Vodou
VODOUN
Esans mo e tèm Vodoun.
Lakay nou nan KAMITA (Afrik) dantan, okenn mo pa inosan, chak mo genyen yon esans patikilye e degaje yon enèji patikilye...
Ilistrasyon ak imaj estati "GOU", peyi BENEN, pèp FON.
OGOUN pou pèp YOROUBA nan peyi NIJERYA.
OGOU pou pèp AYISYEN.
Fòk nou raple estati n ap gade nan imaj la te reyalize nan peyi BENEN aktyèl, espesyalman nan yon zòn ki rele DOUME ki se aktyèl AWONDISMAN vil SAVALOU. yon estati ki te konstwi totalman an fè pou te reprezante senbolikman ("enèji kreyatè) dife, fè, fòjwon ak zouti lagè. Men malerezman kolon fransè yo te vòlè li nan kad ekspedisyon yo nan peyi BENEN. Yon estati an fè ki bati menm wotè ak yon moun ki gen yon gran wotè.
Mo VODOUN nan okazyone anpil deba, anpil echanj pou twouve vrè definisyon l.
Mwen menm pèsonèlman mwen rekòmande nou pale pito de vrè esans li.
Se poutèt sa, mwen deside etale sou tab nou tout engredyan ki konstwi "konsèp Vodoun nan"
Anpil moun pa janm eseye fè diferans ant jan yo "kalifye" yon mo ak vrè "esans" mo an.
Kalifye vle di bay yon bagay yon kalite, men esans yon bagay se fondman menm bagay la an deyò de tout lòt konsiderasyon.
Si m t ap kalifye vodoun, mwen t ap kalifye l ak mo "mistè".
Koulye a, an n rantre nan esans mo an.
VO-DOUN
se makonnman 2 "ze" mo ki kouve nesans ak VODOUN.
VO ki vle di "mete w alèz, evite prejije.
DOUN ki vle di "ale chache, bouske elatriye..."
Lè 2 mo sa yo marande ansanm li vin bay nesans ak : " ale bouske amoni, byennèt, bouske nan envizib tout sa moun bezwen pou l liminen ou briye nan vizib."
Nou ka kalifye OGOU kòm yon mistè, paske yon mistè ensezisab nan plen potansyèl li, ti sa w rive apreyande de yon mistè tankou yon ti grenn sab nan lanmè.
An gwo nan yon mo VODOUN se sinonim ESPIRITYALITE.
Eske gen sakrifis ak manje moun nan Vodou?
Nou pa fè sakrifis.
Lè nou ap fè fèt nou touye bèt ak plant pou nou bay tout moun manje.
• Avan nou menm nou manje nou retire
pa Lwa yo pou yo paske yo menm tou yo
manje. Sa yo manje nan manje a ou pa
wè li e yo pa deranje lè yo pran ladan l.
• Gen Lwa ki pa manje tout bagay, lè sa
ou dwe prepare manje a pa pou li jan li
renmen li an.
Nou pa manje moun non plis.
Menm lè te gen kèk tribi afriken ki te konn manje moun, bagay sa sispann lè yo rive Sendomeng. Sitou aprè seremoni Bwa kay Iman kote nou te mete baz Vodou nou gen la Jodi a, ki mete lavi devan.
Pouki yo di Vodou touye anpil moun?
Kòm Vodou se yon bagay anpil moun pa konprann e anpil moun pè aprann, yo lage anpil koze sou do li.
lapolis sispann fè ankèt depi li sispèk gen Vodou. Kifè depi yo bezwen la jistis bay vag, yo di se Vodou.
• Lè yo touye moun.
• Lè yo vole afè moun.
• Jou lapolis mete yon brigad « inisye
Vodou» andan li, bagay sa ap sispann.
Konsa tou, moun ki pa vle travay, ak moun ki fè erè nan lavi yo, chèche eskiz nan Vodou pou eksplike echèk yo. (Lwa toujou ap peze yo)
Genyen tou ki pran pòz se Lwa ki fè yo fè bagay dwòl, pran pòz yo ap sèvi Lwa pou yo fè mès yo.
Men tou lè ou se yon moun ki ap bay pwoblèm anpeche lavi mache, yo ka pote plent pou ou. Lè sa lavi ka chwazi kite w.
Èzili.
Depi w pale de Èzili ou fè referans ak èzili ou fè alizyon ak fanm. Men chak grenn espri ki nan eskòt sa yo gen yon misyon ki diferan. Genyen ki gen epe genyen ki gen baton genyen tou ki gen ponya.
▪︎Dantò se ak ponya li defann tout timoun tout gason ki pa vle respekte madanm yo dantò la pou metrize l.
▪︎Freda li menm li la pou lanmou. Men lè relasyon l menase se epe l li pran pou l vanje.
▪︎Grann èzili a li menm li la pou pwoteje tout pitit pou li defann ou se ak baton.
Se 3 etap sa yo ki gen nan eskòt èzili a.
Lè fanm lan jèn li sou dimansyon freda
Kou li Mati li gen responsablite li sou dimansyon dantò.
Grann lan li menm se lè fanm lan kite 2 premye etap yo.
Dantò pran gason ki kapab itil li.
Freda pran nèg pou chèf pou lajan ak konesans
Grann èzili li menm li la pou l di w kòman l te ye lè l te nan dimansyon freda, dantò pou li rive kote li ye a.Lwa yo nan Vodou Ayisyen an.
Kilès lwa yo ye ak kote yo soti nan vodou Ayisyen an?
Nan vodou Ayisyen, lwa yo (ke moun pafwa rele "mistè" ou "zanj") se lespri diven ki sèvi kòm medyatè ant moun ak Bondye Siprèm nan, ke yo rele Bondye oswa Gran Mèt la. Yo se fòs natirèl, prensip, ak zansèt divinize ki gen yon enpak dirèk sou lavi chak jou.
☆Orijin ak Tip Lwa yo.
Orijin lwa yo se yon melanj de kilti ak istwa pèp Ayisyen an, ki soti nan plizyè sous diferan:
▪︎Rasin Afriken yo.
Majorite lwa yo soti nan tradisyon relijye nan Afrik Lwès, espesyalman pami pèp Fon (ki soti nan sa ki rele kounye a Benen) ak pèp Yoruba (ki soti nan Nijerya).
Sa gen ladan lwa tankou Papa Legba, ki soti nan divinite Eshu-Elegba nan Yoruba, ak lwa tankou Damballah Wedo, ki soti nan divinite Dan nan Fon.
Lespri sa yo te travèse Atlantik la avèk esklav yo, epi yo te evolye nan yon nouvo fòm nan Ayiti.
▪︎Enfliyans Endyen Tayino yo.
Pandan koloni an, Ayisyen yo te rankontre lespri endijèn Tayino yo, ki te premye moun ki rete sou zile a. Gen kèk pratik ak kwayans vodou ki gen tras enfliyans Tayino, byenke sa pa osi pwononse ke enfliyans Afriken an.
☆Sintèz ak Katolisis.
Pou kache pratik vodou yo anba je mèt esklav yo, ki te pèsikte yo, esklav yo te kòmanse idantifye lwa yo ak sen katolik. Pa egzanp, Ogou Feray (yon lwa vanyan gason) vin idantifye ak Sen Jak Majeur, ak Ezili Dantò vin idantifye ak Manman Mari nan mòn Kármèl. Sa te kreye yon sistèm kote vodou ak katolik melanje, sa yo rele senkretism, ki trè prezan nan vodou Ayisyen jodi a.
Lwa yo divize an fanmi, chak fanmi gen pwòp karakteristik, rit, ak koulè pa yo:
☆Fanmi Rada
Sa a se fanmi ki pi ansyen an, ki soti dirèkteman nan tradisyon Afriken yo. Lwa Rada yo asosye ak lespri ki gen kè poze, byenfè, ak nativite. Yo respekte tradisyon ak lòd. Kèk lwa nan fanmi sa a se Papa Legba, Loko Atisou, Ayizan, ak Damballah Wedo.
☆Fanmi Petro
Fanmi Petro a se yon gwoup lwa ki te fòme nan Ayiti menm, pandan epòk esklavaj la. Yo asosye ak revolisyon, rezistans, ak lafòs.
Lwa Petro yo gen yon enèji ki pi rapid, pi pwisan, epi pafwa pi danjere. Yo sèvi avèk yo pou jwenn jistis ak pouvwa. Ezili Dantò, Ti Jan Petro, fè pati fanmi sa a.
☆Fanmi Ibo
Lwa Ibo yo reprezante lespri pèp Ibo ki soti Nijerya, ki te esklav nan Ayiti. Yo gen yon enèji ki pi vivan epi yo ka aji ak yon lespri lib.
☆Fanmi Kongo ak Nago
Fanmi sa yo se yon pati nan divizyon lwa yo, ki soti nan divès gwoup etnik Afriken. Lwa Kongo yo se yon pati enpòtan nan vodou Ayisyen an, e lwa Nago yo asosye ak pèp Yoruba a e souvan gen rapò ak pouvwa ak fòs.
Comentarios
Publicar un comentario