Kiyès ki Bawon Kriminèl la?
Kiyès ki Bawon Kriminèl la ?
Bawon Kriminèl se yon espri jistisye feròs.
Li tankou yon santinèl, yon gadyen
Istwa a di, ke li se premye Kriminèl ki te kondane a mò.
Se li menm tou ki se kapitèn eskòt zonbi yo.
Yo di ke li se yon kanibal, ke li kriyèl tou.
Men an reyalite, se ke majorite moun nan vodou pa konn anyen de Bawon Kriminèl, paske se yon lwa ki chaje sekrè e mistè.
Bawon Kriminèl se yon lwa bizango, se sou rit Dan petro swa Bizango/Makaya ke yo sèvi l sèlman.
Se selman moun ki sou devosyon li, kap konnen sèvis li, regleman l, seremoni l, rezon l e ki konn sekrè maji lwa sa.
Donk, lap trè difisil, pou w pa inisye nan sosyete sekrèt epi pou w sèvi fò e byen ak Bawon Kriminèl.
Map di sa tou senpleman paske Bawon Kriminèl se yon egrego de Bawon Samdi.
Fòs li, degre li, si tèlman fò e cho, ke moun pa ka sèvi avè l nan rit ginen.
Bawon ke yo sèvi nan rit Ginen an, se Bawon Samdi
Se li ki gadyen sejou mò yo. Li menm ak Grann Brijit.
Bawon Samdi, se premye mò ki pase pigatwa.
Li se chèf gede, Ki se espri lanmò, se moun ki te egziste anvan. Yo apwouve yo e yo plase yo nan eskòt Mèt Bawon Samdi pou yo ka gide et pwoteje moun.
Se pousa ke pami tout Bawon, se Bawon Samdi ke moun plis sevi.
M gen sètitid ke li enposib pou yon moun ki jis kanzo kapab gen yon amoni ak Bawon Kriminèl.
Fok li omwen inisye nan bizango/makaya/chanpwèl …etc.
Nou pa ka chwazi mache ou travay ak Bawon Kriminèl. Se li kap chwazi nou.
Paske angajman ke moun pran ak lwa sa yo, li pa senp.
Lè w wè kijan li rele, ou tout konnen karaktè l.
Pou m pi senp ak nou, se pa tout moun ki vle kap sèvi Bawon Kriminèl …
Kouvè li: kwa, fouchèt, kiyè
Koulè li : Nwa, wouj
Kwa Sembo.
Comentarios
Publicar un comentario