Entradas

Mostrando entradas de noviembre, 2023

Papa Osany

  Papa Osany Mèt Osany Se Yon Lwa Nan Eskòt Ogou a ki sòti nan peyi Nigéria. lwa sa pa gen ni pye ni ponyèt e se lwa ki pi fò nan tout eskòt Ogou a. Lè li vini sou yon sèvitè se sou beki li mache. Yo mare yon mouchwa nan beki a ak yn mouchwa nan Ponyèt li. Koulè prefere l se wouj menm jan ak tout lòt Ogou Yo. Li Bwè Rhum, li Fimen, li manje kòk Wouj Li manje kabrit, bèf jòn e li Manje Pwason tou. Koulè bag li se Wouj Gen Plizyè Osany Tankou Osany Batala, Osany balomi  Osany kikan Nou konnen tou. Tout lwa Ogou yo yo konn fè Seremoni pou yo ki rele Kouche Yanm. kote tout Hounsi Abiye an Blan Mouchwa wouj pou yo manje yanm ak pwason bouyi. Osany Manje patat, Bannann, Diri Jòn, pwa wouj Elatriye.

Siyifikasyon lè ou wè koulèv nan rèv ou

  Anpil nan nou lè n fè rèv nou toujou panse se bòlèt sèlman, pandan ke gen kèk rèv nou souvan fè se yon mesaj ke espri yo vle fè pase. Majorite rèv ke w fè se ak sa w konn ap panse pandan jounen ou wè nan rèv la, konsa tou ou konn pa fè yon seri panse pandan jounen an epi w ale kouche ou fè yon seri de rèv. Jodi a kilti lakay pote yon ti eklèsisman pou ou lè w reve koulèv, kote n pral pale w de sitiyasyon lè ke w wè koulèv nan rèv ou. Wè yon koulèv nan rèv pa gen yon sèl siyifikasyon. Lè w dòmi ou wè yon koulèv nan rèv ou, li genyen plizyè karakteristik, se sivan karakteristik sa yo nou pral ba ou siyifikasyon de kalite koulèv ke w wè a. Jeneralman lè ke w wè yon koulèv nan rèv ou sa konn gen pou wè ak vi seksyèl ou, li kapab gen pou wè avèk sa k rele desepsyon oubyen genyon moun k ap twonpe w oubyen ki pral trèt ou. Ann ale dirèkteman nan chak karakteristik koulèv yo. Lè w reve yon koulèv li kapab vèt ou nwa. A pati de koulè sa yo yo chak genyen siyifikasyon yo. Lè w reve ...

Lwa Danmbala e Ayida Wèdo

  Lwa Danmbala wèdo e ayida wèdo. Lwa dambala sa li se Youn pami gwo lwa yo nan lakou yo ou jwenn lwa sa ak tout eskòt li yo pou pwoteje sèvis nou korekteman.     Pataje konesans yo  sou lwa yo vodou se kilti nou Kilti nou se fòs nou se limyè nou Lwa sa se yon lwa ki bay anpil eksperyans konesans li la pou geri bay lavi. Lwa sa souple Moun li chwazi konnen tout bagay e yo ka fè tout bagay kòrèkteman. Moun ki gen Damballah ak legba ki mache ak yo gade byen jan yo ye si tout fwa yo ta pran responsabilite yo anvè lwa sa yo.                  Dye Damballah wèdo e Ayida wèdo. Sèvi ak koulè blan e vèt ou ka ofri yo ze blan ak farin ak siwo dòja. Espri Damballah sa li gen pouvwa pou li gouvène nan dlo ak nan lè a. Lè w ap fè demand ak li direksyon papa loko ak mèt agwe tawoyo se pou konsantre nou.            Yon bon bagay ke tout Mo...

Liminasyon pou Danmbala

  Kòman pou nou liminen pou Danmbala N.B : lèw ap fè liminasyon pou Danmbala pa fimen pa bwè Objektif yo se toujou menm ak sa nou te fè nan Liminasyon pou Atibon Legba Materyèl pou liminasyon 1er Dimansyon pou Danmbala 1- gwo balèn blan ou vèt 2- Mouchwa vèt ou blan - Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan) - Pirifye espas la - Kleren. Materyèl pou liminasyon 2èm Dimansyon pou Danmbala Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan) – Pafen – Kleren - Mouchwa vèt ou blan - Kivèt blan - Poud blan - Asyèt blan - Koton peyi - Lwil doliv - 4 balèn nan 4 eleman yo 1 gwo nan mitan - 3 gwo balèn an triyang 2 blan, 1 vèt - 1 bwason pou Danmballa (Siro doja, anizèt, Kola blan, ronm blan) - 1 ti balèn devan pòt la pou mande Legba pasaj. Materyèl pou liminasyon 3ème Dimansyon pou Danmbala Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan) – pafen – Mouchwa – Kleren - Asyèt blan - Ze peyi- Farin frans - Siwo kann - 3 gwo balèn en triyang 2 blan 1 vèt - 1 bwason pou Danmbala- 1 bwason pou Ayida wèdo...

Djò Ogou, simbi, dantò, Bawon, elatriye

 Legba ATibon Legba Katawoulo Legba Bwa Legba kay Legba Zankliyan  Tanpri ouvri bariyè yo pou nou paske tout pòt yo preske fi n fèmen pou pèp Vodouvi a  Map mande Timoun yo Ti Marasa yo Ti Jimo yo Manman Jimo Papa Jimo Marasa kay Choukèt Marasa Marasa Dosou Marasa Dosa  Tanpri ti fanmi m yo Vi n resevwa nou nan Lakou a  Nou bezwen al rankontre ak Granmoun ki responsab lakou a  Paske nou gen yon ti koze pou n fè ak Grandèt ki la yo  Ti les zanj ki la yo tanpri pote yon tichèz prete m  Paske mwen pral koze ak Pè a Mwen pral fè yon ti pale ak Grann Aloumandja  Mwen gen deux mo pou m di ak Minis lan  Map gen bezwen General la tou wi  Eske map ka wè ak manman m Dantò Mwen gen deux kestion pou m poze Mètrès Freda  Gade tipitit Ou wè Manbo a la Eee 🤔  Manbo Lovana Lovana tanpri prete m batwèl ou paske mwen gen de twa moso gro ble pou m lave  Tanpri ti Marasa  Marasa Lafrik Ginen  gade pou n wè si Klèmezin gentan s...

Don nan vodou

  Nan vodou chak moun Gen yon don Se sa anpil moun pa Konprann nan yon fanmi ki fe yo rayi lot la. Lwa gade sou karaktew poul baw yon kapasite , Gen moun kap kapab fe beny pou moun Gen lot ki kapab trete nenpot maladi Gen lot se we li ka we pou yon moun epi dil al chèche konnen plis sou lavil Avek anpil lot bagay anko men le konsa malerezman gen moun ki panse otomatikman lwa avel li sipoze ka fe tout bagay se domaj ke yo pa fome nan kesyon sa yo. Vodou bel men se konnen ki fe. E se prensip ki mennenw kotew vle rive ak sajes ou e lanmouw 🕯️ premyeman toujou eseye rete pi  pur kew kapab epi toujou fe liminasyon pouw jwenn repons ak kesyon w yo epi ouvri kew plus bay lanmou. M’en pa bliye don se pa bagay ou mande men pito sa yo baw alors siw pa genyenl pa obstiné w pou genyenl kite yo baw saw merite sa yo wew kapab mete en valeur. Men toujou rete pi pré yo ke posib. Sonje ou pa dwe cheche pwouve peson anyen men pwop tet ou se deja yon prev vivan.

La voix intérieur

 L a voix intérieur est le niveau de vibrations que nous atteignons quand on est connecté à la source,autrement dit c'est la voix du troisième oeil qui nous permet de brûler en nous les impuretés à fin de s'élever dans l,astral supérieur. Mais pour y parvenir nous devons aligner en nous les 7 chakras . C'est tout un processus

La spiritualité

  Il faut connaître aussi des objets sacré à l'utilise pendant la rituel,  Nous utilisons pas de bougie, pas de parfums, on a des arbres qu'on mélange pour avoir de fumée comme parfum et feu.  La spiritualité n'est pas la religion ni une obédience mystique.cest dans ces loges qu'il faut respecter le code lié à leur égrégore. Par contre je pense que la spiritualité est un enseignement universel qui ne respecte à aucune obédience ni à une religion... c'est le développement personnel valable pour tous.

Kòman pou Sakre mouchwa

  Ou ka jis benil ak dlo bazilik florida epi pawòl ou Pi fò moun se konsa yo beni pa yo gen moun se ak kleren bazilik florida pou lwa Petwo yo ak Nago yo Alors pou koze sakre mouchwa… 1 depi lew pral achte l avanw soti ou kapab limen yon balen ou bouji pou adrese lwa menm sou intention w men sa se fakiltatif. 2 lew depi lew ap htl la htl sou nom lwa kew pral sakrel la. 3 lew rive lakay ou ou kapab lave oubyen pa chwazi lavel men mwen mpat tap konseye lave l'. 4 ou dwe prezante l ba soley la nan matin sou nou lwa e bay lalin nan nan aswe sou nom lwa. 5 dispozew e pa bliye Anyen pa fet nan fenwa depi se byen wap cheche. Balen ou gode dlow 6 res detay yo kivet blanw, florida w , bazilik ou , 3 grenn sel ou… etcétéra… Se yon moun ki pataje avem epim pataje ak nou se sak fe nou pale de pataj nan vodou a 🕯️🕯️🕯️ prezantel 4 fasad  le w fin limen epi pale koze w'.

Sèkèy Madoulè

  Sèkèy Madoulè an se yon Sèkèy ki moute sou règleman sosyete chanpwèl la chak sosyete gen you'n 1 ou de 2 jiska 3 Sèkèy sa depan de regleman sosyete a donk lè nou antre kay yon wougan nou wè li gen yon Sèkèy ki anba peristil la anpil fwa yo konn gen anpil lajan ladan yo to mete nan tèt nou se yon Sèkèy madoulè ki sou regleman chanpwèl e wougan sa tou diw li gen sosyete chanpwèl ebyen trè souvan Sèkèy sa konn plase nan antre peristil kay wougan yo depiw antre fòk ou wèl Sèkèy sa gen 3 boutèy regleman ladan gen kote se 2 boutèy li gen sèlman lèl gen 3 wap jwenn youn nan tèt li youn nan pyel lòt la sou li lèl gen 2 li gen youn nan tèt li youn nan pyel Ebyen lè chanpwèl la ap chofe pou li pran lari chak moun ki nan sosyete chanpwèl la gen pou pran boutèy ki plase nan pye Sèkèy la pou jete 3 kou atè pou mande pasaj apre pou yo travèse Sèkèy lan.

Gran moun lontan yo

  Granmoun yo te respekte e respektab. Yo te gen pi bon definisyon Moun. Yo kraze atè plat divizyon lòt bondye yo te vle tabli nan mitan yo. Kafe an pataje nan tout Kanton an. Vwazinaj se fanmi. Chak maten yo leve yo bale tout koridò yo. Tigason yo menm al nan dlo. Tifi yo ap lave asyèt. Gason yo menm te gentan pati byen lontan sa. Yo te gentan frape wou depi bajou kase. Timoun pa t janm gen rezon douvan granmoun. Paske yo di yon sèl moun pa leve timoun. Tout granmoun nan Kanton an se paran tout timoun. Ou pa gen dwa soufle sou granmoun ni fè jès maledve. Ou dwe pale tankou yon timoun ki gen bon levasyon. Menm si chak timoun yo te lekòl, yo tout te gentan genyen byen pa yo. Sa ki gen ti kabrit, ti bèf ak poul. Yo tout te konn sa k rele lawouze paske Vodou an egzije ke n pa dwe kouri lwen lanati.  Lannuit nan gran lalin, se siy vivan ke Vodou an anndan nou. Listwa yo ap rakonte, san nou ap tresayi. Chan yo ap fè n pè. Men se pa pè vre, listwa yo se te leson ki pou pèmèt nou r...

Lwa Marasa yo

  🍃MARASA LA YO: ⭕LWA MARASA: CHAK LWA NAN ESPAS TAN AN JWE YON GWO WÒL E YO GEN ANPIL ENPÒTANS TOU, LWA MARASA YO SE YON ENÈJ TI MOUN. LWA MARASA YO SE LWA SAKRE  SELON TRADISYON NOU KISE: VODOU AYISYÈN AN, LWA MARASA YO GEN KARAKTERISTIK TI MOUN (TI FI AK TI GASON). LÈ LWA SA YO VINI SOU YON ERITYE, NAP WÈ YAP JWE, DANSE, PONPE, VOLE ANPIL, YO TIMID EPI YAP SOURI SOUVAN, APRÈ SA OU KA WÈ YO VINN DOU TANKOU YON TI INOSAN, LI FÈ MOUN NAN AJI TANKOU YON TI MOUN KI DEZÒD. ⭕LWA MARASA YO SE AVNI TRADISYON ZANSÈT NOU YO (VODOU) KI REPREZANTE LANMOU, LAPÈ, KÈ KONTAN, LAJENÈS, JISTIS, LAVI, PIRIFIKASYON, AK BENEDIKSYON. YO DIFERAN PA RAPÒ AK LÒT LWA YO KI NAN VODOU AYISYÈN AN, NOU KA WÈ DIFERANS YO NAN SALITASYON YO AK REGLEMAN YO. SWIV BYEN NAP WÈ SA LÈ NOU AL NAN DANS YO. KONSÈP LWA SA SE: 1+1= 2 OU 3. ⭕LWA MARARA YO RENMEN MANJE: BONBON🍪, SIRÈT🍬,GATO🍰, PÒK KONN MAYI🍿,BONBON SIWO, CHIKO, KASAV DOUS, TABLÈT, DOUS MAKÒS, YO RENMEN BWE KOLA🍾ANPIL, YO CHITA ATÈ POU YO MANJE. M...

Lwa Petro

  Kèk lwa Petwo Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj, Rit petwo a se sou zile a li a li pran nesans. 1.AZANGON LORO 2.BAKOULOU BAKA 3.BOSOU TWA KÒN 4.BRIZ MONTANY 5 - BRIZE 6 DAM LAVE 7.DAMBALA WEDO DJENKE 8.DISPONYA LODE 9. EZILI BOHAN 10.GOUGOUN DANYON 11. GRAN BWA MEDJI 12.GRANN BOT 13.GRANN EZILI 14.JAN PETRO 15.JATIBWA KENTO 16.JENERAL BRIZE 17.KABWATYE 18.KAFOU GDI GHIDI 19.KAFOU TWA 20 LAYE BWA 21 LEGBA BWA 22.LENGLENSOU BASEN SAN 23 LENGLENSOU DANMAN  24.LENGLENSOU GWE 25.LENGLENSOU PYE 26. MAHILWEIZ BOUMBA ( manze) 27. MAMBO ADELAYID GWO TETE 28. MAMBO DAYILA 29. MANMAN YANGAN 30. MARASA BWA 31. MARASA LAFRIK GINEN 32. GRAN BWA ILE ( MET ) 33.LOVANA ( METRES ) 34. MERANSYEL ( METRES ) 35.PYE ( MOUCHE ) 36.OGOL JE WOUJ 37. PYE BRIZ 38. PYE DANTO 39. PYÉ DANYON 40. PYE MARAJOU 41.SIMBI AFRIKEN 42.SIMBI AMPOLA 43.SIMBI DHLO 44. TIJAN DANTO 45.TI JAN PETRO 46. ZAKA KWESI MANYAN 47. ZAZI MAZWA  48.ZILE MPEMBA 49. ZINGA...

Ki sa ki rive lè yon moun pran lwa

  Kisa ki rive lè moun pran Lwa ? Gen dèfwa, lè ou ap lapriyè oubyen medite, ou rive vin annamoni avèk yon Lwa. Se kòmsi ou vin sou frekans Lwa a. Menm jan lè ou mete yon aparèy radyo sou frekans yon estasyon. Lè sa, jan ou wè estasyon jwe nan aparèy la, Lwa a pase sou ou e ou vibre avèk li. Lè sa ou vin gen yon ti kal nan pouvwa Lwa sa. Sa pèmèt ou fè gerizon ak anpil lòt bagay. Gen moun ki pa janm ka pran Lwa. Se yon ti frison sèlman yo santi lè Lwa vini. Gen lè tou, nan dans pandan tout moun ap chante, (ki  se jan nou lapriyè) kote a vin annamoni avèk Lwa ou tap chante pou li a. Lè sa, Lwa vini epi tout moun ki annamoni ap santi Lwa sou yo. Ou ap wè lè sa, fòs la pa menm paske se te rejwisans ki tap  fèt. Lè fòs Lwa pase sou ou, si ou pa antrene w ap gen difikilte pou kontwòle kò ou. Fòk nou fè atansyon paske gen anpil moun se estera y' ap fè, gen chalatan tout kote.

