Lwa Marasa yo
🍃MARASA LA YO:
⭕LWA MARASA: CHAK LWA NAN ESPAS TAN AN JWE YON GWO WÒL E YO GEN ANPIL ENPÒTANS TOU, LWA MARASA YO SE YON ENÈJ TI MOUN. LWA MARASA YO SE LWA SAKRE SELON TRADISYON NOU KISE: VODOU AYISYÈN AN, LWA MARASA YO GEN KARAKTERISTIK TI MOUN (TI FI AK TI GASON). LÈ LWA SA YO VINI SOU YON ERITYE, NAP WÈ YAP JWE, DANSE, PONPE, VOLE ANPIL, YO TIMID EPI YAP SOURI SOUVAN, APRÈ SA OU KA WÈ YO VINN DOU TANKOU YON TI INOSAN, LI FÈ MOUN NAN AJI TANKOU YON TI MOUN KI DEZÒD.
⭕LWA MARASA YO SE AVNI TRADISYON ZANSÈT NOU YO (VODOU) KI REPREZANTE LANMOU, LAPÈ, KÈ KONTAN, LAJENÈS, JISTIS, LAVI, PIRIFIKASYON, AK BENEDIKSYON. YO DIFERAN PA RAPÒ AK LÒT LWA YO KI NAN VODOU AYISYÈN AN, NOU KA WÈ DIFERANS YO NAN SALITASYON YO AK REGLEMAN YO. SWIV BYEN NAP WÈ SA LÈ NOU AL NAN DANS YO. KONSÈP LWA SA SE: 1+1= 2 OU 3.
⭕LWA MARARA YO RENMEN MANJE: BONBON🍪, SIRÈT🍬,GATO🍰, PÒK KONN MAYI🍿,BONBON SIWO, CHIKO, KASAV DOUS, TABLÈT, DOUS MAKÒS, YO RENMEN BWE KOLA🍾ANPIL, YO CHITA ATÈ POU YO MANJE. MEN SE NAN YON LAYE YO KONN KOUVRI LI AK FÈY BANNAN YO KONN METE TOUT MANJE SA YO KÒM OFRANN POU MARARA YO.
⚫MENM LÈ YO SE YON ENÈJI TI MOUN, LÈ FÈ WONGA AVEK LWA YO LI CHO ANPIL TRAVAY OU MACHE ANPIL. JAN YO DIL NAN PWOVÈB LA, PA KITE MARASA KENBE'W, PASKE SIW KITE SA RIVE WAP MARE. SE POU SA LI ENPÒTAN LÈ WAP FÈ YON SEREMONI POU LWA BIRASYON (LWA DANTI) SE YO POUW BAY MANJE ANVAN PASKE YO RENMEN MANJE ANPIL YO RELE YO VISYE 😂. OU DWE SÈVI BYEN AK YO.
🔵LÈ YON FANMI, FI AK GASON GEN PWOBLÈM FÈ TI MOUN, FANM PA KA ANSÈNT, MOUN MALAD PRAL MOURI. LWA MARASA YO SE PWEN FÒ YO NAN DOSYE SA, E SE SAK FÈ LI VREMAN ENPÒTAN POU NOU TOUJOU LIMEN YON LANP🌋POU LWA SA YO (MARASA)
🔴KOULÈ YO SE: BLAN KI SE SENBÒL DE PIRIFIKASYON AK PWÒPTE.
YO SALYE YO. AK YON LWA YO KI GEN TOUT TI MANJE BOUCH MANJE YO, YON BOUJI BLAN, AK KRICH MARASA YO. KI GEN 1,2,3 LADAN KRICH SA YO. SE DLÒ YO METE NAN YO POU FÈ SÈVIS SA.
GEN JIMO, MARASA BWA, MARASA KAY, MARASA KALFOU. MARASA DOSOU DOSA, GEN MARASA 1 NA 7 SELON REGLEMAN AK PRENSIP LAKOU OU BITASYON KAP RESEVWA YO.
♊YON FANMI KI GEN MARASA LADAN'L SE YON GWO FANMI LI YE, LWA SA AP TOUJOU VIV NAN KAY SA. NOU GEN YON ANSANM PRENSIP NOU TA DWE SWIV AVEK TI MOUN SA YO, PASKE YO GEN YON TRETMAN KI TRÈ SPESYAL NAN JAN AK FASON NAP SÈVI AK YO A. NOU DWE BENYEN YO SOUVAN. GEN YON ANSANM DE MANJE AK BWÈ NOU DWE BA YO. SWIV YO ANPIL KONTWOLE YO BYEN. PA BAT YO LÈ YAP FÈ DEZÒD OK SE ENÈJI LWA SA KI FÈL. MEN NAN NANM SA YO NAP WÈ GEN YOUN KAP PLIS ENTÈLIJAN PASE LÒT MWEN PAP KA DI NOU POUKISA.
🎼🎵🎶🎼🎵🎶🎤🎼
MARASA ELOU
MARASA ELOU O ELOU HEEEE
EWA EWA MASARA ELOUE O ELOUHEE
AGO AGOYE AGO AGO
⭕LIMINASYON LWA MARARA: PA POUVWA MARASA DOSOU DOSA DOGWE, MARASA 1, MARASA 2, MARASA 3, MARASA 4, MARASA 5, MARASA KAY, MARASA BWA🌳, MARASA KALFOU➕, MARASA GINEN, MARASA KRIYÒL MIWAZE, MARASA ZENZOU, MARASA, ZENZE, MARASA DOGWE, CHOUKÈT MARASA, NOU SE YE-VI BO WONGITO LAH-DE. AGO AGOYE AGO.
Comentarios
Publicar un comentario