Fèy Twonpèt

Fèy twonpèt*

Pye sa n ap gade nan foto sa a yo rele l twonpèt. Li se yon gwo pye bwa ki gen anpil valè medisinal ladan l.

Yo sèvi avèk fèy sa pou fè anpil gwo trètman sitou pou fanm yo.

Yo konn pran fèy sa yo bouyi li ak lòt fèy ankò pou fanm ki fenk sot akouche.

Si yon fanm fin gen règ li, li ka bouyi l li bwè enpe ladan l epi rès la li fè twalèt deba li ak li.

Si ou fè enfèksyon vajinal ou ka fè menm bagay la avèk fèy twonpèt la.

Nb: si yon fanm pa fin ok. Ou ka bouyi fèy sa avèk kalbas kouran + tibonm ou bwè yon tas ladan l epi rès la ou lave devan ou ladan l. Se ap ede w vin sere anpil w ap vin ti fi 2 fwa ( vyèj) w ap gen ti twou poul. Tankou po ban loll. 🤣

Sonje byen lave fèy yo ak bon dlo ki pwòp anvan nou sèvi ak yo epi bouyi yo ak dlo trete tou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel