Nesans nou
Nesans nou ak lwa ki mache ak nou depi lè nou ne gen anpil anpil Enpòtans e lè n ap fè seremoni pou lwa mèt tèt ou se yon seremoni ki pou fèt trè apa lòt moun pa sipoze la se sekrè pa ou ke li ye e pou manman ou ta la fòk ou
toujou an bon amoni ak li men san pa sa se ou menm ki pou toujou fè l men gran seremoni pou lwa bitasyon yo fanmi ak zanmi kapab toujou vini vin patisipe pou vin pote la men fòt e ni lòt Manbo ak lòt Ougan kapab vini osi men nan sa ke wap fè pou ou wa li sipoze yon seremoni ki byen pèsonèl e lwa ap gide w lap di w tout sa li vle pou fè pou li e men kijan ke li vle l.
Se sak fè depi ou byen ranmase l tout espri ou pa fouti ni gen fi lwa e ni yon Ougan ni yon Manbo chalatan men w ap yon vrè e ki konn sa lap fè e ki gen bon lwa ke Mambo fanm chay la te kòmanse aktive depi lè ou te fèt men se pa moun pandan ou gran ki di yo ba ou lwa ou byen yo ap vin di ou yo kouche ou sou
pwen.
Depi yon moun kouche sou pwen lwa sa pa rete plis ke 2 zan li pa la pou lontan men lwa pa ou la ke Manbo fanm chaj la te ramase pou ou depi ou piti a li la pou tout tan ak ou pou jis ou travèse men gen de lè si ou pa fè sa ke ou gen pou fè li kapab ekate ou pou yon ti tan men li toujou la l ap tann ou fè sa ke ou gen pou fè a pou chofe e respekte tout sa ou gen pou fè pou li.
Youn nan bagay ki konn fè nesans ou ak lwa ki mache ak nesans ou ekate w se lè ou pap mennen yon vi ki pwòp epi wap mal aji ou tèti lè sa yo pap kontan yo ap ekate w pou kapab wè konsekans lan se nan sans ou konn tande moun konn ap di aa se lwa kap pini l se li ki pou konfòme l pou regle koze l aprè tout afè l ap mache e antre nan lòd men aprè sa yo ap toujou la ak ou pou ba ou tout sa ou bezwen nan lavi ou depi ou fè respè ou nan tout sa w ap fè ou wap antreprann.
Comentarios
Publicar un comentario