Marinèt

  Marinèt se nan dimansyon Gad Yo onore li vandredi, Samdi Ak piman oubyen diven wouj Manje Marinèt pa kwit lajounen Ni tou yo pa desann li sou dife Nenpòt jou ou kapab rele Lwa w, LWA Petro yo, se Mardi samdi ki pi bon pou yo antre pou wanga ki cho. Gen bitation se mouchwa wouj Gen lot se Jòn menm jan ak Tijan paske depi Marinèt la Tijan paka lwen yo tout se 2 Gad ki chita sou fòs Solèy la Ala diferans Tijan plis renmen banbòch men manman m Marinèt pi poze Li bwè gaz tou Li renmen boukan tou wi Men jan yo boule bwa Tijan Nan Latibonit yo boule bwa Marinèt Ansyen yo te toujou jouke lwa sa, epi yo pat janm entèpele li pou jwèt paske pwisans li fò Se yon lwa brit li ye. 🔥Marinèt Pye chèch 🦉" Souvan nou tande pale de Marinèt pye chèch Men anpil nan nou pèdi nan toubiyon fòlklò ak tout kalite mit ki kreye sou do lwa sa a,  yo rele Marinèt la. Marinèt pye chèch sòti nan eskòt Gad yo, kavalye pòlka li, se Ti Jan, ke nou plis jwenn nan Nò peyi a, manifestasyon Ti Jan ...

Si w' mistik fòk ou gen bagay sa yo lakay ou

  Men yon ansanm materyèl Vodouyizan itilize swa nan sèvis Ginen yo. Krich La Renn Kongo Krich manman Jimo Je Marasa an potri Je Marasa an Bwa Ganmèl Batwèl Gode emaye Kanari Govi Chodyè zen Kalbas Pilon epis Pilon Pwen Kiyè bwa Laye Diferan chapo pay Kwakwa Kalbas kouran Ason Diferan baton Lanp a vè Lanp tèt gridap Kòd pit Kòd lataniye Diferan Makout Diferan chèz Dodin Gode bwa Lanp 3 tèt Lanp 7 tèt Kouto manch Bwa Ponya.

Kòman ou k'a liminen pou pale ak yon mò

  Ou genyon moun lè n re fenk mouri ou te konn reve l sitou lè w nan difikilte epi se rete w rete konsa ou pa janm wè l nan rèv ou, malgre fè demand avè l li pa janm vin fè w wè l, ebyen jodi a kilti lakay pral voye ale fè yon bagay pou ka gen chans rewè moun sa nan rèv ou ankò. Men kisa w ap bezwen: Wap achte yon kui san machande sou non moun sa. W ap achte bannann, patat, aransò. W ap boukannen bannann nan ak patat la aprè sa w ap grate yo mete yo nan kui a, aprè sa w ap fè yon fri kase ak aransò a, w ap mete yon luil fri, epi w ap mete aransò a ladan l mete anpil piman, epi vide yo nan kui a sou bannann nan ak patat la, aprè w ap fè yon ti kafe dous ak kafe anmè. W ap ranje yon ti tab an blan, mete yo chita sou li, limen yon balèn blan nan mitan kui a, jete kafe, jete kleren, jete dlo, pale ak moun sa, si w jwenn yon foto moun sa mete l anba kui a oubyen anfas ou, pale avèk mò sa, di l men manje ou fè pou li, si se grangou lj grangou kote l ye a ki fè l pa vle vin pale avè w...

Èske yon moun k'a arete Bawon

  Bawon son Grad mistik ke yon Nanm pran pou devni chef yon Simetyè, sa nou dwe konnen se premye moun ki mouri ki antere nan espas la ki pran Grad Bawon an. Genyen plizyè Bawon e tout pa jwe menm wòl, gen Bawon Samdi, Lakwa, Novanm, Simetyè, Kriminèl e dimansyon Bawon an se grad 7, kounya kiyès nan Bawon yo ke Nèg Epe a mare ? Nan ka Nèg Epe a sa mande reflechi, paske Gad Bawon ki reprezante Gad Bawon Nasyonal la pa nan depatman lwès, se nan Nò li ye, m pa bezwen di ki komin, se premye Simetyè ki te konstwi nan mawonaj pou te antere esklav nan Nò yo, donk pou te arete Bawon, fòk ou ta jwenn Bawon ki an chef la pou ta aretel. Èske yon moun ka arete on Gad Bawon ? Wi ou ka arete on Gad Bawon, paske Gad la se te yon ansyen moun li te ye, sa depan de ki tip de tanperaman moun sa te genyen, wap bezwen non li te genyen lèl te vivan, kote li te sòti nan zòn lan, wap relel ou negosye ak li, yon mèt Spirityèl gen dwa pote plent e arete yon Gad Bawon an ka Bawon sa vyole prensip Ginen an ...

Bawon samdi

  Bawon Samadi  Nan non Bawon "Samdi" nou jwenn yon bann lòt frapman de mo (Sa ma di , Samdi , Sa'm di , oubyen Sa Mwen ta di ? Kisa'm Di ? Kisa Mwen ta Di ? ) ... Lè w anmègde Yon Granmoun lontan ak Yon koze twòp si l pa fè Yon soupi ba ou wap tande l di ,,, (Sa m' ta di? Bon Sa w vle m di ? Sa ma di ? ) Sa vle di tèlman dizon an anpil pa gen koze pou di ... Ebyen nan fason Bawon Samdi manifeste li montre w li pa konn nan pale anpil karaktè li toujou montre w li se yon Djab (Djab = Vanyan ) , li pa nan pale ak pèson e tèt li toujou dwat pou l franchi baryè devan rezon li. Bawon Samdi se Yon potorik Lwa ki sòti nan eskòt Lwa Petro a , se li ki kòmandan antèt Simetyè e se li ki Mèt tout Gede yo, nan eskòt li an gen lòt Bawon tankou (Bawon La kwa , Bawon kriminèl , Bawon Mazaka Lakwa , Bawon Zoupimba , Bawon Tonnè , Bawon Gran Chemen ... ) . Se Bawon Samadi ki Mouche Grann Brijit ... Si w konn ou pa legal ou pa dwe al devan Mouche sa a , ou pap jwenn kominikasyo...

Kiyès ki Bawon Kriminèl la?

  Kiyès ki Bawon Kriminèl la ? Bawon Kriminèl se yon espri jistisye feròs. Li tankou yon santinèl, yon gadyen Istwa a di, ke li se premye Kriminèl ki te kondane a mò. Se li menm tou ki se kapitèn eskòt  zonbi yo. Yo di ke li se yon kanibal, ke li kriyèl tou. Men an reyalite, se ke majorite moun nan vodou pa konn anyen de Bawon Kriminèl, paske se yon lwa ki chaje sekrè e mistè. Bawon Kriminèl se yon lwa bizango, se sou rit Dan petro swa Bizango/Makaya ke yo sèvi l sèlman. Se selman moun ki sou devosyon li, kap konnen sèvis li, regleman l, seremoni l, rezon l e ki konn sekrè maji lwa sa. Donk, lap trè difisil, pou w pa inisye nan sosyete sekrèt epi pou w sèvi fò e byen ak Bawon Kriminèl. Map di sa tou senpleman paske Bawon Kriminèl se yon egrego de Bawon Samdi. Fòs li, degre li, si tèlman fò e cho, ke moun pa ka sèvi avè l nan rit ginen. Bawon ke yo sèvi nan rit Ginen an, se Bawon Samdi Se li ki gadyen sejou mò yo. Li menm ak Grann Brijit. Bawon Samdi, se premye mò ...

Liminasyon bitasyon manman ak bitasyon papa

  LIMINASYON BITATION BÒ MANMAN AK  BÒ PAPA. Marasa ginen, marasa bwa, marasa kay, Marasa 3, marasa 4, Dosou, dosa. Èzili Freda Dahomey ak tout eskòt li Ogou Badagri ak tout eskòt li Mèt osany ak tout eskòt li Klèmezine ak tout eskòt li Lasirèn ak tout eskòt li Mèt Agwe ak tout eskòt li Avadra gran chimen ak tout eskòt Mèt kafou ak tout eskòt li Papa Legba ak tout eskòt li Danmbala wèdo tokan ak tout eskòt li Ayida Wèdo tokan ak tout eskòt li Espri dlo yo ak tout eskòt yo Espri van yo ak tout eskòt yo Espri tè yo ak tout eskòt yo Espri dife yo ak tout eskòt yo Espri foudre yo ak tout eskòt yo Èzili Dantò, Èzili dan petro, Èzili je wouj, Èzili boran, Ezili mapyang, Ezili 7 kout kouto ak tout eskòt li Sobo naki, sobo Badè ak tout eskòt li Agawou misan, agawou wewe ak tout eskòt li Zaka ak tout eskòt li Mèt gran bwa ak tout eskòt li. Lenglensou, lento , nèg mòn, dyab andèy, kadya Bosou, Bosou 3 kòn, Bosou 4 kòn ak tout eskòt li. Espri gede yo ak tout eskò...

Sèvis pou Papa Danmbala

  Danmbala  Yo venere l jou dimanch Wap acht 2ze peyi wap mande ze kòk yn ti farine blan epi wap bouyi yn te kanèl wap sukre l ak siro myel epi wap pran menm kanèl ki bouyi a wap mete yn ti lèt bouyi la dan u pap sukre lèt la nn epi wap limen yn balèn blan yn vèt epi wap depose yo pou li wap pale avèk li men fòk kote wap depose zafè a pròp wap tj kòmanse ak yn gode dlo pou mande pasaj epi wap simen siro kann an sòti deyò antre andan kote u depose bgay yo anfòm S epi pa bliye ba li parfum pompenya se avèk li sèvi ok Pou tout moun ki bezwen prezans danmbala kapab fè resèt sa Makaya vle di fèy pou yo te rele'l konsa se paskel te gen yon koneksyon ak nati a oui li tefè yon sèl avel oui li konnen tt fèy pouli mete ansanm lifè pwazon oui

Dambala

  DANMBALA 🐍 Danmbala (Papa Danmbala) yonn nan pi gwo lwa nan Panteyon Vodou Ayisyen an li se papa lwa yo. Se yon Lwa nan vodou Ayisyen an ki senbolize konesans, bonte, sajès ak fètilite. Damballah, gen byenfezans kòm prensip ki karakterize l, li viv tou pre sous dlo ak rivyè, li pa viv nan dlo sale. Sa a se nan tradisyon vodou a. Li se divinite lenkal dèzenka se sou apelasyon sa pèp atlant lan te te konnen l. Li senbolize pa solèy, pa yon koulèv vèt. Nan yon seremoni Danmbala la dwe kouvri an blan, si se lakay ou nap ki sou tab la dwe bwode. Devan tab la w ap mete yon ze peyi chita sou farin blan. Ze ak siwo dòja, siwo kann se bwason prefere papa Danmbala. Koulè li se Vèt ak Blan. Li mache ak madanm li Ayida Wèdo ki senbolize lakansyèl ki se sèt koulè linivè revele a. Nan rit rada li se Danmbala wèdo Nan rit petwo li se Danmbala laflanbo. Lè l chovoche yon moun moun nan ranpe tankou koulèv e li sifle li pa pale. Ayibobo! Ayibobo! Ayibobo!

DIFERANS ant yon chandèl ak yon balèn

  DIFERANS ANT CHANDÈL E BALÈN. Gen moun ki menm inyore kisa yon chandèl ye poutan chandèl vini avan balèn. Nan tan lontan, grandèt yo te plis konn itilize chandèl ke balèn paske balèn se yon pwodwi enpòte ke yo vin adopte nan vodou a, bref… ANN ESEYE FÈ DIFERANS LAN; Chandèl se yon pwodwi natirèl ki konpoze de lasi myèl ak koton konparativman ak balèn nan ki gen pwodwi chimik ki pa natirèl ladan l. Daprè ansèyman grandèt yo, demand chandèl rive pi vit ke balèn; Yo souvan itilize chandèl pou fè demand e yo fè lòt regleman avè l. Mo CHANDÈL la se yon konsèp nan vodou latibonit la ki vle di tou: (Konsilte yon espri atravè ougan ou byen manbo). Egzanp: mwen t ale pase yon chandèl kay yon ougan/manbo. ANN FÈ YON DÈNYE TI PALE; Si w ap gade chandèl la w ap wè nan tèt li gen yon ti twou ki gen fòm yon zye, li rele zye chandèl. (Yon lòt fasèt). Tradisyonèlman yo itilize 2 koulè balèn (Nwa ak jòn). Nwa: pou pale ak mò, bòne pèsekisyon e adrese ak espri tankou Bawon, Brav Ganga,...

Lemba Zaou

  Lemba Zaou Li batize pa grann Aloumanndja, li se frè Lenglensou basen san. Li sòti nan tribi kongo, se li menm ki dirije seremoni pile fèy. Li senbolize pa yon pilon ak 2 manch. Koulè li se wouj e jòn. Li abiye ak yon abiman kaki, yon chemiz wouj e 2 mouchwa yon wouj ak yon jòn kwaze sou lestomak li. Pye bwa repozwa l se pye tamaren. Sèvitè l yo ofri l kòk wouj e nwa, li manje tout manje bouch manje. Li se yon gran majisyen, yon gad, li fimen siga e li toujou pote yon djola sou zèpòl dwat li. Li renmen lè l bay yon Sèvitè l yon bagay pou Sèvitè a pataje ak lot ki pa genyen sinon l pap ba w ankò, li pa pini Sèvitè l fasil. Yo konnen l sou lòt apelasyon tankou: Silageyo, silipaka, silipacha palmannan ak similò. Moun senmak venere l anpil.

7 bon fèy pou beny

  Bon fèy yo:  kapab   amwaz.  Basilic. Sousi.  Râlemen n'en vini. Vevenn zo devan.

7 move fèy yo pou beny

  7 move fèy yo se :bwa kaka' monben Bata   pa jambe. Sèd  manyôk amer.  3 zôm fô.  Avé.

Fran Guinen

  Fran guinen an se yon se mode de vie moun ki nan mystik la mennen li konnen gen anpil bagay li paka fe moun ki guinen fran lap we vi moun nan avan li pa nan tiye moun li pa nan fe sakrifis li pa nan tan chanje li dwe alamod li tjr kenbe menm koutim ansyen yo li tjr vle pataje li pa yon moun kap antre nan sa ki pa gadel li pa nan bay manti li pa nan tet mort li pa nan kouche avek pitit fey li. Avan tou kisa ginen vle di? Gen moun ki di ginen vle di limyè. Gen moun ki di se yon mod de vi. Gen moun ki di nan yonn nan lang afriken yo li vle di fanm. Ann ale an afrik… Ginen se defòmasyon Guinée ou (République de Guinée ) se yon peyi nan afrik lwès la, li pran endepandans li an 1958. Nan epòk esklavajis te gen anpil esklav ki te soti an afrik nan rejyon diferan ki te vin fè travay fòse nan peyi a. Nan rejyon sa yo te genyen ki soti: Guinée Kongo Dahomey Ahoussa Soussou Massissi Baka Etc… Tout se pèp ki t'ap viv nan esklavaj sou bout tè sa alòs nou se desandan yo. Ann wè e...

Ki jan pou n' ekri yon espri

  kijan pou nou kòmanse fè yon demand. Pou fè yon demand men kijan pou kòmanse. Jou w ap fè demand lan w ap di Jodi a se tèl dat ..............w ap site dat la egzanp: Jodi a se samdi 27 me 2023. W ap di Mwen rele entèl....( w ap site non w e siyati w ) Egzanp: mwen rele kilti lakay W ap di mwen se pitit entèl (W ap nonmen non manman w ak papa w...) Egzanp: Manman m rele Dantò, papa m rele Ogou. W ap di: Mwen sòti nan abitasyon ( W ap bay non abitasyon bò kote manman w e bò kote papa w) Nan non Bitasyon kote manman m ak papa m soti nan non gad Bitasyon danti Bitasyon, nan non demanbre Bitasyon. Nan non tout zansèt dafrik mwen yo M ap mande ouvèti e pasaj pou grann Pou lwa Bitasyon m yo vini an espri e an verite kote mwen ye la. W ap di adrès ou.....kote w ap fè demand sa. M ap mande tout espri Bitasyon mwen yo pou yo vini asiste demand mwen an pou yo mete ansanm pou yo aji an favè mwen. pa pouvwa Bondye Lavi a ki mèt Tè a, Mèt Syèl la, Mèt Dlo a, Mèt Van, Mèt Dife, ...

Lanp nan vodou

Li enpòtan lè n ap monte lanp pou nou ekri demand nou yo nan yon fèy papye tenbre, sitou si se pa nan yon fri n ap monte l tankou anana, zoranj si, kokoye, fri yo tou mete w an kontak ak lanati, men lè se bagay se lòm ki envante yo tankou ti chodyè 3, asyèt blan akonpanye lanp lan ak yon lèt. Pou moun ki te mande si yo fè lanp nan kokoye a. Lè w fè l nan kokoye sèch ou pa retire nannan sa se lanp kouzen ki limen nan kokoye sèch, men si w retire andedan se nan po a ou limen sa se pou giyon. Yon lanp bitasyon Monte nan asyèt blan ak 7 mèch, w ap mete luil maskreti nan 3, lòt 4 la w ap mete luil doliv sa yo fè manje a, ou pap limen grenn mèch ki nan mitan se lòt yo ki dwe limen l, mèch marasa yo w ap limen yo avan ak 3 grenn alimèt kole ansanm. La priyè ak Liminasyon  Liminasyon an kisal ye?  Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun. Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare. Se pale nou pale ak Lwa yo. •  Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki  kote.  Lè nou gen bezwe...