Resèt pou moun ki pèsekite
Ou menm ki pèsekite anpil
Fanmi zanmi tout sosyete kote wap viv la lève kont ou
Ou pa konn Saw fè wap peye Moun ki te pi bon zanmi nou vin transfòme kom pi gwo elmi pou nou .
Kote wap travay la tout sak fèt ki pa bon se nou lavi nou se tankou Chen ak chat ok .
Tounen ak lespri laaaaaa
Map di nou byen sonje lè manman nou te pouse nou sou tè sa tout Moun te wè ke nou se yn ti zanj telman nou te bèl .
Bouda nou pat janm drive atè malgré fòk nou ta atè dekwa pou nou chita oubyen rale kounye pou tout Moun wè nou lèd tout Moun pa vle wè nou .
Tout Moun dwe konnen sa avan
Silvouplè fason trouve nou la se yn mal ke yo fè nou mal sa ka rive sou nou ak plisyè move travay
Yn bèl Ekzanp
Si yo limen yo move lanp dèyè nou sa ka rann lavi nou fason sa.
N. B
Avan nou fè regleman sa nou dwe fè vireron nou dabò dekwa pou nou ka etèn move lanp sa ke yo te limen dèyè nou an oubyen si se yn lòt travay yo te fè kont nou fòk nou kraze travay sa.
Fè regleman sa konsa nan periòd nouvèl lin sa
Konpoze tout sa yo ansanm
Yn pafen ke nou renmen men fòk li nèf
21 fèy bazilik sèch
21 klou jiròf
3 ou 7 priz tè nan yn kalfou oubyen sou yn Plas piblik konsa tou nan yn gran mache piblik
Yn ti poud fleri san rete
Yn ti poud chans
Mélange tout bagay sa yo ansanm nan yn maten pandan solèy la ap lève
Prezantel fas solèy la épi nan nan lòt fasad yo.
Reklame dabò fas solèy la se pou tout Moun we nou bon e bèl tout moun dwe wè nou kòm yn pyès enpòtan pou tout Moun .
Fe sa fas solèy la épi prezante li 4 fasad
Kounye a nan asyè 7 è konsa
Wap fè menm koze a fas a laline e zetwal yo ki nan anwò a
Se fini
Mete regleman yn kote pou pèson lòt Moun pa touche li épi tou apre 7 jou komanse itilize li kom pafen lèw pral nan preokipasyon nou
Comentarios
Publicar un comentario