Resèt pwoteksyon Ogou Badagri

 Resèt pou pwoteksyon


Jodi a nap baw regleman sa sou demand papa legba ak ogou Badagri. 


regleman sa ka fèt nenpòt jou nènpòt lalin. 


Ou menm ki gen enmi kap travay kont ou ebyen ou menm ki chaje moun kap fè nenpòt konplo sou do ou ebyen jodi a fè regleman sa. 


wap toujou prevwa tout sak pral pasew nan antoutaj ou nan dòmi kou zye klè ogou batagri ak legba ap moutrew moun kap travay kont ou an. 


wap bezwen 


▪︎yon lit dlo kap koule nan yon sous oubyen dlo ki trete.

▪︎3 men jiwòf sanw pa kontrole grenn yo. 

▪︎yon grenn kakawo. 

▪︎yon grenn digo yo konn lave a oubyen poud digo a. 

▪︎wap bezwen yon pilon epis pou pile tout bagay sa yo ansanm. 


Lè w fin pile yo w'ap jis vide yo nan bidon lit dlo a. 


Souke bidon an byen souke nan 4 pwen kadino wap reklame proteksyon sou tout konplo e pou wè a klè nan non ogou badagri ak legba tout sa yap fè mal kontre ou. 


Ale nenpòt kote sekrè depoze bidon an yon kote pou 7 jou. 


Sak pral fè 8tyèm jou a wap pranl benyen de latèt o pye. 


Kite beny sa byen seche sou ou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel