Marinèt
Marinèt se nan dimansyon Gad
Yo onore li vandredi, SamdiAk piman oubyen diven wouj
Manje Marinèt pa kwit lajounen
Ni tou yo pa desann li sou dife
Nenpòt jou ou kapab rele Lwa w, LWA Petro yo, se Mardi samdi ki pi bon pou yo antre pou wanga ki cho.
Gen bitation se mouchwa wouj
Gen lot se Jòn menm jan ak Tijan paske depi Marinèt la Tijan paka lwen yo tout se 2 Gad ki chita sou fòs Solèy la
Ala diferans Tijan plis renmen banbòch men manman m Marinèt pi poze
Li bwè gaz tou
Li renmen boukan tou wi
Men jan yo boule bwa Tijan
Nan Latibonit yo boule bwa Marinèt
Ansyen yo te toujou jouke lwa sa, epi yo pat janm entèpele li pou jwèt paske pwisans li fò
Se yon lwa brit li ye.
🔥Marinèt Pye chèch 🦉"
Souvan nou tande pale de Marinèt pye chèch
Men anpil nan nou pèdi nan toubiyon fòlklò ak tout kalite mit ki kreye sou do lwa sa a,
yo rele Marinèt la.
Marinèt pye chèch sòti nan eskòt Gad yo, kavalye pòlka li, se Ti Jan, ke nou plis jwenn nan Nò peyi a, manifestasyon Ti Jan tankou Gede, li renmen bouche tou nen l ak koton, gouye epi di betiz
Men ou plis jwenn Marinèt nan Sid peyi a kote li fò anpil nan Nippes
Nou menm gen yon ti pwovèb ayisyen ki di
" Tèt ou di tankou Marinèt, sèl Agawou w tande " se yon fason pou moutre menmsi Marinèt se yon mal tande, men relasyon l ak Agawou Lefant ale pi lwen ke sa anpil moun panse
Nou ka itilize chante sa a, kote Ti Jan ap fè elòj Marinèt la, pou n chache konprann pi byen karaktè lwa a.
Pa jwe, pa jwe avèk Marinèt 🎼
Pa gen moun ki ka jwe avèk Marinèt 🎶
Se mwen Ti Jan Petwo ki di fanm sa pa konn jwe🎼
Se mwen Ti Jan Petwo m di fanm sa pa jwe vre🎶
A la w pa gen lajan pou marye ak Marinèt 🎼
M rele Èzili Dan Petwo 🎶
Pa jwe, pa jwe avèk Marinèt 🎼
pa gen moun ki ka jwe avèk Marinèt 🎶
Se mwen Ti Jan Petwo ki di fanm sa pa konn jwe🎼
Se mwen Ti Jan Petwo m di fanm sa pa jwe vre 🎶
A la w pa gen lajan pou marye ak Marinèt 🎼
Daprè sa nou rive konprann de chante a
Marinèt pa yon sovaj vre, jan anpil moun vle fè l pase a, men pito yon jenn mètrès ki trè strik sou regleman l, e li renmen pwoteje san kondisyon antouraj li, menmjan ak anpil mètrès Marinèt jalouz anpil, e li sansib pou atansyon l, yon ti mank ka chavire bonèt li, e w ap peye sa trè chè
Marinèt renmen flè ak santi bon
Jan yo di l nan chante a
Marinèt foula 🎼
Kay la santi foula 🎼
L santi melanje 🎶
Kontrèman ak anpil lòt mètrès Marinèt plis konfòtab nan bwa paske li jwe wòl yon bon santinèl tou, pou siveye espas li
Menmjan ak tout nèg /nègès lagè Marinèt renmen boukan dife, manje li se volay ( poul nwa, kodenn...) boukannen, an bon chasè nan sant flanbe a li pran yon lòt plezi
Nb : Pou manje a, sa depan de zòn nan ak regleman w avèk li.
Bwason ou ka depoze pou li se tranpe Inangwòg, men Marinèt se bon gaz li bwè
Sou menm aspè militè a, Marinèt mache sou fòm Frize 🦉ki se yon bèt seren, la nou ka konprann ke Marinèt bizango
Gen kote, koulè Marinèt se woz 💘ak ble wa🔷️, men gen lòt kote tou se nwa 🖤ak wouj❣ li pote
Marinèt mache tou limen☄, seremoni l se bèl mèvèy, gwo boukan dife 🔥pou yo ap fè laviwonn, danse ladan, e menm rive manje bout dife yo san moun nan pa boule, anpil nan yo di apre sa olye yo ta santi chalè, dife a kite yon frechè, ak yon sansasyon byennèt pou yo, tankou anwo sou tèt mòn Payan nan Miragwán, yo boule Marinèt chak sèt lane ( 7 ans ) nan yon anbyans gason pa kanpe.
Pa bliye pran flanbo nou ( lanp tèt gridap ) plen gaz...🤫 epi al pale ak Gran Fanm nan 🔥🔥🔥🔥🔥
Marinèt pa jwe 🎼 pa jwe ak Marinèt 🎶
Comentarios
Publicar un comentario