Lemba Zaou
Lemba Zaou
Li batize pa grann Aloumanndja, li se frè Lenglensou basen san.
Li sòti nan tribi kongo, se li menm ki dirije seremoni pile fèy.
Li senbolize pa yon pilon ak 2 manch.
Koulè li se wouj e jòn.
Li abiye ak yon abiman kaki, yon chemiz wouj e 2 mouchwa yon wouj ak yon jòn kwaze sou lestomak li.
Pye bwa repozwa l se pye tamaren.
Sèvitè l yo ofri l kòk wouj e nwa, li manje tout manje bouch manje.
Li se yon gran majisyen, yon gad, li fimen siga e li toujou pote yon djola sou zèpòl dwat li.
Li renmen lè l bay yon Sèvitè l yon bagay pou Sèvitè a pataje ak lot ki pa genyen sinon l pap ba w ankò, li pa pini Sèvitè l fasil.
Yo konnen l sou lòt apelasyon tankou: Silageyo, silipaka, silipacha palmannan ak similò.
Moun senmak venere l anpil.
Comentarios
Publicar un comentario