Papa Osany
Papa Osany
Mèt Osany Se Yon Lwa Nan Eskòt Ogou a ki sòti nan peyi Nigéria.
lwa sa pa gen ni pye ni ponyèt e se lwa ki pi fò nan tout eskòt Ogou a.
Lè li vini sou yon sèvitè se sou beki li mache.
Yo mare yon mouchwa nan beki a ak yn mouchwa nan Ponyèt li.
Koulè prefere l se wouj menm jan ak tout lòt Ogou Yo.
Li Bwè Rhum, li Fimen, li manje kòk Wouj
Li manje kabrit, bèf jòn e li Manje Pwason tou.
Koulè bag li se Wouj
Gen Plizyè Osany Tankou
Osany Batala, Osany balomi Osany kikan
Nou konnen tou.
Tout lwa Ogou yo yo konn fè Seremoni pou yo ki rele Kouche Yanm.
kote tout Hounsi Abiye an Blan Mouchwa wouj pou yo manje yanm ak pwason bouyi.
Osany Manje patat, Bannann, Diri Jòn, pwa wouj Elatriye.
Comentarios
Publicar un comentario