Gede Mazaka

 Gede Mazaka se yon figi nan fanmi Gede yo nan tradisyon Vodou Ayisyen an, sitou atravè transmisyon oral lakou ak pratik rityèl yo. Yo prezante l kòm yon lespri ki pote pwa lanmò ak memwa, men tou ironi, verite brit, ak rèl lavi.


   Nan lespri Gede yo, lanmò se pa yon bout wout, se yon travèse.

Gede Mazaka raple nou verite pa toujou agreyab, men se li menm ki delivre lespri moun.

Li pale klè, san degize, li rache mask sou figi ipokrizi.

Ak ri, ak pawòl di, li fòse nou gade lavi jan li ye vre, san manti, san kache.

GEDE MAZAKA vibre! pi ede sila yo ki kwè nan kilti yo devwale tout manti kache epi konn tout verite sa ki pwòch yo tap kache.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel