Entradas

Mostrando entradas de julio, 2025

Lanp Ogou

 Lanp Jeneral Ogou Feray Ou monte Lanp Ogou Feray Pou Proteksyon, Chans ak Vanjans . Achte Yon chodyè zen , Lwil Kanèl ,  Lwil Dou ,  Lwil sitron , Lwil mant ,  Lwil Akasya ,  Lwil chans . 3 fey simen kontra 2 fey langachat Poud leman,  Poud prespite rouj Kwaze 2 kiyè sou ti chodyè zen an Siw pa ko janm monte lanp chache asistans Yon ougan,yon manbo oubyen yon sèvitè lwa. Awochenago

Resèt mistik

 Si yon moun ap pèsekite w ou bezwen fè l kite yon zòn nan. Men kisa wap fè:  Wap ekri non l nan you ti moso twal nwa, wap pike yon bwa nan moso twal la, aap trennen moso twal sa dèyè w pou jis ou rive nan yon jouk poul (Pye bwa kote Poul jouke Pou yo dòmi) a minui ak  you bouji, fè demand ou, aprè boule moso twal la, kenbe pwent Bwa Pou chalè a fè Poul yo vole kite Pye bwa lannwit lan.  Si 2 moun mete tèt yo ansanm yap pèsekite w men ou bezwen separe yo. Men sa wap fè Wap achte yon moso vyann bèf wap koupe l an 2 sou non yo al lage chak moso vyann sa yo nan diferan zòn. NB: Pa fè l pou rayisab. Pa bliye jou JEDI se jou Chans Jou Pwospérité Se pou sa li tap enportan pou nou pran yon beny Chans chak Jedi💙💛  Ou menm ki nan yon sityasyon konplike ki pa gen ni tèt  ni Ke ou pa wè devan ou pa wè Dèyè Ebyen Fè sa,Wap bezwen: _Yon ti mamit diri _Poud Kanel  Diri a pou benediksyon💕 Kanèl la pou chans,pwosperité..🌟  🌟Wap mete Diri a Bouyi pandan 20 mi...

Resèt pou moun ki pèsekite

 Ou menm ki pèsekite anpil  Fanmi zanmi tout sosyete kote wap viv la lève kont ou  Ou pa konn Saw fè wap peye Moun ki te pi bon zanmi nou vin transfòme kom pi gwo elmi pou nou .  Kote wap travay la tout sak fèt ki pa bon se nou lavi nou se tankou Chen ak chat ok .                Tounen ak lespri laaaaaa  Map di nou byen sonje lè manman nou te pouse nou sou tè sa tout Moun te wè ke nou se yn ti zanj telman nou te bèl .  Bouda nou pat janm drive atè malgré fòk nou ta atè dekwa pou nou chita oubyen rale kounye pou tout Moun wè nou lèd tout Moun pa vle wè nou .         Tout Moun dwe konnen sa avan                  Silvouplè fason trouve nou la se yn mal ke yo fè nou mal sa ka rive sou nou  ak plisyè move travay                     Yn bèl Ekzanp  Si yo limen yo move lanp dèyè nou sa ka rann...

Gede Mazaka

 💀Gede Mazaka pran yo 🎼 Gede Mazaka pran yo 🎶 Gede Mazaka pran yo 🎼 m pa renmen ti moun pale twòp oh 🎶 viv Gede m angaje ou pa wè m inosan oh m prale 🎼              💀Gede Mazaka pran yo ☠ Mazaka Lakwa sòti nan eskòt Gede yo, se sa k fè nou ka tande yo ajoute Gede nan non li, Tankou tout Gede, Mazaka pa mache san boutèy makak li ( boutèy piman li ) baton, chapo nwa🎩, poud blan, epi linèt solèy li🕶 Koulè mouchwa l se wouj🔴 ak nwa⚫, gen kote se nwa◼ e blan ◽ Manje Mazaka, se yon bouk kabrit nwa, avèk viv boukannen, mayi moulen kole ak pwa wouj, nan plenn gonayiv yo mete aran sèl ak krebete epi gogosi nan djakout li tou  Lodyans Mazaka nan manisfetasyon li, fè anpil moun di li se yon lwa ki trè pwòch vivan yo, li renmen fè blag, pase nan betiz tout sa nou kache, pou denonse ipokrizi nou, pandan l ap gouye pou aprann nou, mouvman lavi a nan filozofi Gede yo, ki se " lavi se yon bèl kout gouyad " Se yon etènèl ale mennen vini anpil bon av...

Lanp kouzen zaka

 Lanp pou Proteksyon kontre Maladi sou Non #Kouzen_Zakah .  Lwil Kokoye, Lwil Palm , Lwil Sitron , Lwil Oliv , Lwil Kanèl , Lwil Tibonm , Lwil Chans.  Poud kanèl , Flè Lorye , flè Woz, flè Kafe , Fèy Bazilik , fèy Nanm , Fèy Fobazen , laj vyolèt , Laloa Vera , Jenjanm , Yon Florida.  3 ou 2 kwi , Yon laye , Yon ti pilon ak tout manch li , Yon mouchwa vè oubyen Yon riban vè , Yon ponyen fèy vèvenn oubyen fèy kalipti , 7 ou plis chandèl ( 3 koulè vè , 2 Wouj , 3 blan ) si nou pa jwenn yo Achte tout blan ☝🏿.  Yon ti kleren pou renonse ak pou mete Tikal nan friksyon an .  Wanga sa espesyalman pou jou Vandredi .  Lè wap jwenn koneksyon pi byen se 10h AM ou 10 a 11h PM .  ☝🏿Gen Yon fèy ki rele Mouton Zenzen Svp konsomel' anpil nan diri , bouyon , soup , e menm nan dite , se mesaj sa Kouzen Zakah kite pou nou.  NB: Pi bon Doktèw ' se konsyans ou pi bon Jij ou tou se menm konsyans sa , sa vle di toujou metew' an konsyans ak konsyans ou . Siw pa San...

Jou jedi

 Jodi a se jedi nap yn bon jou moman ki favorab pou nou liminen nan pye lwa yo. Jodi sa ak yn laline ki sanse plèn depi ou pa pa gen blokaj ki dépase .  An kolaborasyon ogou batagri e èzili Freda dawomen ayida wedo e dambala wedo sou kesyon de ekonomik santé chans sa dwe mache byen sa nap Di la simbi andezo e makaya pa limite de sa.

Maji/kout pyès

 GEN MAJI , GEN KOUT PYÈS ! Sa Nou Dwe Konnen !  aprew fin li teks sa wap konnen lew pran nan maji , ak lew pran nan kout pyès !  fok nou pa melenje maji ak kout pyès yo pa menm bagay , yo chak genyen regleman pa yo ! pouw fe yon maji , wap bezwen konekte ak lanati ak tout espri ki abite ladanl , wap bezwen èd plizye espri depann de jan maji sa ap ye , depann de sa wap chache.  kout pyès, menm jan genyen bon pyès pou tretew  la, lew malad , se konsa tou genyen move pyès pou few malad oubyen pou touyew . tandiske pou w fe yon bon pyès ou yon move pyès , ou pap bezwen koneksyon espri yo , wap selman bezwen bonjan konesans ak metriz sou sa wap fe a , sou sa wap bezwen pouw konpze pyès la ak koman pouw preparel . Pou yon moun ta fe maji pou touye yon lot moun foK Li genyen rapò direk avek moun nan , foK genyen yon lyen ant 2 moun yo , swa se yon fanmi , yon moun ou te nan kont avek li kite few yon bagay ! apre lyen an anplis fok ou genyen yon bagay ki genyen ADN mou...

Simetyè

 Kisa simityè ye?  Simitye Se yon lye sakre et li trè espirityèl nan antikite yo te rele l (LE LIEU OU LA MORT VIT ) Donk lye sa a li genyen anpil enèji k ap sikile anndan an  Se yon pòt mistik ki pèmèt ou antre an kontak avèk wayòm lanmò a pi  byen li Se premye pòt pou w travèse pou w ka jwenn 12 pòt wayòm  Enfènal men lè w Fin travèse l wap jwenn avèk "grand fleuve De la non  conscience" lan ki separe w avèk plan imen an Se nan lye sa a ki rele simityè a  ke moun "moyen age" yo te konn ale medite pou yo te ka pirifye nanm yo nan  lye sa a genyen "des gardiens", "des juges", "des instances juridiques" e genyen "le grand sage" genyen "3 portes" ki pou mennen w nan lye sa a Se gran chimen, kafou, legba, epi moun ki pou ba w akse a Se Jean soula, li chita  devan barye a Bo Kote legba, epi genyen gadyen yo ki se Baron Joseph  Boville, Baron Joseph Brutus, Baron Novanm, Baron samdi, epi grand juge  la Se Baron lacroix, e...

Gwoup esklav yo

 Jodi a m pral fè yon ti pale nou de kèk gwoup esklav ki te nan koloni an oubyen gwoup etnik.  M ap kòmanse  Premye gwoup esklav nou pral wè se "BAMBARA". Gwoup esklav sa yo te sòti Sénégal, se yon gwoup esklav ou te jwenn Latibonit, nan nip. Yo te renmen travay anpil, yo te vrèman saj, si se pou gwoup esklav sa yo jiskaprezan nou t ap nan lesklavaj toujou, yo te dosil anpil, tout sa mèt yo te di yo yo obeyi, malgre non BAMBARA te vle di rebèl, men se te le kontrè pou gwoup esklav sa yo.  Dezyèm gwoup esklav nou pral wè se " MANDINGUE"  Gwoup esklav sa yo te sòti Guinée, te gen kèk nan yo ki te sòti Sénégal tou. Gwoup esklav sa yo te kwè nan ti Islam yo anpil anpil, si w bezwen fè yo manje pale yo de travay latè, wa parese pa w, ou te plis jwenn yo nan sid sou abitasyon labòd, kanluiz, Mayisad, pò mago, mòn wouj, piyon. Se yon menm ki te vin ak pratik antere moun nan nat la, yo pa t konn antere moun nan sèkèy.  Selon Gérard Barthélémy di: Boukman, makandal ...

