Ki jan pou n' ekri yon espri
kijan pou nou kòmanse fè yon demand.
Pou fè yon demand men kijan pou kòmanse.
Jou w ap fè demand lan w ap di
Jodi a se tèl dat ..............w ap site dat la egzanp: Jodi a se samdi 27 me 2023.
W ap di Mwen rele entèl....( w ap site non w e siyati w )
Egzanp: mwen rele kilti lakay
W ap di mwen se pitit entèl (W ap nonmen non manman w ak papa w...)
Egzanp: Manman m rele Dantò, papa m rele Ogou.
W ap di: Mwen sòti nan abitasyon
( W ap bay non abitasyon bò kote manman w e bò kote papa w)
Nan non Bitasyon kote manman m ak papa m soti nan non gad Bitasyon danti
Bitasyon, nan non demanbre Bitasyon.
Nan non tout zansèt dafrik mwen yo M ap mande ouvèti e pasaj pou grann
Pou lwa Bitasyon m yo vini an espri e an verite kote mwen ye la.
W ap di adrès ou.....kote w ap fè demand sa.
M ap mande tout espri Bitasyon mwen yo pou yo vini asiste demand mwen an pou yo mete ansanm pou yo aji an favè mwen.
pa pouvwa Bondye Lavi a ki mèt Tè a, Mèt Syèl la, Mèt Dlo a,
Mèt Van, Mèt Dife, pye bwa yo, twou wòch yo, lakou sakre yo m ap
anonse tout mò bò manman m ak tout mò bò Papa m. (si w konnen non mò bò
manman ak bò papa pa neglije rele yo). Pou yo vini an espri e an verite pou
yo bay pasaj a pa pouvwa bawon samdi, bawon kriminèl, bawon lakwa, nan non bawon kay, nan non grann brijit, manman travo, k-fou simetyè, kaptenn
simetyè sou Lobedyans Mèt Gran Chemen.
Pa pouvwa Atibon Legba, Legba Katawoulo, Legba Bwa, Legba Kay, Vye
vye Legba, Papa Legba, legba bitasyon, Elegba, Alegba pou yo ouvri pòt pou
mwen jodi a, pou yo banm sa mwen bezwen an.
Wap di sa ou bezwen...... evite mande twòp bagay
Nan basen marasa sa ki nan demanbre sa ki nan basen simbi pou yo tout vini
asiste avèk espri ki nan Bitasyon mwen banm Limyè, klere chemen m nan
tout sa m ap fè, avèk asistans dye Lavi a ki fè Solèy Ki Klere nou Anwo a Ki fè
la Tè tranble, Ki fè Lanmè monte, Ki fè Loraj Gwonde.
Pwoteje m nan tout sa map fè, banm Limyè e ouvè tout pòt delivrans pou mwen.
Ayibobo
Comentarios
Publicar un comentario