Konpozan yon bitasyon
Konpozan yon bitasyon.
1: Danti.
2: Lè mò.
3: Lwa.
4: Gad.
5: Regleman pou bitasyon ki konn genyen l yo.
☆Danti: se mèt bitasyon, danti se yon gran fanmi ki t'ap viv nan bitasyon an ki travèse ki vinn mêt
bitasyon an, li tounen danti, se li ki bay pasaj nan bitasyon an pou fè mal ak byen.
☆Mò: nan bitasyon mò jwe yon gwo wòl enpotan, paske anpil moun konn bloke se mò ki bloke yo.
Paske lè yon moun travèse li toujou ap viv nan monn pa l.
Pafwa moun nan konn malad ou tande l di l mw pral rele yon mò
Paske mò nan sekrè verite.
NB: siw pa konn bitasyon sou plan fizik ou ka rele yon mò.
Moun ka dirije lwa pou l fè sa l vle ave l men li pa ka dirije mò.
☆Lwa: se antite ki fòme bitasyon se antite spirityèl ki la pou ede pitit bitasyon an nan lavi.
Lwa nan bitasyon pou nou tout men pesonn pa genyen l.
NB: Sispann rayi fanmi pou lwa.
☆Gad: se yon pakèt lwa ki sou dimansyon gad ak kèk mò ki jouke sou dimansyon gad ki la pou pwoteje bitasyon ak tout eritye yo.
Regleman: se kèk gad gen granmoun ta l deyè yo, yo travèse, gad sa yo ret de pitit an pitit yo nan bitasyon an, se tèlman vin ansyen ou vin eritye ladan yo.
Tout moun gen bitasyon segondè sa ka rive ou pa konnen l swa paran w pact janm moutre w bitasyon fizik la, men si w pa konnen l nan liminasyon ou ka fè konesans ak bitasyon spirityèl ou kote w'ap jwenn sam di la yo yo.
Evite antre etranje nan bitasyon w lè w nan bitasyon an.
Evite itilize si w pa konn fòs lwa yo.
Lè w'al nan yon bitasyon fizik pa leve anyen pou soti si w pa konn saw leve nan ki fos ou leve l.
Toujou fè libera pou mò yo. Ak manje lè mò.
Comentarios
Publicar un comentario