Chèche konn tèt ou

 Eske w chèche konn tèt ou? 


M vle di w pap janm ka santi w alèz si w pa chèche konn kiyès ou ye, ki misyon w, kisa w ka fè. 


Banm di w fòs la se nan ou li ye, chak moun kap viv sou tè sa gen yon misyon, e ou menm ki misyon pa w? 


Mwen vle w pran 5 minit pou medite sou lavi w, pou chèche konnen kiyès ou ye, pou chèche konn rasin ou, chèche konnen kote w sòti  e ki kote w vle ale, pa gen moun ki fèt o aza, depi w la ou ka itil tèt ou, ou ka itil sosyete kote wap viv la. 


Pa kite sa moun ap di mal de ou dekouraje w fè w kanpe nan wout, pa kite sa moun panse de ou fè w rayi tèt ou, imedyatman ou rayi tèt ou wap vin rayi Orijin ou, wap vin rayi rasin ou. 


M swete w kouraj nan lavi a, sonje w pa pou kont ou, fòs la se nan ou li ye, li anndan w se ou menm ki pou mete l an valè.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel