Simbi Ganga
Simbi Ganga
Kilès Simbi Ganga ye🍂
Simbi Ganga se yon lwa mystik. entèlijan epi travayè Li se youn nan aspe oswa manifestasyon lwa Simbi, ki se espri konesans, kominikasyon, maji, ak syans natirèl. Simbi Ganga gen yon nati plis mistik. ak fò nan zafè maji ak botanika e li ka travay ak fòs tè ak dlo.
Karakteristik Simbi Ganga
Nati Lwa mistik, mistè, maji ak syans.
Eleman. Dlo (sitou sous, rivyè), tè ak kèk fwa dife.
Koulè Vèt fonse, mawon, nwa, ak parèy natirèl.
Senbòl Baton, vè dlo, fèy sakre, zwazo, koule dlo.
Zòn li renmen Sous dlo, kaskad, rivyè ki rete trankil, oswa kote dlo koule apati tè a.
Bèt sakre Koulev, grenouy, zwazo k'ap chante (siy).
Bwa li renmen Bwa mawon, bwa akasya, ak lòt pyebwa medsin.
Wòl li
Li se met maji wòch ak plant li gen konesans ra sou fèy ak rituèl sekrè.
Simbi Ganga souvan sèvi kòm mesajè ant mond vizib ak envizib.
Li ka ouvri lespri ou sou sa ou pa wè.
Anpil moun ki gen kado vizyon entwisyon entèlijans spirityèl konn sou lwa sa.
Kijan li manifeste?
Li pale an parabòl oswa nan lang siy
Li ka antre sou moun ak chalè nan tèt ou santi kow cho tankou yon dife se dlo pou yo vide sou wou tranbleman kò, vwa fon e misterye. Li renmen moun ki pa pale anpil, ki gen kè Dou ki renmen solitid e ki enterese nan mystik
Saint ki asosye avèk li (sou plan sinkretik)
-Pa gen yon sèl Saint fiks pou li, men pafwa li konn asosye ak Saint Anthony ki reprezante chèche bagay ki pèdi oswa syans ki kache.
Nan kabbal (Kabbalah), lwa Simbi Ganga pa egziste kòm yon entite orijinal. li soti nan Vodou Ayisyen. Men, si nap fè yon korèspondans esoterik ant Simbi Ganga ak aspè kabbalist ak zodyak, men yon apwòch
Simbi Ganga
Li se yon lwa dlo konesans, kominikasyon maji ak syans mistik
Li gen koneksyon ak entèlijans gerizon maji blan ak transmisyon enfòmasyon
Korespondans astwolojik
Planèt. Mercure
planèt kominikasyon, entèlijans, mesaj, echanj.
-Siy Zodyak. Gémeaux (Jemo) ak pafwa Vierge Vyèj. paske toude yo sou enfliyans planèt Mercure.
Anj Gadyen asosye ak Mercure nan kabbal se souvan:
Raphaël (anj gerizon, entèlijans, kominikasyon).
NB:
Simbi Ganga mache ak moun ki natif Gémeaux oswa Vierge
Nan Kabbal li gen enèji ki aligne ak planèt Mercure epi li ka mache ak anj Raphaël kòm entite limyè.
Comentarios
Publicar un comentario