Toussaint Louverture

 TOUSEN LOUVÈTI

(Estati Alada/peyi Benen) 


Pou mwen TOUSEN se yon PYE BENZOLIV.

chak fwa m wè yon pye Benzoliv, tousuit mwen wè LOUVÈTI douvan m. Leson, sekrè ki gen nan yon pye Benzoliv se yon bagay inimajinab... 


Sa k sèten nan vrè NON TOUSEN nan lang FON kote ZANTRAY li makonnen,  li soti nan FANMI KOKPON.

Ebyen te genyen yon WA nan WAYOM TADO peyi Benen apre pwoblèm li te rankontre ak frè li pou siksesyon tèt WAYOM nan, li te blije kite li, l al bati katye jeneral li, nan Vil aktyèl ki rele ALADA a, se la li te rekòmanse renye, e li te tou pwofite RENONMEN TÈT LI ak NON ADOHOUÉ ADJAHOUNTO. Li te genyen 3 tchovi, apre li te fin janbe youn te kontinye renye ALADA,  youn t al fòme WAYOM HOGBONOU, lòt la t al AGBOMEY selon tradisyon Oral saj yo. 


Papa TOUSEN se nan linye Wa KOKPON li soti, li se te yon PRENS ALADA, li te rele GAHOU KOKPON DEGUÉNON. li te bay nesans ak TOUSEN E BREDA. 


Youn nan rezon san mank, ki fè n kapab byen remonte orijin BENZOLIV la, se SÈZYÈM WA ALADA a, ki pa lòt ke KPODÉGBÉ, ki te etale tout listwa Wayom Alada, Wa sila a, se vrè GRIYO OTANTIK nanchon ALADA a. 


TOUSEN se KONPLEMAN DESALIN.

Pèsonn pa dwe eseye divize yo.

Yo chak jwe Wòl yo pou nou moun jodi a... 


Nou se yon pèp fyè, gran, si nou rebwase RASIN nou n ap PUISAN jan n te destine pou nou ye a. 


Tout pèp ki nan tray enspire de nou, sèlman nou ki pa enspire de nou. 


Yon pèp ki pa li menm, ki pa itilize konesans fondman li, ap tuju nan esklavaj mantal

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel