Ofrann lwa
https://whatsapp.com/channel/0029VbAqBqR4Y9lmZTEX5A1n
*OFRANN LWA*
Men kèlke rezon ki kapab lakòz yon Lwa pa aksepte yon OFRANN MANJE.
1- Si w pa an amoni ak antite a, tankou gen kèk pwomès ou pa respekte, gen kondisyon amonizasyon ou pa janm respekte...
2- Si tout fwa ou erite byenfè antite sa a, nan youn nan lineyaj ou yo, epi gen demand ak rityèl yo te konn fè sou non w pou li, ou sipoze konnen yo byen...
3- Ofrann manje lwa dwe fèt sou 3 Wòch dife.
4- Pa mete lay, ten nan manje ofrann loa...
5- Bay Kouzin Kouzen zaka manje nan manje a anvan.
6 - Kote w ap bay Loa ofrann manje dwe pwòp, pirifye jouk li sakre, ou ka fè kote sa tounen NICH yon LOA.
7- Pou fè manje ofrann Loa, fòk ou konnen tout engredyan ki ka vibre l....
Èske Loa manje pou vant li plen menm jan ak moun ?
Non, Se yon langay...
Se lodè a ki vibre l, menm si w ta mete yon ofrann manje pou yon antite, epi w ta wè manje a manke, se youn nan pami siy ki montre w li aksepte l...
yon Lwa pa gen kò fizik, li gen kò espirityèl, li pa ka ni swaf, ni grangou, ofrann likid ak manje se pou yo rantre.
Comentarios
Publicar un comentario