Lanp nan vodou

Li enpòtan lè n ap monte lanp pou nou ekri demand nou yo nan yon fèy papye tenbre, sitou si se pa nan yon fri n ap monte l tankou anana, zoranj si, kokoye, fri yo tou mete w an kontak ak lanati, men lè se bagay se lòm ki envante yo tankou ti chodyè 3, asyèt blan akonpanye lanp lan ak yon lèt.


Pou moun ki te mande si yo fè lanp nan kokoye a. Lè w fè l nan kokoye sèch ou pa retire nannan sa se lanp kouzen ki limen nan kokoye sèch, men si w retire andedan se nan po a ou limen sa se pou giyon.


Yon lanp bitasyon Monte nan asyèt blan ak 7 mèch, w ap mete luil maskreti nan 3, lòt 4 la w ap mete luil doliv sa yo fè manje a, ou pap limen grenn mèch ki nan mitan se lòt yo ki dwe limen l, mèch marasa yo w ap limen yo avan ak 3 grenn alimèt kole ansanm.

La priyè ak Liminasyon 


Liminasyon an kisal ye? 


Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun.

Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare. Se pale nou pale ak Lwa yo.

•  Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki 

kote. 


Lè nou gen bezwen yon Lwa, nou rele li epi 

nou chita pale avèk li

Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nou ap di li mèsi nou fè dans pou li. Lè sa nou envite li nan yon peristil pou nou ka resevwa li 

kòmsadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li e nou 

pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye 

chak Lwa selon règleman li ak grad li. 


Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis espirityèl.

_Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn 

pou Lwa selon yon règleman espesyal. Se 

ladann nou fè demand ak pwomès.

_ Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk 

gen yon moun ki konn règleman ki pou dirije li

_Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen 

jou Lwa a nan biwo li:

•  Chak Lwa gen jou pou li resevwa demand.

•  Si gen ijans ou ka mande pasaj.

_ Selon enpòtans sèvis la, liminasyon ka fèt 

avèk kèk piti oubyen anpil moun. Si ou 

aprann règleman yo, ou ka fè liminasyon 

pou kont ou lakay ou. 


Prensip ou dwe respekte:

1. Bon lè pou liminen se lè solèy ap leve, midi, lè solèy ap kouche epi minwi.

2. Pa liminen lè ou an kòlè

3. Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balèn bouji oswa lanp.

4. Alkòl fasilite kominikatyon ak Lwa sitou lè li boule :

a. Fè posib pou gen yon boutèy kleren oswa wonm, wouj ou blan

b. Sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen lokal.

5. Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan ou komanse. Li ta pi bon si se moun lan menm ou mande padon.

6. Pa janm mande mal pou anyen ni pesonn.

7. Pa janm mande pou tire revanj.

8. Reflechi byen avan ou reklame jistis :

a. Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman men pou tout moun ou te fè ditò tou.

9. Sonje, Lwa ka ede ou, li pa ka fè pou ou.

10. Prepare tèt ou ak kote ou pral liminen an :

a. Benyen av 


E.V ALanp Cho ou lanp Petro nan Vodou Antik. 


Lanp cho oubyen lanp Petro nan Vodou ansyen an se lanp zansèt yo te konn monte ak pi gwo kapasite envokasyon wanga , paske yon Lanp cho monte pou yon koz dirèk e rapid . 


Lanp cho plis monte pou jistis nan Vodou antik l’an pafwa se pou enjistis tou . 


Nan yon lanp cho yo ka envoke fòs Gad , Pwen ak nanm pou plis asirans ke yo envoke Lwa paske gen Espri ki jije avan aji konsa tou gen sa ki pa jije ki jis obeyi a envokatè ou envokatris la . 


Lontan yon lanp cho se yon lanp ki dwe limen a midi ou Minwi paske se nan lè sa yo ki gen plis koneksyon nan Wanga , li ka limen 6è nan maten oubyen 6è nan aswè . 


Yon lanp cho se yon Wanga ki mache rapid men sa depan de moun ki ap fè l la . 


Loas yo plis envoke nan lanp cho yo se Loas Petro yo Loas Nago ak Loas Fawo yo paske yo se Loas cho , men apresa se plis Gad Pwen ak nanm yo envoke nan lanp sa yo . 


Lè yon Danti ansyen monte yon lanp Cho moun pa dwe pase Nan chanm kote lanp sa a ap limen an paske Enèji ou ka detounen Enèji lanp lan , konsa tou lanp lan ka kaptire Enèji ou e rann ou mal alèz , ou paka ajoute lwil ni chanje mèch nenpòt lè Nan yon lanp Cho kap dire 3 ou 7 jou . 


Yon lanp Cho se yon wanga kote ke ou voye yon Espri oubyen plizyè espri akonpanye de fòs dife an ak yon devosyon byen detèmine pou al fè yon travay rapid ou bezwen . 


Yon lanp cho gendwa monte devan Bawon , Nan Kafou , anba jouk poul , Nan pak kochon , anba pye palmis , Nan peristil, nan chanm Gad , nan chanm Pwen , nan rivyè, nan gwòt mistik elatriye. 


Nan Vodou antik la lanp Cho Gad ak Pwen yo toujou genyen sakrifis bèt ki fèt paske yap bezwen san bèt la pou yo mete Nan lanp lan swa an siy de viktwa ou de sakrifis, konsa yo konn mete san Nan lanp lan pou eksite Espri yo envoke a ale rapib .

Lè yo mete san an pou viktwa se souvan yon moun yo trete ki te mal anpil epi lè sa yo oblije fè lanp de viktwa e bay moun Nan Gad tou , answit seremoni sa a moun sa konn fè yon kantite tan paka manje vyann bèt ki te sakrifye an .

Lè yo metel pou sakrifis se yon lèse pase de vanjans ou jistis yo egzije Lanp lan al ba yo . 


NB : Yon lanp Cho pou vanjans pa dwe janm monte andan kay kote ou dòmi paske Enèji yo kap degaje nan lanp lan pap bon pou ou ak moun kap viv Nan kay la . 


Fè yon lanp Cho san ou pa konn fè envokasyon kapab yon malè pou ou , fòk ou kanalize Espri yo wap envoke a ak yon sèl konviksyon , fòk ou pap plede mande mal paske tou dabò lye ou monte lanp lan ak ansanb engredyan Wap mete Nan lanp lan dwe idantik a travay ou bezwen an , Egzanp: si wal monte Yon lanp kontre yon advèsè Nan yon pak kochon Ebyen Espri wap envoke a gentan konprann trè klè fason poul aji .

Diferan LANP nan Vodou 

Lanp se youn nan mwayen ki plis efikas pou nou kapab antre an kominikasyon ak Lwa yo. 


Gen de (2) gran kategori lanp.

1- Gen Lanp a efè pozitif ke nou rele bon Lanp. 


2- Gen lanp a efè negatif ke nou rele move lanp. 


Men gen plizyè tip de lanp nou kapab monte an fonksyon de travay nap fè a, demand nap adrese yo, an fonksyon de direksyon nap bay lanp lan. 


Gen lanp chans, lanp travay, lanp pou cham, lanp delivrans, lanp jistis, lanp madichon, lanp repiyans, lanp pou monte expedisyon elatriye... 


Pou nou kapab jistifye yon lanp si l bon ou move, nap bezwen gen yon lide sou engredyan ki nan lanp lan, nan kisa li monte e ki espri kap dirije l... 


Genyen plizyè resipyan ki konn itilize nan kesyon monte lanp. 


Nou jwenn lanp nan Asyèt blan, lanp nan anana, lanp nan kokoye ole, lanp nan kokoye sèch, lanp konn limen nan lanp tèt gridap, lanp nan po zoranj, lanp nan kwi, lanp nan kalbas vèt, lanp nan chodyè 3 pye, lanp nan chodyè manje, lanp nan joumou, lanp nan chodyè zen, lanp nan po krab, lanp sou fèy, lanp nan tèt mò elatriye... 


Lanp se yon sous enèji tout sèk mistik konn itilize pouvwa ak enèji yon lanp pou mennen a tèm maji yap opere a. 


Bon lanp yo se sa ki monte nan objektif pou jwenn yon rezilta pozitif tankou ini yon moun ak bitasyon l, ini 2 moun ki renmen, ede yon moun jwenn yon travay pou l fè, atire lespri chans sou yon moun, mete dlo nan diven yon moun kite an kòlè, elatriye.... 


Nou monte lanp nan Asyèt blan pou anonse lespri bitasyon, pou atire lespri delivrans elatriye... 


Yo monte lanp nan ananas pou w mete sou cham yon moun ke w renmen, pou atire pou ke w lespri li ka pou chans tou elatriye... 


Yo monte lanp nan kokoye ole pou adousi, mare moun elatriye... 


Nou monte lanp nan joumoun pou anonse delivrans. 


Yo monte lanp nan chodyè manje pou mande travay. 


Pou move lanp yo se sila yo ki monte nan lide pou fè mal ou mande jistis lè w santi w oprime. 


Gen lanp chodyè 3 pye pou mande jistis.

Gen lanp po zoranj pou bay madichon.

Gen lanp joumou kayiman pou monte espedisyon.

Gen lanp tèt gridap pou separasyon, divizyon elatriye...

Gen lanp chodyè zen pou pèsekisyon elatriye.... 

Gen lanp nan po krab pou madichon, espedisyon elatriye... 


Lanp pa nan rans 

Depi yon lanp fèt li fèt nèt... 

Se sa kifè moun pa monte lanp dèyè moun pou dan griyen

Gen moun ki tèlman konn anmède w ou konn pa wè sa pou w fè pou li ke yon kout lanp.

Lanp

Lanp se mwayen ki pi dirèk pou kominike ak mond envizib 

la. Ou ka fè tout bagay avèk lanp, fè demann pou Lwa, pale ak 

zansèt fanmi ou epi lòt mò… Yon bon lanp ka ede ou nan kèlkeswa 

sitiyasyon. Gen lanp pou tout ka. Lanp byen monte gen anpil 

pouvwa. Nou ap ba ou kèk egzanp lanp ke w ka itilize. Tout lanp 

fèt ak mèch koton peyi. Pi piti tan pou limen yon lanp se sèt jou. 

Selon règleman ou ka limen li pou pi lontan.

Lanp chans:

Lanp sa limen ak lwil doliv lwil de woz, lwil zanmann dous, 

lwil jasmen andedan yon anana.

Lanp travay:

Li limen ak lwil machin ki sèvi, roroli, poud mache prese, 

priz tè nan 7 mache diferan, 7 moso vyan cochon nan 7 mache 

diferan. Lwil maskreti nan yon ti chodyè twa pye.

Lanp giyon oubyen devèn:

Lanp sa limen nan po kokoye sèch ak lwil maskreti plis 

poud kanpe lwen ak voltije.

Lanp cham:

Lanp sa limen nan yon po kokoye ole avèk lwil doliv, lwil 

jasmen, lwil de wòz epi siwo myèl.

Lanp delivrans:

Lanp sa limen nan yon bòl blan ak lwil doliv, mete roroli 

avèk dlo kokoye ole.

Lanp angaje:

Lanp la limen nan yon kwi, avèk lwil maskreti ak poud 

respekte kapitèn epi ban m komande, piman pike.

Lanp liberasyon:

Lanp sa limen nan yon ti chodyè twa pye ak lwil maskreti 

epi grès kochon, roroli, precipite wouj, vu dajan.


Lanp pou pale ak mò : 

Bò bitasyonm bòkote manmanw ak papaw 


• W'ap limen 7 mèch koton nan yon asyèt emaye blan ak lwil doliv. 


W'ap 

depoze yon tas kafe dous, 1 tas kafe anmè avek Pen , tabak, sigarèt comme il faut et mantole

Yon 

Yon kup kleren 

Yon sou koup pou vide Yon ti poud blan la dann nan non tout gede bò bitasyonm bòkote manmanw ak papaw 

Wap limen Yon balèn nwa et Yon balèn blan 

bò kote lanp la. 


Kòm chak lwa gen lanp espesyal pa yo, ou ka toujou limen lanp lwa epi ou 

adrese demand dirèkteman pou li. 


, ekri sa ou bezwen an nan 

yon fèy pachemen vyèj wap ekri baron samedi....baron kriminel...baron lakwa... aprè ekri 3 non mò bòkote manmanw ak papaw ekri sa ou bezwen kou ou fini ekri sa ou bezwen

Wap ekri kwasenbo 3 fwa epi mete li nan fon lanp la. 



Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel