Djò Ogou, simbi, dantò, Bawon, elatriye
Legba ATibon
Legba Katawoulo
Legba Bwa
Legba kay
Legba Zankliyan
Tanpri ouvri bariyè yo pou nou
paske tout pòt yo preske fi n fèmen pou pèp Vodouvi a
Map mande Timoun yo
Ti Marasa yo
Ti Jimo yo
Manman Jimo
Papa Jimo
Marasa kay
Choukèt Marasa
Marasa Dosou
Marasa Dosa
Tanpri ti fanmi m yo
Vi n resevwa nou nan Lakou a
Nou bezwen al rankontre ak Granmoun ki responsab lakou a
Paske nou gen yon ti koze pou n fè ak Grandèt ki la yo
Ti les zanj ki la yo tanpri pote yon tichèz prete m
Paske mwen pral koze ak Pè a
Mwen pral fè yon ti pale ak Grann Aloumandja
Mwen gen deux mo pou m di ak Minis lan
Map gen bezwen General la tou wi
Eske map ka wè ak manman m Dantò
Mwen gen deux kestion pou m poze Mètrès Freda
Gade tipitit
Ou wè Manbo a la
Eee 🤔 Manbo Lovana
Lovana tanpri prete m batwèl ou paske mwen gen de twa moso gro ble pou m lave
Tanpri ti Marasa
Marasa Lafrik Ginen gade pou n wè si
Klèmezin gentan sou de pied l pou mwen
Paske mwen tap mande l pou l al pase yon bale lakay mwen
Paske koze m dòmi deyò
Mwen gen yon doulè la aa
Yon vant kòde
Mennen m kote mètrès la
Pou l ka fè yo bouyi yon remèd pou mwen
Oooooooo Danmbala Wèdo
AYIDA Wèdo vant mwen ap fè mal tanpri dr pa exselans bouyi yon remèd pou mwen
Poze men w sou mwen
Djò pa pouvwa gran chimen legba atibon legba zankliyan legba kay legba flewounde legba zòkòlòsò vye vye legba parenn legba oumgan ikan legba kris legba
Wap jete 3 gout dlo devan chak balen avanw limen yo.
Avan liminen legba atibn
U dwe salye met kafou jete kleren epi pase yon alimet pou pran dife paske li sou dimansyon petwo.
☆ Dyò Èzili Dantò ☆* ....
*Demand ak Mètrès Dantò pou nou jwenn asistans, ak lè nou angaje.*
Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi.
Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble.*
*Pa pouvwa Enèji Kreyatris la ki kreye Linivè ak 4 fòs kosmik yo.*
*Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou jodi a, sou bitasyon manman kite fè manman mwen sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit-ou ap rele'w, ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen e papa ki te fè papa mwen, panche zòrèy ou Mètrès Dantò, tande plent mwen manman, jodi-a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan e pou tout tan k'ap gen tan.*
*Pa kite mwen wont devan lènmi yo manman Dantò, pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, mande mwen sa mwen te kwè ?*
*Mwen fè'w demand sa paske mwen kwè nan lanmou ou genyen pou chak pitit ou ki mache sou prensip ak règleman
Priyè pou jwenn limyè nan bitasyon w
Wap bezwen yon balèn pou fè sa avan men m ou dòmi. Lèw leve nan demen maten vin di sa w wè.
💀💀💀
Nan non legba ATIBON mwen ouvè pòt Bitasyon manman m ak papa m.
Mwen salye tout lwa ki nan bitasyon manman m ak tout sila yo ki nan bitasyon papa m espesyalman ; Mèt Kalfou,Damballah,Marassa, Freda,La Sirène,LaBalèn Ogou,KouzenZaka,,AzakaMede,
Dantor,Baron,Gede.etc map mande nou mete nan mwen abondans ;lanmou,tolerans,mizèrikòd ak sajès, fèm konnen jistis,lapè ak pwosperite vide sou mw bonjan respè pou mwen pou lwa inivèsèl yo ak pou moun ki antoure m
Nan nom baron Samedi,Bawon Simityè ak mèt GEDE NIBO ak tout lwa ki nan eskòt Gede yo mwen salye nanm tout mò ki nan bitasyon bò manman ak bitasyon bò papa'm mwen transmèt nou limyè
Mwen komande n n nan non pi gran espri ke bondye lavi a ki gen tout puisans lan te kreye pou nou founi m bonjan direksyon pou m akonpli misyon m sou tè a map mande ak tout mò,lwa ki nan bitasyon manmanm ak papa m pou yo kanpe goumen ak tout fòs envizib kou vizib ki vle goumen avèm map mande n pou nou kraze tout sa ki fèt deja pou bloke m sou plan sosyal,ekonomi ak espirityèl kraze tout konplo kèlke swa kotel te fèt, kèlke swa moun ki te fèl nan nan Bondye lavi a. 👍👍👍
AGO-
AGOSSI-AGOLA
Priyè zaka
Limen balen vèt oubyen lanp luil doliv ou jou vandredi sevi ak yon rhum bitasyon.
Kouzen zaka mede
Men frew ki vinn kotew mw bezwen pou ede mw viv tankou moun sou latè pandan ti bput tan mw map viv la mete mw sou proteksyon u paske mw konnen yon pye bwa pa k pouse ni donnen san rasin minis la.
Mw mandew mache ak mw nan tout sa map regle nan vi mw jaden gadinay komes bizniss pwoteksyon mw mande pwoteje pawol sa mw adresew kont tout move santiman ogey fe wè jalouzi reziyans elatriye
Mouche zaka mede neg awonbla vodou kouzen zaka odon zaka yonbo neg zakasi zaka tone zaka mazoko zoko mazaka zakrib
Alaso alaso alaso
Priyè Legba 🖤🖤🤍
Pa pouvwa legba gran chimen, legba avadra, legba atibon
Mèt kafou, mèt granbwa,
Vye vye legba,
legba katawoulo, legba kay, legba gwèto
Ouvè wout ban m pase pou m al regle zafè mwen
Nan non legba kolboso, legba zankliyan, legba fèy
Kite pawòl mwen pase rive jwenn ……….
Antre pawòl la nan lespri li,
Fè li konprann mwen.
Pa pouvwa 21 pwen kafou, 21 pwen simityè
Mwen komande ………………………
Ak 21 balèn ki se 21 nanchon Vodou a
Ki depoze sou vèvè sa
Gras pou ou papa legba
Demand mwen akòde.
PRIYÈ A OGOU*
PAPA OGOU mwen vini devan ou , mw ouvè kè mwen ba ou pou dirije m papa Ogou feray.
Ou menm ki se fòs ki anndan fè a kap limen nan boukan an
Map fè tout efom,Ogou badagri
Pou verite ki nan mwen yo jayi , santiman mw yo, panse mw yo ak fòs ki sot andann mw yo.
Map mandew PAPA pou toujou fèm aji avek tout moun avek bòn konsyans ki soti nan wou pou aksyon mw yo pat trayi pèson
Ni nan panse mw yo, ni nan santiman mw yo
Ogou Balendjo,mw te byen batay kont tout manti ak tout kontraryete
Ke mw te rankontre sou chemen mw pandan jounen an.
Nwit la rive,kò mw mande repo
Mw ap fè demande mw nan 4 fasad
À tout esprit Bò MANMAN m , Bò PAPA m ak tout espri vizib ak sa ki envizib yo
Pou yo fè lavi espirityel mwen ak lavi ekomik mwen , amelyore chak jou pou Travay la ka fet pi byen
Mw ap mande ou,Osany Gegimalo
Pou ou antre andann mw ak tout fòs ou
Toutan E tout kote mw ye
Mw vle vin pitit ou pou mw ka pote mesaj eskot Nago a bay lot yo
Papa Loko fè mw gen bon jan kolaborasyon ak renmen pou tout mounOgou Feray pa sèlman la pou Lagè ak Pwoteksyon ou ka moute yon Lanp Ogou tou pou w mande l pou l fè wout pou ou si tout fwa ou ta remake ou bloke nan lavi w ekonomikman Ou ka mande l pou l fè wout pou ou Pou w ka jwenn, ou ka mande l pou l debloke w pou w ka avanse nan lavi ekonomik ou. Pou w fè lanp sa a w ap bezwen lwil dou, presipite wouj, epi w ka mete 7 bon lwil ladan l tou si w genyen epi w ap bezwen yon ti chodyè Zen yo rele l madoken tou gen plizyè kalite sa w ap gade nan foto a se youn yo fè yo avèk Ajil ( men si w pa genyen ou ka fè l nan yon asyèt blan) epi w ap bezwen Kleren w oubyen Ronm ou
Vèvè Ou epi w fè demand ou Pou Eskòt nago a ka ede w soti nan sa w ye a. Awoshenago 🐎⚔️🛡🥃🔥
Pou fè demand a Jeneral Ogou ak pou lè nou nan batay.
Limen balèn wouj oubyen lanp lwil akasya jou mèkredi Sèvi wonm bitasyon
jòn, diri jòn ak pwa wouj, kòk wouj, kabrit.
Nous écrire
Mèt batala. Batalai megi Gason vanyan, nèg ki sezi kle loraj. Ogou feray, nèg fè, nèg o konba, nèg janbe malè mwen angaje, mwen pwal fè yon wout an ale
avè mwen.
Pa pouvwa Ogou fè, Ogou achade bòkò Ogou balizaj, Ogou djanmsanm,
Ogou balendjo Fòk tout lenmi ki bare wout mwen kouri kite mwen pase Nan
non Ogou Chango, Tout sa ki poko soti, rete Tout sa ki sou wout, tounen
Tout sa ki deyò pou atake mwen ap peri ak pèmisyon papa legba, mèt kafou,
Gason lagè sou chimen an.
... Awochènago ....
Priyè pou mande Dantò asistans, ak lè ou angaje.
Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen
samdi.
Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt
poul nwa, banann peze. Gato ble.
Nan Lafwa, lesperans ak la charite
Pa pouvwa Mèt syèl la, Mèt tè a, Mèt dlo a, Mèt dife a.
Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou Jodi a
Sou bitasyon manman kite fè manman mwen
Sou bitasyon papa kite fè manman mwen.
Manman Ezili Dantò pitit ou ap rele ou
Ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen
E papa ki te fè papa mwen
Panche zòrèy ou Mètrès Dantò
Tande plent mwen manman,
Jodi a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou
Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan
E pou tout tan k ap gen tan.
Pa kite mwen wont devan lenmi yo manman Dantò,
Pa kite pèsonn griyen dan sou mwen,
Mande mwen sa mwen te kwè ?
Mwen priye ou konsa paske mwen kwè nan lanmou
Ou genyen pou chak pitit ou
Ki mache sou prensip ak règleman
Bilolo bilolo bilolo```
Comentarios
Publicar un comentario