Bawon samdi

 Bawon Samadi 


Nan non Bawon "Samdi" nou jwenn yon bann lòt frapman de mo (Sa ma di , Samdi , Sa'm di , oubyen Sa Mwen ta di ? Kisa'm Di ? Kisa Mwen ta Di ? ) ...

Lè w anmègde Yon Granmoun lontan ak Yon koze twòp si l pa fè Yon soupi ba ou wap tande l di ,,, (Sa m' ta di? Bon Sa w vle m di ? Sa ma di ? ) Sa vle di tèlman dizon an anpil pa gen koze pou di ... Ebyen nan fason Bawon Samdi manifeste li montre w li pa konn nan pale anpil karaktè li toujou montre w li se yon Djab (Djab = Vanyan ) , li pa nan pale ak pèson e tèt li toujou dwat pou l franchi baryè devan rezon li.
Bawon Samdi se Yon potorik Lwa ki sòti nan eskòt Lwa Petro a , se li ki kòmandan antèt Simetyè e se li ki Mèt tout Gede yo, nan eskòt li an gen lòt Bawon tankou (Bawon La kwa , Bawon kriminèl , Bawon Mazaka Lakwa , Bawon Zoupimba , Bawon Tonnè , Bawon Gran Chemen ... ) .
Se Bawon Samadi ki Mouche Grann Brijit ...

Si w konn ou pa legal ou pa dwe al devan Mouche sa a , ou pap jwenn kominikasyon ak li fasil men li aji rapid devan rezon li.
Bawon Samdi pa Yon Lwa jwèt , nou tout gen pou n pase devan l, nou tout gen pou n jije devan l.

Kwa kwa kwa ....

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel