DIFERANS ant yon chandèl ak yon balèn
DIFERANS ANT CHANDÈL E BALÈN.
Gen moun ki menm inyore kisa yon chandèl ye poutan chandèl vini avan balèn.
Nan tan lontan, grandèt yo te plis konn itilize chandèl ke balèn paske balèn se yon pwodwi enpòte ke yo vin adopte nan vodou a, bref…
ANN ESEYE FÈ DIFERANS LAN;
Chandèl se yon pwodwi natirèl ki konpoze de lasi myèl ak koton konparativman ak balèn nan ki gen pwodwi chimik ki pa natirèl ladan l.
Daprè ansèyman grandèt yo, demand chandèl rive pi vit ke balèn;
Yo souvan itilize chandèl pou fè demand e yo fè lòt regleman avè l.
Mo CHANDÈL la se yon konsèp nan vodou latibonit la ki vle di tou:
(Konsilte yon espri atravè ougan ou byen manbo).
Egzanp: mwen t ale pase yon chandèl kay yon ougan/manbo.
ANN FÈ YON DÈNYE TI PALE;
Si w ap gade chandèl la w ap wè nan tèt li gen yon ti twou ki gen fòm yon zye, li rele zye chandèl. (Yon lòt fasèt).
Tradisyonèlman yo itilize 2 koulè balèn (Nwa ak jòn).
Nwa: pou pale ak mò, bòne pèsekisyon e adrese ak espri tankou Bawon, Brav Ganga, Ogou, madan Lenba…, pou w ka jwenn jistis nan men lwa sa yo ki ranpli fonksyon sa yo sa depan de bitasyon w ou regleman lakou w.
Jòn ( ki fèt ak lasi myèl la):
Li la pou l akòde lwa ak zansèt yo pou n jwenn favè yo ak byenfè yo.
YON VRÈ CHANDÈL KONPOZE DE LASI MYÈL AK KOTON.
Lasi myèl ak koton pou tèt pa yo gen gwo vèti tankou:
Lasi myèl se senbòl pwosperite ak byenèt.
Mèch la, yo itilize l pou fè demand ou liminasyon swa; ak lwil dou(oliv) ou byen lwil maskreti, lwil kokoye ou lwil palmis wouj.
Yo plis itilize balèn pou mete limyè (klere yon espas).
Pa bliye yon vrè chandèl dwe konpoze de lasi myèl ak koton.
Comentarios
Publicar un comentario