Liminasyon pou Danmbala

 Kòman pou nou liminen pou Danmbala

N.B : lèw ap fè liminasyon pou Danmbala pa fimen pa bwè
Objektif yo se toujou menm ak sa nou te fè nan Liminasyon pou Atibon Legba
Materyèl pou liminasyon 1er Dimansyon pou Danmbala
1- gwo balèn blan ou vèt
2- Mouchwa vèt ou blan - Gode dlo (Bazillik,
Florida, poud blan) - Pirifye espas la - Kleren.

Materyèl pou liminasyon 2èm Dimansyon pou Danmbala
Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan) – Pafen – Kleren - Mouchwa vèt ou blan -
Kivèt blan - Poud blan - Asyèt blan - Koton peyi - Lwil doliv - 4 balèn nan 4
eleman yo 1 gwo nan mitan - 3 gwo balèn an triyang 2 blan, 1 vèt - 1 bwason pou Danmballa (Siro doja, anizèt, Kola blan, ronm blan) - 1 ti balèn devan pòt la pou mande Legba pasaj.

Materyèl pou liminasyon 3ème Dimansyon pou Danmbala
Gode dlo (Bazillik, Florida, poud blan) – pafen – Mouchwa – Kleren - Asyèt blan -
Ze peyi- Farin frans - Siwo kann - 3 gwo balèn en triyang 2 blan 1 vèt - 1 bwason
pou Danmbala- 1 bwason pou Ayida wèdo
N.B : fòk nou toujou kite yon kado pou madanm antite a.

Esplikasyon premye dimansyon : Kafou Legba espas liminasyon
Kafou : Pou salye kafou ou ale nan yon kafou 3 ou kafou 4 ki pre lakay oubyen
devan pòt kay la, ou lage 3 gout kleren nan non mèt kafou ou mandel pasaj pou
liminasyon ou pral fè a ou mandel poul bay pasaj ak tout espri ki pral edew nan
liminasyon an e bloke tout espri ki ka kontrarye liminasyon an.
Legba : Balèn ki nan kote goch pòt la se Atibon legba (pou pasaj)
Balè ki nan kote dwat pòt la se Ayizan velekete (pou pirifikasyon)
Twazyèm balèn ki anba nan mitan se Loko Atisou (pou pwoteksyon).

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel