo nan diven yon moun kite an kòlè, elatriye....
☆Nou monte lanp nan Asyèt blan pou anonse lespri bitasyon, pou atire lespri delivrans elatriye...
☆Yo monte lanp nan ananas pou w mete sou cham yon moun ke w renmen, pou atire, pou kek espri, li ka pou chans tou elatriye...
☆Yo monte lanp nan kokoye ole pou adousi, mare moun elatriye...
☆Nou monte lanp nan joumoun pou anonse delivrans.
☆Yo monte lanp nan chodyè manje pou mande travay.
Pou move lanp yo se sila yo ki monte nan lide pou fè mal ou mande jistis lè w santi w oprime.
▪︎Gen lanp chodyè 3 pye pou mande jistis.
▪︎Gen lanp po zoranj pou bay madichon.
▪︎Gen lanp joumou kayiman pou monte espedisyon.
▪︎Gen lanp tèt gridap pou separasyon, divizyon elatriye...
▪︎Gen lanp chodyè zen pou pèsekisyon elatriye....
▪︎Gen lanp nan po krab pou madichon, espedisyon elatriye...
Lanp pa nan rans
Depi yon lanp fèt li fèt nèt...
Se sa ki fè moun pa monte lanp dèyè moun pou dan griyen.
Gen moun ki tèlman konn anmède w ou konn pa wè sa pou w fè pou li ke yon kout lanp🤭.
Comentarios
Publicar un comentario