Kòman ou k'a liminen pou pale ak yon mò
Ou genyon moun lè n re fenk mouri ou te konn reve l sitou lè w nan difikilte epi se rete w rete konsa ou pa janm wè l nan rèv ou, malgre fè demand avè l li pa janm vin fè w wè l, ebyen jodi a kilti lakay pral voye ale fè yon bagay pou ka gen chans rewè moun sa nan rèv ou ankò.
Men kisa w ap bezwen:
Wap achte yon kui san machande sou non moun sa.
W ap achte bannann, patat, aransò.
W ap boukannen bannann nan ak patat la aprè sa w ap grate yo mete yo nan kui a, aprè sa w ap fè yon fri kase ak aransò a, w ap mete yon luil fri, epi w ap mete aransò a ladan l mete anpil piman, epi vide yo nan kui a sou bannann nan ak patat la, aprè w ap fè yon ti kafe dous ak kafe anmè.
W ap ranje yon ti tab an blan, mete yo chita sou li, limen yon balèn blan nan mitan kui a, jete kafe, jete kleren, jete dlo, pale ak moun sa, si w jwenn yon foto moun sa mete l anba kui a oubyen anfas ou, pale avèk mò sa, di l men manje ou fè pou li, si se grangou lj grangou kote l ye a ki fè l pa vle vin pale avè w la ebyen men w fè manje pou li pou l vin manje.
Ou menm abiye an blan, rete pye atè lè w ap fè demand sa, si w konn trase vèvè trase yon vèvè bawon epi resisite djò sa
"Bawon Samdi, Bawon simityè, Bawon lakwa
Nèg gedeviwelo, nèg twa wou, twa pens, twa pikwa
Nèg ki gen pouvwa sou tout nanm ki travèse
Ou kanpe djanm devan simityè
Se ou k ap veye pòt kote nanm pase
Pòt ki separe limyè ak fè nwa
Tanpri mwen gen bezwen ……….(W ap site non moun ke w bezwen an" ki travese jou ki te....(W ap bay dat li te travèse a)
Ba li pèmisyon pou li tande mwen
Mwen mande pasaj pou li travese ede mwen
Ou trè pwisan Bawon
Kòmande nanm yo ki deja travese
Pou vini pote mwen sekou
Mwen mande w nan non gede wensou kensou mazaka lakwa
Kwasenmbo"
Ou kapab fè 7 mèch tou nan yon asyèt blan, oubyen ou kapab achte yon ti lanp tèt gridap limen l.
Lè w fini ale kouche pa dòmi ak moun.
Comentarios
Publicar un comentario