Don nan vodou
Nan vodou chak moun Gen yon don
Se sa anpil moun pa Konprann nan yon fanmi ki fe yo rayi lot la. Lwa gade sou karaktew poul baw yon kapasite , Gen moun kap kapab fe beny pou mounGen lot ki kapab trete nenpot maladi
Gen lot se we li ka we pou yon moun epi dil al chèche konnen plis sou lavil
Avek anpil lot bagay anko men le konsa malerezman gen moun ki panse otomatikman lwa avel li sipoze ka fe tout bagay se domaj ke yo pa fome nan kesyon sa yo.
Vodou bel men se konnen ki fe.
E se prensip ki mennenw kotew vle rive ak sajes ou e lanmouw 🕯️premyeman toujou eseye rete pi pur kew kapab epi toujou fe liminasyon pouw jwenn repons ak kesyon w yo epi ouvri kew plus bay lanmou. M’en pa bliye don se pa bagay ou mande men pito sa yo baw alors siw pa genyenl pa obstiné w pou genyenl kite yo baw saw merite sa yo wew kapab mete en valeur. Men toujou rete pi pré yo ke posib. Sonje ou pa dwe cheche pwouve peson anyen men pwop tet ou se deja yon prev vivan.
Comentarios
Publicar un comentario