Lasirèn
Lasirèn
Lwa mistè, lanmè ak bote
Lasirèn se youn nan lwa ki pi bèl, mistik, ak respekte nan tradisyon vodou ayisyen an.
Li se yon espri fanm ki gouvènen sou lanmè, bote, mizik, richès, ak mistè. Nan imajinasyon ak sèvis vodou a, li parèt tankou yon sirèn ki gen kò fanm ak ke pwason ki kouvri ak kal briyan. Li chita sou wòch bò lanmè, ap penyen cheve l ak yon peny an lò, gade tèt li nan glas.
Aparans li toujou sofistike, ak rad ble syèl, bijou an lò, epi li emèt yon prezans ki rafine, misterye e kalm.
Li pa sèlman senbolize bote ekstèn, men tou bote enteryè ak fon lespri a. Se sak fè li atire moun ki gen sansiblite atistik, kreyatif, ak espirityèl.
Lasirèn pa tolere neglijans, mank respè, ni dezòd. Li renmen sèvis ki fèt ak respè, estetik, bon sant ak son dous.
Karakteristik ak senbòl sakre
Senbòl prensipal: Peny, glas, kè an lò...
Koulè li yo: Ble syèl, turquoise, jòn lò.
Akswa li renmen: Parfen, bijou, rad swa, diven blan, rezen, sirèt...
Eleman li domine: Lanmè, dlo klè, mistè
Tan li prefere: Sèvis fèt sou mèkredi oswa vandredi
Zòn sakre: Lanmè, rivaj, basen dlo
Relasyon ak lòt lwa
Lasirèn se madanm lwa Agwe Tawoyo, chèf lanmè a. Yo konplete youn lòt: Agwe se fòs lanmè a, pandan Lasirèn se cham li.
Li pataje kèk aspè ak Èzili Freda, tankou rafinman ak lanmou, men Freda plis domine syèl ak emosyon, tandiske Lasirèn se lanmè, mistè, ak richès.
Li konn parèt ak lòt lwa dlo tankou Simbi Dlo ak Labalen.
Travay li ak Moun
Lasirèn se yon lwa ki "mare" ak moun ki gen vokasyon espirityèl, atistik, oubyen ki gen bèl prezans natirèl. Moun li chwazi ka vin gen rèv pwofon, atirans pou dlo, mizik oswa solitid. Lè yo sèvi li byen, li ka pote:
▪︎Richès ak opòtinite.
▪︎Lanmou ak relasyon ki bay sekirite.
▪︎Entèlijans espirityèl, vizyon ak pwoteksyon
▪︎Enspirasyon pou kreyasyon (mizik, chant, dans, pwofesi).
Men li mande pwòpte, atansyon, disiplin ak devouman. Si li pa jwenn respè li merite, li ka vire do li fasil.
Sèvis ak Altè
Pou sèvi Lasirèn, moun mete altè ak dlo lanmè, glas, peny, flè blan, twal ble, ak objè ki klere. Mizik dous, chante ak dans kalm ede atire li. Li prefere ofrann ki fèt ak bon sant, élégance ak respè. Altè li dwe toujou pwòp.
Konklizyon:
Lasirèn pa senpleman yon imaj sirèn egzotik. Li se yon lwa ki bay lanmè valè sakre. Li konekte mond vizib ak mond mistik lan, epi li toujou ap chèche moun ki ka onore bote nan tout fòm li – fizik, lespri, ak sakre.
Comentarios
Publicar un comentario