Ekspedisyon si yon moun ap anmède w

 Pa tiye moun, men moun anmède'w metel chita yon kote oubyen bal travay poul fè. 


Regleman Bawon Samadi.


W'ap bezwen :

- Yon balèn nwa.

- Yon biyè anpyès.

- yon roulo fil nwa.

- yon plim nwa.

- yon ti gazolin.

- yon frèt kach.


Ou byen yon mòso chabon pou ekri 26 lèt alfabè yo sou biyè-a.


Yon biyè an pyès nenpòt lajan kèlkeswa peyi w'ap viv la. 


Ekri 26 lèt afabè yo sou lajan-an kòmanse nan A pou rive nan Z, fè travay ou sou fason èlmi yo kanpe fas ak ou a. Pa ni site non pèson sou regleman sa. 


Lè'w fi-n ekri tout 26 lèt la jis vlope kòb la sou bouji-a byen vlope epi pran fil nwa mawonnen li sou bouji a ak tout kòb la.

Epi prezante sa 4 fasad.

Pran rout ou ale kote gran jij la. 


Lèw rive nan pòt simityè-a frape bò pòt dwat  la fè konnen wap antre ok. 


lèw rive di bawon menw vi-n remèt li tout èlmi'w yo. Pa bliye salye jij la ak ti tafya li. Epi limen bouji a mete devan jij la. Lè w'ap regle koze pa kite pèson detounen w. 


Kale Bawon bien kale tout tan w'ap pale koze w ak fwèt kach, apre ba l' dife ak gazolin nan.


Bawon ak tout lòt antite ki nan simityè-a granmoun, ou pa bezwen konnen kisa bawon pral fè ak yo.


Si  tout fwa bawon ou byen mò ta vi-n ba'w bòlèt apre regleman sa  pa mete nan tèt ou se dwòl ok.


Pa bliye timoun pa antre nan simityè, e si ou antò se ou ki te kòmanse anmède moun nan avan, pa ale devan jij la.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka