Gran moun lontan yo
Granmoun yo te respekte e respektab. Yo te gen pi bon definisyon Moun. Yo kraze atè plat divizyon lòt bondye yo te vle tabli nan mitan yo. Kafe an pataje nan tout Kanton an. Vwazinaj se fanmi. Chak maten yo leve yo bale tout koridò yo. Tigason yo menm al nan dlo. Tifi yo ap lave asyèt. Gason yo menm te gentan pati byen lontan sa. Yo te gentan frape wou depi bajou kase.
Timoun pa t janm gen rezon douvan granmoun. Paske yo di yon sèl moun pa leve timoun. Tout granmoun nan Kanton an se paran tout timoun. Ou pa gen dwa soufle sou granmoun ni fè jès maledve. Ou dwe pale tankou yon timoun ki gen bon levasyon.
Menm si chak timoun yo te lekòl, yo tout te gentan genyen byen pa yo. Sa ki gen ti kabrit, ti bèf ak poul. Yo tout te konn sa k rele lawouze paske Vodou an egzije ke n pa dwe kouri lwen lanati.
Lannuit nan gran lalin, se siy vivan ke Vodou an anndan nou. Listwa yo ap rakonte, san nou ap tresayi. Chan yo ap fè n pè. Men se pa pè vre, listwa yo se te leson ki pou pèmèt nou rete Gason vanyan. Men nou te twò piti pou n wè sa. Tire kont, kwaze lewuit, lalin ak solèy sa w pi pito... Se prèv ke n te yon pèp. Yon pèp ki t ap viv ak espirityalite l anba prensip zansèt yo. Jiskaske yon bon jou yon etranje debake nan kanton an. Jiskaske yon bon jou yo rache mwayen rezistans nou.
Comentarios
Publicar un comentario