Ki sa ki rive lè yon moun pran lwa

 Kisa ki rive lè moun pran Lwa ?


Gen dèfwa, lè ou ap lapriyè oubyen medite, ou rive vin annamoni avèk yon Lwa. Se kòmsi ou vin sou frekans Lwa a. Menm jan lè ou mete yon aparèy radyo sou frekans yon estasyon.

Lè sa, jan ou wè estasyon jwe nan aparèy la, Lwa a pase sou ou e ou vibre avèk li. Lè sa ou vin gen yon ti kal nan pouvwa Lwa sa. Sa pèmèt ou fè gerizon ak anpil lòt bagay.
Gen moun ki pa janm ka pran Lwa. Se yon ti frison sèlman yo santi lè Lwa vini.

Gen lè tou, nan dans pandan tout moun ap chante, (ki se jan nou lapriyè) kote a vin annamoni avèk Lwa ou tap chante pou li a. Lè sa, Lwa vini epi tout moun ki annamoni ap santi Lwa sou yo. Ou ap wè lè sa, fòs la pa menm paske se te rejwisans ki tap fèt.
Lè fòs Lwa pase sou ou, si ou pa antrene w ap gen difikilte pou kontwòle kò ou.

Fòk nou fè atansyon paske gen anpil moun se estera y'ap fè, gen chalatan tout kote.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel