Fran Guinen
Fran guinen an se yon se mode de vie moun ki nan mystik la mennen li konnen gen anpil bagay li paka fe moun ki guinen fran lap we vi moun nan avan li pa nan tiye moun li pa nan fe sakrifis li pa nan tan chanje li dwe alamod li tjr kenbe menm koutim ansyen yo li tjr vle pataje li pa yon moun kap antre nan sa ki pa gadel li pa nan bay manti li pa nan tet mort li pa nan kouche avek pitit fey li.
Avan tou kisa ginen vle di?
Gen moun ki di ginen vle di limyè.
Gen moun ki di se yon mod de vi.
Gen moun ki di nan yonn nan lang afriken yo li vle di fanm.
Ann ale an afrik…
Ginen se defòmasyon Guinée ou (République de Guinée ) se yon peyi nan afrik lwès la, li pran endepandans li an 1958.
Nan epòk esklavajis te gen anpil esklav ki te soti an afrik nan rejyon diferan ki te vin fè travay fòse nan peyi a.
Nan rejyon sa yo te genyen ki soti:
Guinée
Kongo
Dahomey
Ahoussa
Soussou
Massissi
Baka
Etc…
Tout se pèp ki t'ap viv nan esklavaj sou bout tè sa alòs nou se desandan yo.
Ann wè egzakteman poukisa anpil vodouyizan di yo se ginen/fran ginen?*
Ayiti nan tradisyon pa nou, mo ginen an vin yon tèm generik yo itilize pou dezinye tout kontinan afrik la.
Koze ginen ou fran ginen an soti nan divizyon rit lwa yo, paske nan tradisyon nou lwa yo divize an 2 kategori *(BON E MOVÈ)*.,
*1- BON:* lwa rit rada yo ou lwa ginen (lwa ki soti an afrik yo);
Tankou lwa rit rada yo, se lwa ki dou, yo pèzib, yo pa fè mal. Pou lwa sa yo "Hounssi" yo mete ròb blanch, yo fè libasyon dlo pi pou yo (sèvi dlo/jete dlo), yo pa fè sèvitè yo egzijans sakrifis.
*2-Movè:* ki se lwa rit petro; lwa ki cho, ki vyolan, seremoni yo se plis maji (sòsèlri), yo frajil, yo renmen san e yo souvan malfezan. Yo prefere ou sèvi yo rhum, dife e yo renmen rad koulè rouj, yo renmen vyann kochon, alkò ki fò anpil etc…
Yo pretan ke rit rada soti nan syèl ou byen nan rasin afrik la, li vini ak zansèt nou yo e rit petro a se envansyon panse lòm li pa soti an afrik, yo pretan ke rit petro a se yon rit ki fòme nan koloni an sou tan esklavaj la pa Pedre ou Don Pedro, ki vin chanje an Petro epi rit la tou pote non moun ki te fòme'l la, se sa'k fè nom lwa sa yo souvan an kreyòl.
Se pou rezon sa lè yon vodouyizan ap pale li di'w li se ginen ou fran ginen se pou'l ka diferansye lwa ki soti an afrik (nan ginen yo) de lwa ki nan rit petro a ki movè yo, ki cho, ki vyolan, ki malfezan e se envansyon lòm (li pa soti nan ginen).
An rezime lè yon moun di li se ginen ou fran ginen li vle di se bon lwa yo li sèvi, lwa ki soti nan ginen yo, lwa ki pa cho yo, ki pa vyolan yo, lwa ki pa renmen san yo., li vle di an gwo se rit rada a ou byen rit ki soti an afrik yo li pratike.
NAN KA SA A ANPIL NAN NOU KA TOUJOU RENMEN MO FRAN GINEN AN NOU ITILIZE'L,MEN MAJORITE NAN NOU PA FRAN GINEN VRE 🤷🏽♂️.
Comentarios
Publicar un comentario