Lwa Danmbala e Ayida Wèdo
Lwa Danmbala wèdo e ayida wèdo.
Lwa dambala sa li se Youn pami gwo lwa yo nan lakou yo ou jwenn lwa sa ak tout eskòt li yo pou pwoteje sèvis nou korekteman.
Pataje konesans yo sou lwa yo vodou se kilti nou
Kilti nou se fòs nou se limyè nou
Lwa sa se yon lwa ki bay anpil eksperyans konesans li la pou geri bay lavi.
Lwa sa souple Moun li chwazi konnen tout bagay e yo ka fè tout bagay kòrèkteman.
Moun ki gen Damballah ak legba ki mache ak yo gade byen jan yo ye si tout fwa yo ta pran responsabilite yo anvè lwa sa yo.
Dye Damballah wèdo e Ayida wèdo.
Sèvi ak koulè blan e vèt ou ka ofri yo ze blan ak farin ak siwo dòja.
Espri Damballah sa li gen pouvwa pou li gouvène nan dlo ak nan lè a.
Lè w ap fè demand ak li direksyon papa loko ak mèt agwe tawoyo se pou konsantre nou.
Yon bon bagay ke tout Moun dwe aprann byen.
( Pa pouvwa papa loko atisou ak pèmisyon atibon legba ki ka mennen nou sou direksyon Danmbala wèdo
Memorize sa pou tout adresman lwa Danmbala.)
Lwa sa bay anpil prosperite, chans, abondans richès lwa sa souple asosye konfyans li ak yon laflambo ki reprezante ase souvan nan yon pye kalbas ki gen yon bout ke e ki gen zanno nan zòrèy li.
Laflanmbo sa
Yo konsidere w li kòm dyab nan bitasyon sa paske li sou rit Cho kèk fwa li travèse yon Moun aksyon li poze pa Piti
Gwo lwa sa mwen menm ki konnen e se yon bon zanmi pou mwen kèk fwa li ka vizite nou nan nwit pandan nou kouche nan kabann nou nan bon somèy sa ka rive ou tande Souf li anba kabann nan e tou kèk fwa nan bitasyon kote li ye a lè l fè midi ou ka wè l ap soufle tankou kòk.
Atansyon
Anpil lwa li konn reprezante sou fòm koulèv nan dòmi men chak gen koulè pa yo.
Si w malad pou mouri tankou ougan remèt ou pou mouri depi w konnen plasman li nan pye kalbas sa ebyen tè ak kalbas la fèy kalbas ak lòt rezon nan bitasyon an sou non lwa sa lavi nou ka ogmante.
Comentarios
Publicar un comentario