Pou konekte ak lwa ki nan bitasyon w
Kijan pou mwen rekonekte ak Lwa ki te nan fanmi m ?
Eskòt Lwa ki mache avèk yon fanmi toujou la, yo pa janm fè wonn pòt. Lè ou chwazi pa okipe yo, yo fè silans. Si yon fanmi pèdi kontak ak Lwa li paske yon jenerasyon te chwazi rejete yo, nenpòt kiyès nan fanmi an ki vle ka reprann relasyon ak Lwa yo.
• Dabò fòk ou chèche konnen kiyès Lwa ki mache ak fanmi ou.
• Ou ka mande yon ansyen nan fanmi an
enfòmasyon sa.
• Ou ka mande Lwa yo pou yo manifeste :
▪︎Limen yon balèn blan chak swa, pandan 9 jou bò kote yon kivèt blan plen dlo. Avan ou domi, w ap mande pou yo vini vizite ou. Dòmi pou kont ou ak kivèt la bò tèt ou. Depi 9h fòk ou deja benyen epi kouche, Lwa pa mache ta jan nou konprann lan.
• Ou ka tou ale kay yon gid k ap ede ou
idantifye Lwa fanmi ou.
• Lè ou fini refè konesans ak Lwa ou yo, ou ka envite yo vini manje ak ou. Sa ka fèt an prive, konsa tou si gen mwayen ou ka fè yon dans.
Epi tou, ou ka kòmanse fanmi pa w ak eskòt Lwa pa w.
• Kòmanse pa envite Lwa ou renmen vini lakay ou.
• Limen lanp li.
• Sèvi manje pou li.
• Mete koulè li renmen sou ou.
• Pa envite yon pakèt Lwa ansanm tout swit, envite yo youn aprè lòt.
Comentarios
Publicar un comentario