Si w wè lwa monte w nan dòmi

 Si w wè lwa monte w w ap fè tretman pou moun.


Sa vle di w se yon moun yo bezwen chita travay


Lè w wè ou gen lwa lakay ou.


Pandan lwa monte w nan dòmi li kapab fè w wè ki lwa li ye, swa li site non l, oubyen li ka fè w wè ki koulè mouchwa ki nan tèt ou, koulè rad ki sou ou, e se avèk sa yo w ap kapab wè ki lwa ki sou ou, pi souvan si w wè lwa monte w ou chita ou pa pale sa vle di lwa sa bezwen w sèvi l, li fè w wè se li ki mèt ou, w ap gen pou devwa achte bagay li yo, avan li vin monte w la l ap gentan pale avè w nan lòt rèv kote l ap di w tout sa w ap gen pou achte pou li, se tèt di li wè w ap fè ki fè l chwazi monte w la, sa se dènye faz la li fè w wè l monte w, si w fè tèt di li pap bon pou ou.


Men kisa w ap fè lè w fin achte bagay li yo, w ap pale avè l ak yon balèn epi yon gode dlo, w ap di l vin pale avè w ankò, w ap depoze gode dlo a bò tèt ou ak balèn nan atansyon wi pou pa mete dife nan kay la wi..

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka