Awoussa

 AWOUSA


Nou konn abitye tande mo sa deja kote yon moun konn rete li di *Jodi a Awousa pase sou mwen* sitou moun ko leve Pòtoprens yo.

Tout sa w pa t konnen.
An Ayiti anak te souvan gen yon dimansyon mistik. Moun ki te konn eskwoke lòt souvan pa t janm senp daprè kwayans popilè a. Pou te jwenn esplikasyon mistik avèk pratik malveyan sa yo, nou jwenn tèm tankou awousa, titalbè, bosou, baka, epi dyèg.

AWOUSA : Se yon moun ki itilize pouvwa mistik li pou vòlè yon lòt. Moun ki gen pwen awousa gen kapasite pou konnen kote kòb la ye, souvan gen nan yo ki tou konn konbyen kòb ki sou moun nan. Pou yo anake w yo angaje yon konvèsasyon avè w.
Yo ka mande w lè, yon adrès, oubyen di viktim nan li gen pwoblèm mistik yo ka ede w. Konsa ou tou ba yo aksè pou rale kòb la sou ou.

TiTALBÈ : Sòti nan non yon liv maji ki rele "Petit Albert", moun ki gen titalbè a pa twò diferan de awousa, sof ke se avèk priyè li sèvi pou ipnotize moun nan. Yo konn ofri w boul bòlèt, fè w ba yo bijou ki sou ou mete nan yon ti papye pou w ka vin gen lajan epi lè w rive lakay ou, ou pa jwenn ni lajan ni bijou.

BOSOU : Souvan nou jwenn bosou a nan boutik ak magazen. Se yon kondisyon moun nan al chache pou fè biznis li mache. Wòl Bosou a se mache rale lajan lòt  biznisman nan zòn nan pote kay mèt li. Nan mache piblik yo machann yo konn gen ti pat men tou.

BAKA : Se yon kreyati sinatirèl ki pa diferan avèk bosou a. Yo souvan itilize l pou rale jaden lòt moun an pwovens. Li konn touye bèt peyizan yo tou.

DYÈG : Se yon fo Ougan ki la pou anake moun, yo souvan di w yo ka fè w rich, ba w boul bòlèt, sakrifis lajan pou lajan, vin kouve lajan pou yo ka bay plis. Li fasil pou w fè m rich konsa, epi w pa rich ou menm 😂

Ou dwe toujou sou men w, paske pratik sa yo evolye kounye a, yo anake moun divès lòt fason.

NB : Mwen pa p pale de Nanchon Awousa ni de Baka pigme yo. Bosou ki nan tèks la pa gen anyen pou wè avèk lwa Bosou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel