Enpòtans kalbas nan vodou
Enpòtans kalbas genyen nan vodou a?
Yon pye kalbas jwe yon gwo wòl nan chak bitasyon, chak lakou, chak demanbre paske li se repozwa lwa yo, pye kalbas la tou gen yon koneksyon dirèk avèk simetyè, yon pye kalbas nan yon lakou li reprezante yon gad.
Si w ta remake ou gen yon pye kalbas ki leve nan lakou w gade sa gwo paske se pa tout moun ki gen chans sa, ou konn plante pye kalbas la li pa leve, yon pye kalbas nan yon bitasyon vin tou sèvi yon lye mistik kote nenpòt bagay yap fè pou lwa yo nan bitasyon an se nan pye kalbas la yo pral fè l.
Kalbas la menm ki se fri ke pye kalbas la bay la li gen anpil enpòtans, li geri anpil maladi tankou:
Si w frape pa yon move zè, oubyen si w pran yon kout poud, ak yon kalbas vèt wap ka trete.
Men kisa wap fè:
Ou pral kase yon gwo kalbas vèt sou non moun ki malad la, wap pran legim kalbas la sa nou rele kaka kalbas la, wap mete yon ti kleren ak yon ti florida ladan l, wap chofe l tou piti, wap mete l nan yon kwiy oubyen nan yon kivèt blan, wap benyen moun sa sòti anlè desann anba, wap fè sa pandan 3 mèkredi, afè pou moun sa pa trete a se bliye sa, toujou sonje tout sa nap fè fòk nou limen yon balèn.
Si w genyon moun ki gen yon grip san rete sou li. Wap pran kaka kalbas la wap bennde l tankou w tap fè yon jis kowosòl, wap mete yon ti panzou ladan l, wap mete yon ti sik ladan l fè moun nan bwè l, li mèt se te yon nanm ki sou lestomak li lap sòti.
Si yo pote yon moun fou nan peristil ou pou trete. Ou prale nan pye yon kalbas, wap kase yon kalbas vèt sou non moun fou a, wap prepare yon legim pou li ak kaka kalbas la, aprè wap fè l manje ladan l pran rès la benyen l avè l, ou kapab fè sa pandan 7 mèkredi pa gen pa trete.
Kalbas la tou ou ka itilize l pou konsève danre pou yo pa gate, tankou mayi, pwa, piti, Kalalou, wap jis fè yon ti twou nan yon kalbas epi wap leve l pou retire kaka kalbas la epi kite l sèch, epi mete danre ladan l, Bèt pap pike l.
Si w genyon timoun ki mal pou pale. Wap kase yon kalbas sou non timoun nan wap retire kaka kalbas la anndan l, epi wap lave l, mete dlo ladan l bay timoun nan bwè chak lè l swaf pa gen pa pale.
Gen anpil lòt bagay ou ka fè ak kalbas la, gen moun ki itilize l pou fè yon lòt mal sa nou pap antre ladan l.
Gen 3 kalite kalbas, gen ti kalbas sa yo fè tchatcha avè l, gen kalbas kouran sa se avè l yo fè ason, gen gwo kalbas se de li m sot pale nou an.
Comentarios
Publicar un comentario