Siyifikasyon lè ou wè koulèv nan rèv ou
Anpil nan nou lè n fè rèv nou toujou panse se bòlèt sèlman, pandan ke gen kèk rèv nou souvan fè se yon mesaj ke espri yo vle fè pase.
Majorite rèv ke w fè se ak sa w konn ap panse pandan jounen ou wè nan rèv la, konsa tou ou konn pa fè yon seri panse pandan jounen an epi w ale kouche ou fè yon seri de rèv.
Jodi a kilti lakay pote yon ti eklèsisman pou ou lè w reve koulèv, kote n pral pale w de sitiyasyon lè ke w wè koulèv nan rèv ou.
Wè yon koulèv nan rèv pa gen yon sèl siyifikasyon.
Lè w dòmi ou wè yon koulèv nan rèv ou, li genyen plizyè karakteristik, se sivan karakteristik sa yo nou pral ba ou siyifikasyon de kalite koulèv ke w wè a.
Jeneralman lè ke w wè yon koulèv nan rèv ou sa konn gen pou wè ak vi seksyèl ou, li kapab gen pou wè avèk sa k rele desepsyon oubyen genyon moun k ap twonpe w oubyen ki pral trèt ou.
Ann ale dirèkteman nan chak karakteristik koulèv yo.
Lè w reve yon koulèv li kapab vèt ou nwa. A pati de koulè sa yo yo chak genyen siyifikasyon yo.
Lè w reve yon koulèv vèt nan rèv ou, sa konn gen rapò ak w ap mennen, sa pral depan de mòd de vi ke wap mennen an ou merite pote yon chanjman nan lavi w, ou dwe chanje vi w ap mennen ou dwe plis mati, pran vi w pi o serye, koulèv vèt la se Senbòl chanjman.
Lè w wè yon koulèv nwa nan rèv ou se sa paka wè e konprann nan je klè lwa yo vin fè wè yo, sa siyifi tou ou se yon moun ki pa janm aji ak rezon, ou pran tout desizyon w ak emosyon, enfliyans.
Ou dwe itilize la rezon nan tout sa w ap fè, fòk ou mete plis prensip nan sa w ap fè. Lè yo fè w wè sa se pou korije vi w, si w pa vle pran echèk nan sa wap fè.
Tout espri k ap pwoteje w yo se pa koulèv nwa ss y ap pase pou pote mesaj pou ou, men fòk ou konnen kijan pou w tradui rèv la.
Pafwa tou lè nou fè rèv yo, koulèv yo konn pa gwo, yo konn ti koulèv piti.
Kisa sa vle di lè w reve ti koulèv piti?
Lè w reve ti koulèv piti sa vle di ou gen yon ti twoub a travè sante w ki enpeche w fonksyone nòmalman, men ou poko santi anyen.
Fòk ou bay sa enpòtans lè w reve yon koulèv piti, li enpòtan pou w ale fè yon tchèkòp Jeneral pou w ka jwenn ti twoub piti sa ki enpeche w fonksyone a.
Lè w reve yon gwo koulèv vin atake w, sa siyifi ke ou genyon moman difisil nan lavi w w ap travèse kote ou gen pou pran yon desizyon ki ka fè w soufri pou yon ti tan, men k ap bon pou ou, moman difisil sa si w kite l pase san ke w pa pran yon desizyon pi devan ou pral kriye plis, li devan l ap chavire ak lavi w, vi w ap parèt trè trè difisil, li enpòtan pou pran desizyon an avan sa pi konplike pou ou.
Konsa tou ou konn wè yon koulèv antre anndan kay ou.
Kisa sa siyifi si w wè reve yon koulèv antre anndan lakay ou?
Lè w reve yon koulèv parèt lakay ou, sa siyifi ke w genyon fanmi oubyen yon zanmi ki pral trayi w, swa la jalouzi pou sa w posede oubyen pou anyen.
Fòk ou trè pridan lè w fè rèv sa.
Comentarios
Publicar un comentario