Èske yon moun k'a arete Bawon

 Bawon son Grad mistik ke yon Nanm pran pou devni chef yon Simetyè, sa nou dwe konnen se premye moun ki mouri ki antere nan espas la ki pran Grad Bawon an.


Genyen plizyè Bawon e tout pa jwe menm wòl, gen Bawon Samdi, Lakwa, Novanm, Simetyè, Kriminèl e dimansyon Bawon an se grad 7, kounya kiyès nan Bawon yo ke Nèg Epe a mare ?

Nan ka Nèg Epe a sa mande reflechi, paske Gad Bawon ki reprezante Gad Bawon Nasyonal la pa nan depatman lwès, se nan Nò li ye, m pa bezwen di ki komin, se premye Simetyè ki te konstwi nan mawonaj pou te antere esklav nan Nò yo, donk pou te arete Bawon, fòk ou ta jwenn Bawon ki an chef la pou ta aretel.

Èske yon moun ka arete on Gad Bawon ?

Wi ou ka arete on Gad Bawon, paske Gad la se te yon ansyen moun li te ye, sa depan de ki tip de tanperaman moun sa te genyen, wap bezwen non li te genyen lèl te vivan, kote li te sòti nan zòn lan, wap relel ou negosye ak li, yon mèt Spirityèl gen dwa pote plent e arete yon Gad Bawon an ka Bawon sa vyole prensip Ginen an mande.

Èske se yon prosesis fasil ?

Non paske Bawon son chef menm jan ak ou ki se yon mèt Spirityèl, lap difisil pou jwenn tras li pou jijel, paske son jij li ye, li metrize lwa kòsmòs la byen, e Bawon pa bay lòd pou moun mouri sou latè, Bawon la pou li sèlman resevwa Nanm ki deja jije e kondane nan mond vizib la, e li chita nan wayòm li, se imen an ki deplase vin mande lanmò pou yon imen parèy li, e lóm lan chwazi vyole règleman 42 nan kòd kama, ki di Lòm lan responsab de tout ak li, chwazi fè ekspedisyon devan Bawon kont yon moun se Nanm ou ki responsab Lanmò sa.

Kisa Atik 12 kòd Kama a di ?

Imen an gen lib abit li, sa vle di tout desizyon li depan de li e tout responsabilite pran lap responsab zak li, prensip Vodou pa bay Bawon lòd pou atake nan mond Vizib la si se pa yon imen ki vin mande li fè sa, donk Bawon pap janm atake oken moun kap viv sou latè.

Ale nan Simetyè potoprens ou yon lòt Simetyè ki pa nan lye kotem di nou nan Nò pou rankontre ak Bawon Nasyonal la pou di ou arete Bawon ak tout Eskòt li se fo, e pou ta rive arete Bawon fòk ou ta gen yon prèv ou al jije ak li devan Aganman Nibo, e ou menm tou fòk ou pata gen on dèt nan Simetyè a, donk nèg Epe a fè yon sinema pou distrè Pèp.

Si nou bezwen jije ak Nanm Gang yo
Chache konnen kote yo soti
Pote plent pou yo devan Bawon
Kote yo fèt la pa devan yon jij ki rele Jean Britisse Jean Simon e se apati de la prosesis la kòmanse.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel