Enpòtans chyen sou plan mistik
Enpòtans Chen sou plan mistik.
Anpil moun gade chen jis yo konsidere chen kòm yon bon zanmi ki fidèl, ki lwayal e ki p'ap trayi yo, gen moun ki konte chen pami fanmi an e yo bay chen an tout dwa yon moun genyen, gen moun olye w pichkannen chen l pito w ba l yon kalòt koz yo sansib pou chen yo e yo depanse gwo lajan pou chen yo.
Men anpil nan moun sa yo souvan pa konn ki kapasite chen gen lakay li sou plan mistik se sa m pral esplike w jodi an.
Sou plan mistik chen yo la kòm pwoteksyon kay la, lakou, kont tout malfektè, movèz espri k ap vin antre nan kay la.
Kijan yon chen defann li fas ak yon movèz enèji lajounen?
Lajounen lè yon movèz espri atake kay la yonn nan bagay w ap konn sa w ap wè tout plim ki sou chen an kanpe yo leve, epi w ap wè dèyè kou l plis yo kanpe, imedyatman ou wè l jis ap gwonde li poko jape se paske movèz espri a kanpe tou l ap obsève chen an, imedyatman movèz espri sa ap rapwoche l de chen an premye sa w ap wè chen sa fè l ap chèche ang 90 degre nan kay la pou l abrite l yon fason pou l mete ou menm i se mèt li an an sekirite e pou l mete tèt pa l an sekirite kont movèz atak movèz espri sa kapab fè, epi w ap wè tout grif nan pye l sòti, l ap kòmanse jape, men ou menm ki pa gen 3e zye a ki se 6e chakra ki ouvri lakay ou ou kapab di sa chen sa gen la, gen nan nou ki gen tandans kouri dèyè chen an, oubyen tire kout bwa dèyè l sou pretèks l ap fè twòp bri nan zòrèy ou, men moun ki mistik la premye sa l ap fè, l ap chèche ansan l ap boule anndan kay la, si w pa gen ansan ou kapab boule kanf lè sa w ap ede chen sa atake movèz espri sa e kouri dèyè l.
Si se lannwit movèz espri a vini pou antre w ap wè se depi dèyè chen sa ap kouri pou vin antre ou menm kòm mèt li pa fèmen pòt sou li, pa di l sòti, lè l kouri antre w ap we se sou ou menm l ap vini epi l ap rale nen l l ap pran fre, imedyatman movèz espri sa kite lakou a l ap rapwoche pou l antre anndan kay la, w ap wè chen an kòmanse ap gwode tankou se kriye l ap kriye, si nan zòn nan gen lòt chen w ap tande yo reponn paske yo menm tou resanti menm efè a, epi w ap wè chen sa abrite l menm jan pou l defann kay la, ou menm kòm vodouyizan si w gen Bazillik, oubyen florida, oubyen lòt pafen pafime kay la epi pale ak enèji w yo, e si w vrèman konekte w ap santi gen yon move bagay la kò w ap fè chè de poul, si w nan dòmi w ap santi kay la cho, ou kapab menm wè w ap fè vye rèv ou nan konba.
Comentarios
Publicar un comentario