Krich

 Enpòtans krich oubyen Govi genyen nan vodou a?  Krich la se kisa l ye? Krich la jan w ap gade nan foto a se yon bagay ke yo fè ak ajil.  Krich la jwe yon wòl enpòtan nan vodou a.  Nan tan lontan zansèt yo te konn bwè dlo ladan l, paske aji l la vrèman bon pou anpil maladi, e dlo sa toujou fre, piga nou konfonn krich ak kannari non, krich la pi piti ke kannari a.  Yo rele mò ladan l men lè sa yo rele l Govi.  Yo mete gad ladan l, banm tou di w sa depi w rive yon kote ou wè yo mare bouch krich la ak yon ti twal blan, nwa e wouj konnen se yon gad ki ladan l.  Yo mete moun chita ladan l tou, lè w wè yo mare bouch la ak yon ti twal blan e nwa epi yo mete l chita sou yon ti chèz nan mitan peristil la konnen se yon moun yo mete chita ladan l.  Yo mare moun ladan l tou, depi w wè yon ti twal wouj e nwa mare bouch la epi yo mete l chita sou yon ti chèz epi yo mare chèz sa ak tout krich la, konnen se yon moun yo mare ladan l, depi yo ougan sa kraze krich l...

Dlo sous

 DLO SOUS  DLO SOUS SE YON DLO KI PIRIFYE PA MEN SI LA KI PI GRAN E PI WO A.  LI SE YON DLO KI MAKONNEN AK NANM CHAK GRENN NWA.  ATRAVÈ DLO SOUS GENYEN YON ENÈJI KI TRAVÈSE POU TCHENBE CHAK GRENN VENN KI RESKONSAB YON SELIL NAN KÒW. DLO SOUS  SI OU GENYEN YON TE WAP FÈ SI OU VLE TE SA GEN PLIS FÒS  E NAN KÒW POUL PA KITE KENN KRAS MOVE ENÈJI MALADI SA OU GENYEN AN VLE KITE NAN KÒW. FÈ TE S’AK DLO SOUS. BENYEN AVÈK LI LÈW SANTI KÒW TRÒ LOU. BWÈL CHAK JOU , WAP WÈ JAN WAP SANTIW.  DLO SOUS AP RANN OU SOLID  ENÈJI KI LA POU NOURI NANM OU SOU TÈ SA, KONT TOUT MOVE MALÈZ SOU TÈ SA TROUVEL  NAN MÒN,  NAN PLATON,  NAN TOU WÒCH  PWÈ RIVYÈ. ANBA RASIN BWA.  ENÈJI SA TROUVEL NAN DLO SOUS.  E OU MENM KI SANTIW FEBLI BWÈ DLO SOUS OU WAP WÈ KÒMAN WAP SANTIW. BWÈL DRI E ANPIL.  WAP WÈ.  DLO SOUS SE FÒS TOUT NANM ISIBA. 

Meditasyon

 MÉDITATION  Mwen  te mande lwa yo fòs ! Lwa yo fèm fe fas ak anpil difikilte pou m ka vin pi fò pou jem ka louvri pi klè , pou m ka vin pi konprann lavi a , mwen fini pa konprann pi gwo leson yon nonm ka aprann nan vi sa , se nan soufrans, se nan difikilte wap aprann li , se le sa wa va konnen kiyes ou ye , ki kotew soti , ki kote w ye , ki kotew prale , se le sa wa va konprann kiyes ki dwe nan antouraj ou , se le sa tou wa va konprann kiyes ki avek ou , kiyes ki pa avew , se le sa wa va konprann kiyes ki fanmi w kiyes ki pa fanmi w !  Mwen te mande lwa yo sajès !  Lwa yo banm problème poum rezoud ! Mwen fini pa konprann sajès pa obeyisans, se la map konprann sajès se yon dimansyon spirituel ki pemet ou ekilibre têt ou ak antouraj ou , mwen fini pa konprann kisa ki vrè sajes la , se la mwen rive wè sajès pa obeyisans sajès se konsyans! Se konesans! Sajès fem konnen kile poum louvri bouch mwen kile pou m femen l ! Sajès fem konnen kile poum aji ak tandrès kile p...

4 fòs kosmik yo

 nan Nom 4 Fòs kosmik yo💦🌴🌍🌬️💨🔥  *Fas a LÈS di :* *Onè respè pou ou, mèt Van.* Ou menm ki pote bon, ki pote move. Souple, pote bon pou nou jodi a. Konsa kò nou, nanm nou, ak lespri nou va jwi benediksyon ou yo. Mete oksijèn nan nou menm moun, zannimo ak plant, pou nou kontinye egziste fas ak move brimad lavi. Nou mande ou tout sa, nan non'w : Loko Dje, Wa Loko Alade, Dosou Loko, Azanyon Loko, Loko Azanglo Gidi, Loko Davi, Loko Sidaho Freda, Loko Dou.        *!!! Ayibobo !!!*  *Fas a LWÈS di :* *Onè respè pou ou, Mètrès Dlo.*  Ou menm ki ban nou dlo ki se lavi. Dlo ki nan kò nou, nan sous yo, rivyè yo, lanmè yo, lak yo, flèv yo. Dlo ki nan twou bwa yo, twou wòch yo. Dlo ki nan letan yo, ak ravin yo. Pèmèt yo itil nou nan jan pa yo, nou menm moun, zannimo ak plant, ak tout sa ki sou tè a ki bezwen dlo. Nou mande'w tout sa, nan non ou : Mèt Agwe Oyo, Agwe Ta Oyo, Agwe Mede, Mètrès Lasirèn, ak Simbi yo.          *!!! Ayi...

