Dambala
DANMBALA 🐍Danmbala (Papa Danmbala) yonn nan pi gwo lwa nan Panteyon Vodou Ayisyen an li se papa lwa yo. Se yon Lwa nan vodou Ayisyen an ki senbolize konesans, bonte, sajès ak fètilite.
Damballah, gen byenfezans kòm prensip ki karakterize l, li viv tou pre sous dlo ak rivyè, li pa viv nan dlo sale.
Sa a se nan tradisyon vodou a.
Li se divinite lenkal dèzenka se sou apelasyon sa pèp atlant lan te te konnen l.
Li senbolize pa solèy, pa yon koulèv vèt.
Nan yon seremoni Danmbala la dwe kouvri an blan, si se lakay ou nap ki sou tab la dwe bwode.
Devan tab la w ap mete yon ze peyi chita sou farin blan.
Ze ak siwo dòja, siwo kann se bwason prefere papa Danmbala.
Koulè li se Vèt ak Blan. Li mache ak madanm li Ayida Wèdo ki senbolize lakansyèl ki se sèt koulè linivè revele a.
Nan rit rada li se Danmbala wèdo
Nan rit petwo li se Danmbala laflanbo.
Lè l chovoche yon moun moun nan ranpe tankou koulèv e li sifle li pa pale.
Ayibobo! Ayibobo! Ayibobo!
Comentarios
Publicar un comentario