Pirifikasyon

 Pirifikasyon pou jwenn yon souri ankò... Gninsinkin (fèy ke ou ka jwenn nan mache a nan mitan vandè fèy) mande pou fey margose  + 1 lit dlo lanmè. Mete fèy la nan yon dlo; vide tout dlo lanmè a sou li, epi kraze fèy la; apre ou fin ajoute kantite dlo senp dapre volonte ou Lè sa a, ou pran beny sa a nan maten an alantou 6 a.m. nan maten san yo pa te pale ak pèsonn

Libasyon

 Libasyon  Gen yon gran "hypnothérapeute américaine" ki te rele Dolores Cannon. M te sezi dekouvri youn nan sekrè richès li, sete libasyon. Sak bèl la, li ansenye sekrè sa ak anpil moun avan l te mouri.  Madanm nan di w, si w leve chak maten bonè ansanm ak solèy la, ou salye 4 eleman yo (4 fasad) ou sèvi latè dlo, ou fè kèk minit ap remèsye sèlman san mande... Si w vrèman fè sa chak jou, wap rete konsa wap atire yon bann bagay pozitif nan vi w. Se sa nou rele nan vodou jete dlo a. Gen moun ki rele l sèvi dlo, mwen menm wè l tankou dlo m mete nan tè. Sa vle di Dolores Cannon te konn pratike yon seri filozofi lavi vodou ki te atire abondans nan vi l.  Anpil moun, tout nasyon puize nan vodou pou reyisi, pou reyalize gwo bagay nan vi yo. Yo itilize metòd ki senp ke nou menm ayisyen jete paske kolon yo te di paran nou, se pratik demonyak epi paran yo transmèt manti sa yo ban nou.  Epoutan dyab sa enstale lakay yo byen rèd. Vodou se sous la, lap rete sous kote tout èt...

Tipos de magia

 BOTELLITA PARA ARMONÍA FAMILIAR. INGREDIENTES:  - 5 hojas de salvia - 1 rosa blanca - 1 ramita de altamisa  - 5 hojas de albahaca - 1 cucharadita de clavos de olor - 1 cucharadita de anís - cascara de 1 toronja o pomelo - 1 cucharadita de pimienta dulce - 7 jazmines  - 1 gota de aceite esencial de jazmín   - 1 cucharada  de miel - 1 cda de aceite de oliva  - La cantidad necesaria de vinagre de manzana   - 1 botella de vidrio verde o ambar (esterilizada: se coloca en agua caliente por 15 minutos luego se saca y se deja secar boca abajo) - Lazo natural  - Dije o imagen de un corazón.  DIFERENTES TIPOS DE MAGÍA.  LA MAGIA NATURAL  Invoca las fuerzas oscuras de la naturaleza, y a los elementales,(tierra agua, fuego,aire),Esta vinculada a la astrologia y se basa en el uso de plantas y de los signos del zodiaco. En esta magia se usan tanbien los cuarzos y piedras y a los animales.  LA MAGIA BLANCA  Basada en la n...

Beny deblokaj

 Reset deblokaj Beny Remanbre: Deblokaj  Bon Si w Toujou ap Reve w Lekòl Nan Klas, nan Ekzamen men Jamè fini ou Pase. Depi w konsa se bloke yo bloke w yon kote pou w pa pwogrese, toujou gen bagay ki p ap janm ka fin mache menm si w rive tou pre solisyon an. W ap fè beny Remambre a jiska 7 fwa pandan 7 jou youn apre lòt. Si w santi w nan gwo toumant ak blokaj lontan fè beny Giyon an ki sou paj la anvan, epi nan demen fè Beny Remanbre. W ap kontinye fè beny Remanbre a sèlman pandan tout semèn lan. Depi sou premye beny lan w ap gentan wè chanjman nan plan rèv ou.  Engredyan:  3 men bazilik, 1 men tibonm (mant), 1 bout Lalwa, 3 tèt sitwon, 2 bout bwa pen ak bwa gwo medsiyen ak bwa pini, 3 fèy Twa Pawòl, 1 ti kouwòn asosi, 7 fèy Ave, 3 ti branch 3 Zòm Fò, 1 ti branch Sansès (li rele fèy Kaka Poul), 3 dan lay, 21 grenn jiwòf, 1 ponyen sèl grenn, 3 bidon dlo lanmè, 1-2 galon dlo frèch, 3 bouchon kleren blan, 2 bouchon alkòl blan, 3 gout pafen (Florida ou nenpòt sa a sèvi). ...

Amuleto

 SIGNIFICADO DE LOS COLORES EN LOS AMULETOS  - violeta o morado. Es el color para trasmutar energías  También para sanación físicas  - Amarillo: Es el color ideal para pedir conocimientos, prudencia y sabiduría. Se lo usa para hacer talismanes para el trabajo y la prosperidad en los proyectos. - Azul: Es el más apropiado para la buena fortuna en los nuevos inicios, como un trabajo nuevo, una mudanza a un nuevo hogar, o un viaje prolongado. - Blanco: Es el color de la pureza y la tranquilidad, y el más adecuado para crear amuletos de salud y bienestar. - Fucsia y Magenta: Estos tonos rosados más fuertes son los usados para el amor de pareja o de cualquier relación, y es ideal para hacer talismanes de amor y unión. - Marrón (Café): Es el color utilizado para la sensualidad, el erotismo y la fecundidad. - Naranja: Usado para la unión y la pareja, para atraer el amor, buscar el compromiso o afianzar la relación. - Negro: Es útil para atraer la armonía, pero debes usarlo ...

Mouchwa lwa

 Ou Ta Renmen Konnen Kisa Koule Mouchwa Lwa Yo Reprezante Nan Vodou  ?  Jodia Map Pale De 3 Kalte Koulè Mouchwa ki se ;  Rouj ,Blé ,Vert  Le Mouchwa Pou Kont Li , Li Vle Di Yon Bagay  Le 2 Mouchwa Marye Ansanm Li Vle Di Yon Lot Bagay  Lew Genyen Plis Ke 2 A 3  Mouchwa Ki Marye Ansanm , Tankou Sak Konn Sou Larèn Kongo Oswa T-Jan Petro , Maryaj Mouchwa Sa Yo Siyifi Anpil Bagay , Tankou Pa Egzanp Lwa Ogou Yo Souvan Pote 2 Ou 4 Koulè Mouchwa , Lwa Ezili Yo Souvan Pote 2 Ou 3 Koulè Mouchwa , Avek Anpil Lot Lwa Ki Toujou Fe Maryaj Koule Mouchwa , Avek  Nan Seremoni Ak Rityel Yo Toujou Gen Maryaj Koule Mouchwa Epi Gen Yon Fason Espesyal Yo Aranje Mouchwa Yo Sou Tab Lwa Yo ( Tout Sa Fe Pati De Regleman Vodou )  , Chak Maryaj Sa Yo Genyen Rezon Yo , Petet Gen Moun Ki Fe Yo San Yo Pa Konnen Ki Sal Ye Ni Yo Pa Chache Konnen Tou , Ebyen Jodia Mwen Pote Kichoy Pou Wou Petet Wa Genyen Ide Le Wap Fe Maryaj Koule Nan Seremoni Ak Rityel Yo !  Sa Nou...

Karma

 LES TYPES  DE  KARMA* Il existe différentes variétés ou types de karma :    - *KARMA INDIVIDUEL* : C'est la souffrance ou châtiment qui correspond à chacun de nous pour nos mauvaises actions personnelles ; c'est comme des lettres de change que nous devons payer ou annuler. Quand nous n'avons pas de crédit sur notre compte nous devons payer avec de la douleur ou avec des sacrifices conscients.     - *KARMA FAMILIAL* :  C'est le Karma que vivent plusieurs personnes appartenant à la même famille, toujours en situation difficile. Ces personnes ont des dettes communes avec la loi du Karma, ainsi la Justice Divine les place toutes au même endroit, avec des liens très proches, de façon que toutes souffrent et se font souffrir elles-mêmes. Toutes ces personnes payent leur dette en même temps.     - *KARMA  COLLECTIF* :  C'est le châtiment en masse. Ce Karma agit, par exemple, par des gros accidents des transports ou des cata...

Los espíritus

 EL SER HUMANO tiene una doble naturaleza, por el cuerpo físico participa de la naturaleza animal y por el alma (espiritual encarnado) de la espiritual. Todos los habitantes de este planeta somos espíritus encarnados, y llegada la hora de la desencarnación, es decir la muerte del cuerpo físico, volvemos temporalmente al plano espiritual que no habíamos abandonado completamente durante la vida física, ya que en ciertos momentos como el sueño o el coma, nos liberamos parcialmente de la influencia de la materia y así podríamos decir que en cierta forma "morimos* cada noche. Durante el sueño nuestro cerebro físico generalmente no registra estos desdoblamientos,y los sueños son más bien estrambóticos y sin sentido, pero excepcionalmente algunas personas si tienen un recuerdo más vivo y preciso de ellos,y esto constituye en sí mismo un tipo de mediumnidad, siendo el porqué de toda esa suerte de sueños proféticos y premoniciones que se han dado en todas las épocas Esta doble naturaleza t...

Nanm/H-Pilori

 Nanm Vs Hpilori  Anpil fwa se pa kout nanm yo ban nou vre jan ganga di nou an, se Hpilori nou fè. Ale lopital, gade si hpilori pozitif anvan nou kouri nan bòkò. Sou Medikaplant w ap jwenn dòz pou trete hpilori a gratis ticheri. Pa di w pa t konnen.  Epi, fè tès nanm lan nou te ba nou an, byen senp: jis gade syèl la pandan jounen an, si w gen nanm sou ou ou p ap ka rete tèt anlè pandan 3-5 minit.  Rezon an: nanm se tèt anba sa rete. Si se nanm moun sentòm y ap pi fò, l ap pi difisil pou fikse syèl la pou 2-3 minit. Si se nanm bèt l ap sote nan kò w nan moman an, l ap pede deplase epi w ap gen etoufman tou.  

Toussaint Louverture

 TOUSEN LOUVÈTI (Estati Alada/peyi Benen)  Pou mwen TOUSEN se yon PYE BENZOLIV. chak fwa m wè yon pye Benzoliv, tousuit mwen wè LOUVÈTI douvan m. Leson, sekrè ki gen nan yon pye Benzoliv se yon bagay inimajinab...  Sa k sèten nan vrè NON TOUSEN nan lang FON kote ZANTRAY li makonnen,  li soti nan FANMI KOKPON. Ebyen te genyen yon WA nan WAYOM TADO peyi Benen apre pwoblèm li te rankontre ak frè li pou siksesyon tèt WAYOM nan, li te blije kite li, l al bati katye jeneral li, nan Vil aktyèl ki rele ALADA a, se la li te rekòmanse renye, e li te tou pwofite RENONMEN TÈT LI ak NON ADOHOUÉ ADJAHOUNTO. Li te genyen 3 tchovi, apre li te fin janbe youn te kontinye renye ALADA,  youn t al fòme WAYOM HOGBONOU, lòt la t al AGBOMEY selon tradisyon Oral saj yo.  Papa TOUSEN se nan linye Wa KOKPON li soti, li se te yon PRENS ALADA, li te rele GAHOU KOKPON DEGUÉNON. li te bay nesans ak TOUSEN E BREDA.  Youn nan rezon san mank, ki fè n kapab byen remonte orijin BENZOLIV ...

Vodou

 VODOUN  Esans mo e tèm Vodoun.  Lakay nou nan KAMITA (Afrik) dantan, okenn mo pa inosan, chak mo genyen yon esans patikilye e degaje yon enèji patikilye...  Ilistrasyon ak imaj estati "GOU", peyi BENEN, pèp FON. OGOUN pou pèp YOROUBA nan peyi NIJERYA. OGOU pou pèp AYISYEN.  Fòk nou raple estati n ap gade nan imaj la te reyalize nan peyi BENEN aktyèl, espesyalman nan yon zòn ki rele DOUME ki se aktyèl AWONDISMAN vil SAVALOU. yon estati ki te konstwi totalman an fè pou te reprezante senbolikman ("enèji kreyatè) dife, fè, fòjwon ak zouti lagè. Men malerezman kolon fransè yo te vòlè li nan kad ekspedisyon yo nan peyi BENEN. Yon estati an fè ki bati menm wotè ak yon moun ki gen yon gran wotè.  Mo VODOUN nan okazyone anpil deba, anpil echanj pou twouve vrè definisyon l. Mwen menm pèsonèlman mwen rekòmande nou pale pito de vrè esans li. Se poutèt sa, mwen deside etale sou tab nou tout engredyan ki konstwi "konsèp Vodoun nan"  Anpil moun pa janm eseye fè dife...

Maryaj lwa

  SA NOU DWE KONNEN  Nou souvan itilize mo maryaj lè nou ap amonize nou ak lwa , men nou dwe konnen Sa ale pi lwen ke yon senp alyans!  Ou ka utilisé tout mot pouw defini li Maryaj , alyans, lyen, pak ect ! Men nou dwe konnen li se ( harmonisation l’esprit et de la matière ) ki diferan de yon ( harmonisation l’esprit et l’esprit ou âme à âme)  Sak important nou dwe konnen sou koze Sa !  Le yon esprit mandew harmonisation, nou dwe konnen rezon an ak principe oswa règlement harmonisation Sa !  Siw pa konnen sou ki énergie vibrations ou ye chache konnen li avan ! Ou dwe konnen tou eske esprit Sa soti nan bitasyon bo manman oswa bo papa w ! Ou dwe konnen sou ki dimansyon esprit sa vibré lel transande w !  Ou dwe konnen tou Koman ak kile ou dwe sele Alyans Sa ak esprit a aprel fin fet !  Ou dwe konnen sou ki devosyon seremoni alyans lan te fet oswa pral fet , paske fok énergie an pa two ba ni two wo pou ou !  Ou dwe konnen nan ki dwet pou w pote b...

Rèv

 REV !  Yon serpent ki pase nan kou yon timoun symbolize fertility , ak prosperity nan tribi igbo ak nibo se konsa danbala reprezante ,  gen moun souvan fe rev men ki pa konprann li , nan chak rev gen siy,mesaj , ak energy rev la degaje kap few konnen egzak siyifikasyon li , konsa se pa tout moun ki gen kapasite pou enteprete rev, se yon don li ye !  men yon moun  ki we koulev anba pyel reprezante viktwa, sexe ak serpent montre kew synchronized ak énergie li , men nan ka kontrè  menm rev sa siw te wè vant ou gwo sa tap vle di ou andanje, si lew leve ou we devanw few mal oubyen wap bay sang 🩸, sa vle di w gen gwo problem mystik, si w wel ap kouri deyew sa vle di w feb, siw nan dlo sa vle di esprit ki ak ou vibre sou dimansyon dlo , nan ka kontrè siw wel marew nan dlo a sa vle diw pral mouri oubyen yon proch ou , siw wel ap pale epi w pat ka tande sa vle di w anvoute, siw tap kouri epi w paka kouri sa  vle di w pesekite , siw wè w mele ak koulev yo ou p...

Ti chèz ba

 🪑🪑🪑TI CHÈZ BA 🪑🪑🪑  Ou souvan tande pale de "ti chèz ba". Men èske w te konnen "enpòtans" li, "esans" li nan vodou ayisyen an ? Poukisa tout moun ki "je loa yo" tankou manbo ak Ougan, tout sèvitè ginen elatriye... toujou genyen TI CHÈZ BA yo ?  Depi sòti nan bwa ki fè "ti chèz ba" a pou rive nan "fèy latannye" ki paye l la se gwo koze... Grandèt ki gen konnen nan konnen l toujou fè bwa "ti chèz ba" li ak bwa "sèd", bwa sèd Senbòl pouvwa, otorite, wayote ak entegrite. Bwa SÈD gen yon "pouvwa mistik" plis ke eksepsyonèl. FÈY LATANNYE ki paye chèz la menm se pi rèd toujou.. latannye senbolize imòtalite, enfini...  TI CHÈZ BA se senbòl ESTABILITE, EKILIB SAKRE. 4 pye "ti chèz ba" a se 4 poto lavi, adisyon chak fasad bay 4 fasad lanati ( lès, lwès, nò ak sid ), 4 direksyon lanati nan yon plan kare andidan wonn enfini linivè, chak fasad senbolize 4 eleman endispansab lavi a ( dlo, tè, lè...

Rityèl pwoteksyon pou kay

 Rityèl pwoteksyon pou kay nou.  Protege tèt nou ak kay nou kont tout move pèlen move pyès move espri  e sa ka repouse tout sa yo voye kont nou ak fanmi nou nan kay la.  Premye bagay wap fè limen yon balèn ak yon chandèl jeté dlo mande asistans sak la pou protèje nou yo.  Dezyèman fouye yn trou devan pòt ou devan baryè nou konsa andan kay nou tou ki ka mezire 5 pous nou.  3 zyèman wap pran sitron an oubyen yn zoranj si  an wap foure 101 gren jiròf ladan.  Wap foure 7 ou 9 gren alimèt  tèt rouj ladan plis 9 ou 7 grèn zegwi ladan zoranj la oubyen sitron an                       Tande byen  Zoranj la plis pisan pou travay sa Pou koze 7 ou 9 la  Moun kap fè riptyèl la Siw se fanm wap pran chif 7 la siw gason wap pran 9  Nap bezwen 1 roulo fil rouj ak nwa pou nou plotonnen rezon an lè nou fin chaje li.  Nan tou nou fouye a, Nap vide yn ti mamit sèl nan trou a épi ...

Gwoup esklav ki te nan koloni an

 Jodi a m pral fè yon ti pale nou de kèk gwoup esklav ki te nan koloni an oubyen gwoup  M ap kòmanse  Premye gwoup esklav nou pral wè se "BAMBARA". Gwoup esklav sa yo te sòti Sénégal, se yon gwoup esklav ou te jwenn Latibonit, nan nip. Yo te renmen travay anpil, yo te vrèman saj, si se pou gwoup esklav sa yo jiskaprezan nou t ap nan lesklavaj toujou, yo te dosil anpil, tout sa mèt yo te di yo yo obeyi, malgre non BAMBARA te vle di rebèl, men se te le kontrè pou gwoup esklav sa yo.  Dezyèm gwoup esklav nou pral wè se " MANDINGUE"  Gwoup esklav sa yo te sòti Guinée, te gen kèk nan yo ki te sòti Sénégal tou. Gwoup esklav sa yo te kwè nan ti Islam yo anpil anpil, si w bezwen fè yo manje pale yo de travay latè, wa parese pa w, ou te plis jwenn yo nan sid sou abitasyon labòd, kanluiz, Mayisad, pò mago, mòn wouj, piyon. Se yon menm ki te vin ak pratik antere moun nan nat la, yo pa t konn antere moun nan sèkèy.  Selon Gérard Barthélémy di: Boukman, makandal ak Manm...

Yege

 Yeke  Yeke se mo ki vle di ansanm Lwa yo. Gen yon lòt mo ou ka anplwaye pou li se Milokan. Milokan vle di tou kolektif. Anpil fwa se Yege moun yo di.  Mo a gen anpil enpòtans paske li rasanble ansanm Lwa nan panteyon yo. E nan seremoni "resevwa je" ak "plase Lwa" a ak tout gran rityèl ki gade koze jeneral ou bije trase vèvè a e chante chan yo tou.  Pouvwa ak "je" a se nan  men Lwa yo li ye. Youn konplete lòt.  Kidonk fòk ou rele tout avan ou plase Lwa ki eskòte lwa mèt tèt moun nan. Moun ki fenk "resevwa je" rele hounyò ou ki fenk inisye tou. Men chan an. O Yege, o Yege Pale pitit yo, pale pitit yo Nan Ginen ou prale mache, temerè,  O, yege, papa Wi nan Ginen manman, ou prale mache O Yege, o Yege sa  Men yon lòt  Yege o Danwomen   Yege mamoulade  Mwen pral wè Sofi Badè Mwen pral wè Sidèdèl  Vèvè nou wè a se yon modèl. Lò n ap trase l nou ka mete lwa nan bitasyon moun elatriye. Se espas la k ap deside kantite vèvè Lwa w ap...

Klèmezin

 Kiyes Clermeil te ye ?Africain ?Tainos ? Pukisa loa sa rele Clermesine-Clermeil ?  Wi clermeil son tainos li te ye alepòk européen yo te anvayi Haïti pu tuye tainos yo Yo te vle tuye clermeil tu Clermeil te kouri al kache nan yon grotte pou k viv Ebyn français yo voye gro chen allemand uo suiv tras clermeil ebyn chen te wè kote clermeil kache lè clermeil wè sa li tonbe kouri. Li telmn ap kouri li rive yon kote sou yon tèt mòn ki gon falèz lèl gde li wè son lanmè ki Anba a  Menl sonje lèl te piti manmanl te bal twa mo de pouvoir pou réciter lèl an danje li gde nan koul li wè on ti chèn manmanl te bal li manyenl epi l di mo yo  Se knsa li lage kòl nan lanmè a sa pa vle di li tou mouri non li traverse ak tout corps l sa vle di li tou al Anba dlo avec corps physique li antité Anba dlo yo gradel mistikman  Epi li rankontre ak avec yon loa africaine ki rele Clermesine yo marye ansnm  Esak fh nan vodou Haïti yo tou rele loa sa Clermesine-Clermeil  Ou jwen cl...

Djòk

 Depi yon moun djoke , chans Ou desann . Djok c yon bagay , ti Bebe ak granmoun pran fasil . Kijan Nou ka pran diok? Gen manman / papa Ou lot moun nan lakou a ka djoke yon ti moun par amour .  Ninpot moun ka ap di ti moun nan bél yo valé saliv yo , saw tande a ti moun Sa djoke .  Konsa tou gen djok move zé .  2) yo ka Finn fé tretman djok ak yon kok Pou yon moun , yo lagel nan kafou , kok Sa touche avew  Ou tou pran maladia. 2) zorey Ou ka ap gratew Ou rache yon plim nan yon kok Ou pase nan zorey Ou , kok Sa te trete  yon djok , Ou tou djoke. 3) Ou gendwa kouche ak yon moun .fi / gason Sa c yon moun Ki konn kouche ak yon moun Ki  djoke , Ou pran djok.  Nou gendwa kouche ak yon masisi Sal/ yon madivinn Sal san Nou pa konnen , Nou djoke.  Gason Ki renmen soti ak 2 fanm , si gen youn Ki djoke Ou bannan . mesie yo Ki renmen fé train yo , si youn nan Nou djoke res yo bannan . Mesie mariew/ Madan mariew ka taye ak yon moun Ki djoke, menm jou a Nou ...

Jou vandredi

  Senmenn nan gen 7 jou  An nou konprann kèk bagay sou jou sa                               Jou vandredi sa  Bon jou move jou se yn jou ki trè pwisan pou fè byen ou mal . Jou sa li konekte ak Youn nan 9  planèt yo Jou vandredi konekte avèk planèt Venis la          Planèt Venis la rapòte nou  Anpil proteksyon ak pouvwa Anpil prospérité sou koze ekonomik nou Sa yn bon anpil se sa nap chèche Nou pove yn ti agiman ki ran jou sa positif  Si gen jou ki konekte ak planèt yo ebyen espri nou manifeste chak jou paske yo pa janm chomé.                         Nou tou devwa konnen sa .  Koze 4 gran fòs kosmik yo souple  Van -dlo-dife-tè  Jou sa se jou van sa kapab soufle sou nou ak anpil enègi nan pouvwa papa loko ki se mèt van .  Jou vandredi sa toujou kapab bon pou nou ak eleman d...

Bazilik sakre

 Bazilik Sakre: Plant puisan, Epis Sante  Se la san rezon yo gen yo varyete bazilik yo rele: bazilik sakre, anglè a se Holy basil, panyòl Santa Albahaca, yo konn rele l tou Tulsi oswa ou ka itilize non syantifik la Ocimum sanctum. Gras ak non syantifik la ou ka Google l pou jwenn non l gen nan peyi w ye a.  - Sonje nou di aba maggi | Zewo Maggi. Jete tout nèt epi w ap wè jan sante w koumanse djanm.  Lè w itilize epis natirèl sa, bazilik, li ede sante w an jeneral. Se pa sèl beny chans ak beny lave kay pou n fè ak bazilik. Se vre se youn nan pi gwo plant nan repouse move zè, move enèji ak lespri, ak vye fre oubyen move wonga. W ap jwenn plizyè mak ki vann bazilik, chwazi mak ki bon yo sitou sa ki òganik yo. Gade kis engredyan an pou wè si yo pa ajoute pwodui chimik ladan l. Se sèlman bazilik ki pou do a nan lis la, si l pa yon epis melanje. Ou ka achte plant sa frèch tou, Lè sa l pi bon toujou. Li fasil pou w plante bazilik ak jwenn li nan makèt sitou nan peyi devlope...

Entwisyon

 Entwisyon an se kapasite nou genyen pou nou konprann yon bagay san nou pa bezwen reflechi , ni lojik , ni rezonman pou sa , sa nou tande , oswa santi an jis pral rive . Li se yon fòm de konesans ki direk epi ki imedyat, ki pa bezwen analiz oswa rezonman. Entwisyon an souvan asosye ak “ lespri ” oswa “konsyans ” le yon bagay pral rive , nou ka santi l alavans san nou pa ka eksplike kijan nou fe konnen li.  li se eneji ou santi kap vibre otou de ou an , li se ti vwa ou souvan tande kap di w non , oui , agoch , adwat , nan mitan , pa fe tel wout , fe tel wout pito . li se lide w . se yon kapasite ke nou tout ki vivan posede , pafwa lwa yo konn itilize kapasite sa nan nou , pou yo kominike avek nou, swa pou pwoteje nou , swa pou anseye nou , gide nou .  ou vle metrize entwisyon w pi byen ?